< Jòb 27 >
1 Alò, Job te kontinye diskou li. Li te di:
Job reprit sa parabole, et dit,
2 Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m, Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,
« Dieu est vivant, il m'a enlevé mon droit, le Tout-Puissant, qui a rendu mon âme amère
3 paske tan lavi toujou nan mwen. Souf Bondye la nan nen m.
(car la durée de ma vie est encore en moi, et l'esprit de Dieu est dans mes narines);
4 Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat, ni lang mwen pa p pale manti.
Mes lèvres ne diront pas l'iniquité, et ma langue ne profère pas de mensonges.
5 Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon. Jiskaske m mouri, mwen p ap lage entegrite m.
Loin de moi l'idée de vous justifier. Jusqu'à ma mort, je ne mettrai pas de côté mon intégrité.
6 Mwen kenbe fèm a ladwati mwen. Mwen p ap lage l menm. Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.
Je tiens fermement à ma justice, je ne la lâcherai pas. Mon cœur ne me reprochera rien tant que je vivrai.
7 “Kite lènmi m kapab tankou mechan a. Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.
« Que mon ennemi soit comme les méchants. Que celui qui se lève contre moi soit comme un injuste.
8 Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen lè l koupe retire nèt, lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
Car quelle est l'espérance de l'impie, quand il est exterminé? quand Dieu lui enlève la vie?
9 Èske Bondye va tande kri li lè malè rive li?
Dieu entendra-t-il son cri quand la détresse s'abattra sur lui?
10 Èske li va pran plezi nan Toupwisan an? Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
Il se complaira dans le Tout-Puissant, et invoquer Dieu à tout moment?
11 Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye. Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.
Je vous enseignerai la main de Dieu. Je ne cacherai pas ce qui est avec le Tout-Puissant.
12 Gade byen, nou tout gen tan wè sa. Ebyen, poukisa nou aji nan foli?
Voici, vous l'avez tous vu vous-mêmes; pourquoi donc es-tu devenu tout à fait vain?
13 “Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye, ak eritaj ke mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.
« C'est la part du méchant avec Dieu, l'héritage des oppresseurs, qu'ils reçoivent du Tout-Puissant.
14 Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe. Konsa, desandan li yo ap toujou manke pen.
Si ses enfants se multiplient, c'est pour l'épée. Sa progéniture ne se contentera pas de pain.
15 Sila ki swiv li yo va antere nan lamò e vèv li yo p ap kriye pou li.
Ceux qui restent de lui seront enterrés dans la mort. Ses veuves ne se lamenteront pas.
16 Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè e prepare vètman anpil tankou ajil,
Quand il amasse l'argent comme la poussière, et préparer les vêtements comme l'argile;
17 li kab prepare l, men se moun ladwati yo k ap mete li, se inosan yo k ap divize ajan an.
il peut la préparer, mais le juste la mettra, et les innocents partageront l'argent.
18 Li te bati kay li tankou papiyon, oswa tankou kay poto gadyen te fè.
Il bâtit sa maison comme la teigne, comme une cabine que le gardien fait.
19 Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò; li ouvri zye li, men li pa la.
Il se couche richement, mais il ne le fera plus. Il ouvre les yeux, et il ne l'est pas.
20 Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv. Yon move tan vole retire l pandan lannwit.
Des terreurs l'envahissent comme des eaux. Une tempête l'emporte dans la nuit.
21 Van lès la pote l ale e li pati. Li fè l vire tounen kite plas li.
Le vent d'est l'emporte, et il s'en va. Ça le fait sortir de sa place.
22 Paske l ap plonje sou li san epanye, pandan li eseye envite l chape nan men l.
Car il se jette sur lui, et ne l'épargne pas, alors qu'il s'enfuit loin de sa main.
23 Pèp la va bat men yo sou li. Yo va sifle sou li kon koulèv, pou li kite plas li a.”
Les hommesbattront des mains devant lui, et le sifflera de sa place.