< Jòb 28 >

1 Anverite, gen yon min pou ajan e yon plas pou rafine lò.
银子有矿; 炼金有方。
2 Fè retire nan pousyè a e kwiv la fonn soti nan wòch la.
铁从地里挖出; 铜从石中熔化。
3 Lòm fè tenèb la pati, e rive jis nan dènye limit lan. Li chache twouve wòch kap kache a, ak nan pwofon fènwa.
人为黑暗定界限, 查究幽暗阴翳的石头,直到极处,
4 Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete, kote ki bliye nèt pa pye moun. Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
在无人居住之处刨开矿穴, 过路的人也想不到他们; 又与人远离,悬在空中摇来摇去。
5 Pou tè a, depi nan li, manje sòti, men anba, li boulvèse tankou dife.
至于地,能出粮食, 地内好像被火翻起来。
6 Wòch li se sous a pyè safi yo. Epi nan pousyè li, genyen lò.
地中的石头有蓝宝石, 并有金沙。
7 Chemen li pa rekonèt pa koukou, ni zye grigri pa janm wè l.
矿中的路鸷鸟不得知道; 鹰眼也未见过。
8 Bèt pi fewòs yo pa mache la, ni lyon pa pase sou li.
狂傲的野兽未曾行过; 猛烈的狮子也未曾经过。
9 Li mete men li sou wòch silèks la. Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
人伸手凿开坚石, 倾倒山根,
10 Li kreve kanal ki pase nan wòch yo, e zye li wè tout sa ki presye.
在磐石中凿出水道, 亲眼看见各样宝物。
11 Li bouche flèv yo pou dlo pa koule e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
他封闭水不得滴流, 使隐藏的物显露出来。
12 “Men se kibò yo twouve sajès? Epi kibò yo jwenn sajès la?
然而,智慧有何处可寻? 聪明之处在哪里呢?
13 Lòm pa konnen valè li, ni valè li pa kab twouve nan peyi moun vivan yo.
智慧的价值无人能知, 在活人之地也无处可寻。
14 Labim nan di: “Li pa nan mwen”. Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
深渊说:不在我内; 沧海说:不在我中。
15 Lò pi pa egal ak valè l, ni ajan pa kab peze kon pri li.
智慧非用黄金可得, 也不能平白银为它的价值。
16 Valè li pa kab konpare ak lò Ophir, oswa oniks presye, oswa safì.
俄斐金和贵重的红玛瑙, 并蓝宝石,不足与较量;
17 Ni lò ni vit pa egal avè l, ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
黄金和玻璃不足与比较; 精金的器皿不足与兑换。
18 Koray ak kristal, bliye sa nèt. Posede sajès se pi wo ke pèl.
珊瑚、水晶都不足论; 智慧的价值胜过珍珠。
19 Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l; ni li pa kab valorize an lò pi.
古实的红璧玺不足与比较; 精金也不足与较量。
20 E byen, se kibò sajès la sòti? Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
智慧从何处来呢? 聪明之处在哪里呢?
21 Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo e kache menm a zwazo syèl yo.
是向一切有生命的眼目隐藏, 向空中的飞鸟掩蔽。
22 Labim nan ak lanmò a pale: ‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’
灭没和死亡说: 我们风闻其名。
23 Bondye konprann chemen li e Li konnen plas li.
神明白智慧的道路, 晓得智慧的所在。
24 “Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè e wè tout bagay anba syèl yo.
因他鉴察直到地极, 遍观普天之下,
25 Lè L te bay pwa a van an e te divize dlo yo pa mezi,
要为风定轻重, 又度量诸水;
26 Lè L te etabli yon limit pou lapli e yon chemen pou kout eklè,
他为雨露定命令, 为雷电定道路。
27 Li te wè l e Li te deklare li. Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
那时他看见智慧,而且述说; 他坚定,并且查究。
28 Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
他对人说:敬畏主就是智慧; 远离恶便是聪明。

< Jòb 28 >