< Jòb 33 >

1 “Malgre sa, koulye a, Job, souple tande mesaj mwen an e koute tout pawòl mwen yo.
约伯啊,请听我的话, 留心听我一切的言语。
2 Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen. Se lang nan bouch mwen ki pale.
我现在开口, 用舌发言。
3 Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen, e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.
我的言语要发明心中所存的正直; 我所知道的,我嘴唇要诚实地说出。
4 Se Lespri Bondye ki te fè m, e souf Toupwisan an ki ban m lavi.
神的灵造我; 全能者的气使我得生。
5 Di m se pa sa, si ou kapab. Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.
你若回答我, 就站起来,在我面前陈明。
6 Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou. Mwen menm tou te fèt ak ajil la.
我在 神面前与你一样, 也是用土造成。
7 Gade byen, se pa okenn krent mwen gen, ki ta bay ou laperèz, ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an, ke ou ta twouve chaj la lou.
我不用威严惊吓你, 也不用势力重压你。
8 “Anverite, ou te pale kote pou m ta tande, e mwen te tande son a pawòl ou yo.
你所说的,我听见了, 也听见你的言语,说:
9 Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.
我是清洁无过的,我是无辜的; 在我里面也没有罪孽。
10 Gade byen, Li envante pretèks kont mwen; Li kontwole m tankou lènmi.
神找机会攻击我, 以我为仇敌,
11 Li mete pye mwen nan sèp; Li veye tout chemen mwen yo.’
把我的脚上了木狗, 窥察我一切的道路。
12 “Gade byen Job, kite mwen di ou, ou pa gen rezon nan sa, paske Bondye pi gran ke lòm.
我要回答你说:你这话无理, 因 神比世人更大。
13 Poukisa ou plenyen kont Li ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?
你为何与他争论呢? 因他的事都不对人解说?
14 Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa, men pèsòn pa okipe sa.
神说一次、两次, 世人却不理会。
15 Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit la, lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm, pandan yo nan somèy sou kabann yo,
人躺在床上沉睡的时候, 神就用梦和夜间的异象,
16 konsa, Li ouvri zòrèy a lòm e mete so sou enstriksyon yo,
开通他们的耳朵, 将当受的教训印在他们心上,
17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li e anpeche li fè ògèy.
好叫人不从自己的谋算, 不行骄傲的事,
18 Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.
拦阻人不陷于坑里, 不死在刀下。
19 “Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li; avèk plent san rete jis rive nan zo li;
人在床上被惩治, 骨头中不住地疼痛,
20 jiskaske lavi li vin rayi pen, e nanm li, manje ke li te pi renmen an.
以致他的口厌弃食物, 心厌恶美味。
21 Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.
他的肉消瘦,不得再见; 先前不见的骨头都凸出来。
22 Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a e lavi li pwoche sila kap detwi yo.
他的灵魂临近深坑; 他的生命近于灭命的。
23 “Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li, se tankou youn nan yon milye, ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,
一千天使中, 若有一个作传话的与 神同在, 指示人所当行的事,
24 konsa, Bondye fè l gras. Li di l: ‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a, Mwen te twouve yon racha.’
神就给他开恩, 说:救赎他免得下坑; 我已经得了赎价。
25 Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li. Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.
他的肉要比孩童的肉更嫩; 他就返老还童。
26 Konsa, li va priye a Bondye, e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plèn ak jwa. Se konsa, Li restore ladwati a lòm.
他祷告 神, 神就喜悦他, 使他欢呼朝见 神的面; 神又看他为义。
27 Li va chante devan lèzòm. Li va di: “Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat, e li pa t bon pou mwen.
他在人前歌唱说: 我犯了罪,颠倒是非, 这竟与我无益。
28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a, e lavi m va wè limyè a.’
神救赎我的灵魂免入深坑; 我的生命也必见光。
29 “Gade byen, Bondye konn fè tout bagay sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,
神两次、三次向人行这一切的事,
30 pou mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a, pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
为要从深坑救回人的灵魂, 使他被光照耀,与活人一样。
31 Prete atansyon, O Job, koute m byen; rete an silans e kite mwen pale.
约伯啊,你当侧耳听我的话, 不要作声,等我讲说。
32 Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen; pale, paske mwen vle ba ou rezon.
你若有话说,就可以回答我; 你只管说,因我愿以你为是。
33 Men si non, koute mwen; rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”
若不然,你就听我说; 你不要作声,我便将智慧教训你。

< Jòb 33 >