< Jòb 34 >
1 Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
以利户又说:
2 “Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou. Koute mwen, nou menm ki gen konesans.
你们智慧人要听我的话; 有知识的人要留心听我说。
3 Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo, jan bouch la goute manje a.
因为耳朵试验话语, 好像上膛尝食物。
4 Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat; kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.
我们当选择何为是, 彼此知道何为善。
5 Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men Bondye te rache dwa mwen an;
约伯曾说:我是公义, 神夺去我的理;
6 èske mwen ta dwe manti selon dwa m? Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’
我虽有理,还算为说谎言的; 我虽无过,受的伤还不能医治。
7 Se kilès ki tankou Job, k ap bwè giyonnen moun tankou se dlo,
谁像约伯, 喝讥诮如同喝水呢?
8 ki ale kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo, e mache avèk moun malveyan yo?
他与作孽的结伴, 和恶人同行。
9 Paske li te di: ‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun lè l pran plezi li nan Bondye.’
他说:人以 神为乐, 总是无益。
10 “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann. Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste, e pou Toupwisan an fè mal.
所以,你们明理的人要听我的话。 神断不致行恶; 全能者断不致作孽。
11 Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo, e fè li jwenn selon chemen li.
他必按人所做的报应人, 使各人照所行的得报。
12 Anverite, Bondye p ap aji avèk mechanste, ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.
神必不作恶; 全能者也不偏离公平。
13 Se kilès ki te bay Li otorite sou latè? Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?
谁派他治理地, 安定全世界呢?
14 Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ranmase tout a Li menm pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,
他若专心为己, 将灵和气收归自己,
15 Tout chè ta peri ansanm, e lòm ta retounen nan pousyè.
凡有血气的就必一同死亡; 世人必仍归尘土。
16 “Men si gen moun bon konprann, koute sa a; koute vwa pawòl mwen yo.
你若明理,就当听我的话, 留心听我言语的声音。
17 Èske menm yon moun ki rayi jistis ta dwe renye? Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,
难道恨恶公平的可以掌权吗? 那有公义的、有大能的,岂可定他有罪吗?
18 ka p di a yon wa: ‘Sanzave’, a prens yo: ‘Nou mechan’;
他对君王说:你是鄙陋的; 对贵臣说:你是邪恶的。
19 Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
他待王子不徇情面, 也不看重富足的过于贫穷的, 因为都是他手所造。
20 Nan yon moman, yo mouri; epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone. Pwisan yo disparèt. Yo retire san yon men leve.
在转眼之间,半夜之中, 他们就死亡。 百姓被震动而去世; 有权力的被夺去非借人手。
21 “Paske zye Li sou chemen a yon nonm. Li wè tout pa li fè.
神注目观看人的道路, 看明人的脚步。
22 Nanpwen fènwa, ni lonbraj fonse kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.
没有黑暗、阴翳能给作孽的藏身。
23 Paske Li pa bezwen obsève yon nonm anpil pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.
神审判人,不必使人到他面前再三鉴察。
24 Li kraze moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann, e mete lòt moun nan plas yo.
他用难测之法打破有能力的人, 设立别人代替他们。
25 Se konsa, Li konnen zèv yo. Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.
他原知道他们的行为, 使他们在夜间倾倒灭亡。
26 Li frape yo tankou mechan nan yon kote pou tout moun wè,
他在众人眼前击打他们, 如同击打恶人一样。
27 Akoz yo vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;
因为他们偏行不跟从他, 也不留心他的道,
28 akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li. Li te tande kri a aflije yo.
甚至使贫穷人的哀声达到他那里; 他也听了困苦人的哀声。
29 Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L? Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L? Li pli wo ke nasyon, ni lòm,
他使人安静,谁能扰乱呢? 他掩面,谁能见他呢? 无论待一国或一人都是如此—
30 pou anpeche moun ki san Bondye yo vin reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.
使不虔敬的人不得作王, 免得有人牢笼百姓。
31 “Paske èske nenpòt kon di Bondye, ‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;
有谁对 神说: 我受了责罚,不再犯罪;
32 enstwi mwen sa ke m pa wè. Si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?
我所看不明的,求你指教我; 我若作了孽,必不再作?
33 Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li? Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen. Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
他施行报应, 岂要随你的心愿、叫你推辞不受吗? 选定的是你,不是我。 你所知道的只管说吧!
34 Moun ak bon konprann va di mwen, oswa yon nonm saj ki tande m va di:
明理的人和听我话的智慧人必对我说:
35 ‘Job pale san konesans; pawòl li yo san sajès.
约伯说话没有知识, 言语中毫无智慧。
36 Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job, jis rive nan tout limit li, akoz li reponn tankou moun mechan yo.
愿约伯被试验到底, 因他回答像恶人一样。
37 Paske li ogmante rebelyon sou tout lòt peche l yo. Li bat men li pami nou, e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”
他在罪上又加悖逆; 在我们中间拍手, 用许多言语轻慢 神。