< Jòb 31 >

1 “Mwen te fè yon akò ak zye m; alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
I made a couenant with mine eyes: why then should I thinke on a mayde?
2 Paske se kisa ki pòsyon Bondye soti anwo a, ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?
For what portion should I haue of God from aboue? and what inheritance of the Almightie from on hie?
3 Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?
Is not destruction to the wicked and strange punishment to the workers of iniquitie?
4 Èske Li pa wè chemen mwen yo e kontwole tout pa mwen yo?
Doeth not he beholde my wayes and tell all my steps?
5 “Si mwen te mache nan sa ki fo, e pye m te kouri dèyè twonpe moun,
If I haue walked in vanitie, or if my foote hath made haste to deceite,
6 (kite Li peze mwen nan yon balans ki jis e kite Bondye konnen entegrite m).
Let God weigh me in the iust balance, and he shall know mine vprightnes.
7 Si pa m yo te vire kite chemen an, oswa kè m te swiv zye m, oswa si gen yon tach ki kole sou men m,
If my steppe hath turned out of the way, or mine heart hath walked after mine eye, or if any blot hath cleaued to mine handes,
8 kite mwen simen pou yon lòt ta manje, e kite tout sa m plante vin rache.
Let me sowe, and let another eate: yea, let my plantes be rooted out.
9 “Si kè m te sedwi pa yon fanm, oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,
If mine heart hath bene deceiued by a woman, or if I haue layde wayte at the doore of my neighbour,
10 kite madanm mwen graje pou yon lòt e kite lòt yo vin kouche sou li.
Let my wife grinde vnto another man, and let other men bow downe vpon her:
11 Paske sa ta yon krim sansyèl; anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.
For this is a wickednes, and iniquitie to bee condemned:
12 Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan Sejou Lanmò yo e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.
Yea, this is a fire that shall deuoure to destruction, and which shall roote out al mine increase,
13 Si mwen te refize demand esklav mwen an, gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,
If I did contemne the iudgement of my seruant, and of my mayde, when they did contend with me,
14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve? Konsa, lè L rele m pou jijman, ki repons mwen ta kab bay Li?
What then shall I do when God standeth vp? and when he shall visit me, what shall I answere?
15 Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou? Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
He that hath made me in the wombe, hath he not made him? hath not he alone facioned vs in the wombe?
16 Si mwen te anpeche malere yo nan dezi yo, oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,
If I restrained the poore of their desire, or haue caused the eyes of the widow to faile,
17 oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen san òfelen an pa jwen ladann,
Or haue eaten my morsels alone, and the fatherles hath not eaten thereof,
18 (Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),
(For from my youth hee hath growen vp with me as with a father, and from my mothers wombe I haue bene a guide vnto her)
19 si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad, oswa ke sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,
If I haue seene any perish for want of clothing, or any poore without couering,
20 si kè li pa t beni m, si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,
If his loynes haue not blessed me, because he was warmed with the fleece of my sheepe,
21 si mwen te leve men m kont òfelen an, akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,
If I haue lift vp mine hande against the fatherlesse, when I saw that I might helpe him in the gate,
22 alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li, e bra m kase soti nan zo li.
Let mine arme fal from my shoulder, and mine arme be broken from the bone.
23 Paske m pè anpil malè Bondye a. Li tèlman gran ak majeste, m pa ka fè anyen devan L.
For Gods punishment was fearefull vnto me, and I could not be deliuered from his highnes.
24 Si se nan lò mwen te mete espwa m, pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’
If I made gold mine hope, or haue sayd to the wedge of golde, Thou art my confidence,
25 Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran, e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
If I reioyced because my substance was great, or because mine hand had gotten much,
26 si mwen te gade solèy la lè l t ap brile, oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
If I did behold the sunne, when it shined, or the moone, walking in her brightnes,
27 epi kè m te vin sedwi an sekrè, e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
If mine heart did flatter me in secrete, or if my mouth did kisse mine hand,
28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman, paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.
(This also had bene an iniquitie to be condemned: for I had denied the God aboue)
29 Èske mwen te rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt? Oswa bat men m lè mal vin rive li?
If I reioyced at his destruction that hated me, or was mooued to ioye when euill came vpon him,
30 Non, mwen pa t kite bouch mwen peche, ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
Neither haue I suffred my mouth to sinne, by wishing a curse vnto his soule.
31 Èske mesye nan tant mwen yo pa t di: ‘Ou pa p twouve yon moun ki pa satisfè ak vyann pa li a?’
Did not the men of my Tabernacle say, Who shall giue vs of his flesh? we can not bee satisfied.
32 Etranje a pa t rete deyò; mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
The stranger did not lodge in the streete, but I opened my doores vnto him, that went by the way.
33 Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam? Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
If I haue hid my sinne, as Adam, concealing mine iniquitie in my bosome,
34 akoz mwen te krent gwo foul la? Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo, te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
Though I could haue made afraid a great multitude, yet the most contemptible of the families did feare me: so I kept silence, and went not out of the doore.
35 O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen! Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen! Mennen pwosè vèbal ke akizè a te ekri.
Oh that I had some to heare me! beholde my signe that the Almightie will witnesse for me: though mine aduersary should write a booke against me,
36 Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen; mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
Woulde not I take it vpon my shoulder, and binde it as a crowne vnto me?
37 Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran. Tankou yon prens mwen ta parèt devan L.
I will tell him the nomber of my goings, and goe vnto him as to a prince.
38 Si menm teren mwen an rele kont mwen, e tout tranch li yo kriye ansanm;
If my lande cry against me, or the furrowes thereof complayne together,
39 si mwen te manje fwi li san lajan, oswa te kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
If I haue eaten the fruites thereof without siluer: or if I haue grieued the soules of the masters thereof,
40 kite pikan yo grandi olye ble e zèb santi fò ranplase lòj la.” Pawòl yo a Job se fini.
Let thistles growe in steade of wheate, and cockle in the stead of Barley. The wordes of Iob are ended.

< Jòb 31 >