< Jòb 32 >

1 Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li.
וישבתו שלשת האנשים האלה-- מענות את-איוב כי הוא צדיק בעיניו
2 Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye.
ויחר אף אליהוא בן-ברכאל הבוזי-- ממשפחת-רם באיוב חרה אפו-- על-צדקו נפשו מאלהים
3 Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men karema, yo te kondane Job.
ובשלשת רעיו חרה אפו על אשר לא-מצאו מענה-- וירשיעו את-איוב
4 Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li.
ואליהו--חכה את-איוב בדברים כי זקנים-המה ממנו לימים
5 Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.
וירא אליהוא--כי אין מענה בפי שלשת האנשים ויחר אפו
6 Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di: “Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou granmoun. Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.
ויען אליהוא בן ברכאל הבוזי-- ויאמר צעיר אני לימים ואתם ישישים על-כן זחלתי ואירא מחות דעי אתכם
7 Mwen te reflechi ke se laj ki te dwe pale, ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.
אמרתי ימים ידברו ורב שנים ידיעו חכמה
8 Men se yon lespri ki nan lòm, e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann.
אכן רוח-היא באנוש ונשמת שדי תבינם
9 Anpil ane pa vle di saj, ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat.
לא-רבים יחכמו וזקנים יבינו משפט
10 Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen; mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’
לכן אמרתי שמעה-לי אחוה דעי אף-אני
11 “Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo. Mwen te koute byen rezonman pa nou yo, pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di.
הן הוחלתי לדבריכם--אזין עד-תבונתיכם עד-תחקרון מלין
12 Menm mwen te swiv nou byen pre; anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job. Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.
ועדיכם אתבונן והנה אין לאיוב מוכיח--עונה אמריו מכם
13 Pran atansyon nou pa di: ‘Nou jwenn sajès. Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’
פן-תאמרו מצאנו חכמה אל ידפנו לא-איש
14 Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm, ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.
ולא-ערך אלי מלין ובאמריכם לא אשיבנו
15 “Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò. Yo pa gen mo ki pou di.
חתו לא-ענו עוד העתיקו מהם מלים
16 Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale? Akoz yo rete e pa reponn ankò?
והוחלתי כי-לא ידברו כי עמדו לא-ענו עוד
17 Mwen menm tou va reponn pou kont mwen, mwen osi va bay pozisyon pa m.
אענה אף-אני חלקי אחוה דעי אף-אני
18 Paske mwen chaje ak pawòl. Lespri m anndan mwen bourade m.
כי מלתי מלים הציקתני רוח בטני
19 Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire; tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.
הנה-בטני--כיין לא-יפתח כאבות חדשים יבקע
20 Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman; kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.
אדברה וירוח-לי אפתח שפתי ואענה
21 Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun, ni flate pèsòn.
אל-נא אשא פני-איש ואל-אדם לא אכנה
22 Paske mwen pa konn flate moun, sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”
כי לא ידעתי אכנה כמעט ישאני עשני

< Jòb 32 >