< Jòb 26 >

1 Epi Job te reponn:
约伯回答说:
2 Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo! Kèl sekou ou te bay a bra ki te san fòs la!
无能的人蒙你何等的帮助! 膀臂无力的人蒙你何等的拯救!
3 Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la! Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
无智慧的人蒙你何等的指教! 你向他多显大知识!
4 Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm? Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?
你向谁发出言语来? 谁的灵从你而出?
5 Lespri mò yo tranble anba dlo yo avèk tout sila ki rete ladann yo.
在大水和水族以下的阴魂战兢。
6 Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye. Labim nan pa gen kouvèti. (Sheol h7585)
在 神面前,阴间显露; 灭亡也不得遮掩。 (Sheol h7585)
7 Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid. Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l.
神将北极铺在空中, 将大地悬在虚空;
8 Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo, e nwaj la pa pete anba fòs yo.
将水包在密云中, 云却不破裂;
9 Li fè kache figi gwo lalin nan e gaye nwaj Li sou li.
遮蔽他的宝座, 将云铺在其上;
10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo, ak pou limit tenèb la ak limyè a.
在水面的周围划出界限, 直到光明黑暗的交界。
11 Pilye syèl yo tanmen tranble, e yo etone lè L repwòche yo.
天的柱子因他的斥责震动惊奇。
12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a, e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.
他以能力搅动大海; 他借知识打伤拉哈伯,
13 Ak souf Li, li dekore syèl yo. Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
借他的灵使天有妆饰; 他的手刺杀快蛇。
14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
看哪,这不过是 神工作的些微; 我们所听于他的是何等细微的声音! 他大能的雷声谁能明透呢?

< Jòb 26 >