< Jòb 25 >

1 Alò, Bildad, Shouachyen an te reponn:
And Bildad the Shuhite answers and says:
2 Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila ki etabli lapè nan wotè Li yo.
“The rule and fear [are] with Him, Making peace in His high places.
3 Èske fòs kantite sòlda Li yo kab kontwole? Epi sou kilès ke limyè Li pa leve?
Is their [any] number to His troops? And on whom does His light not arise?
4 Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye? Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp?
And what? Is man righteous with God? And what? Is he pure—born of a woman?
5 Nan zye pa Li, menm lalin pa klè, ni zetwal yo pa pwòp,
Behold—to the moon, and it does not shine, And stars have not been pure in His eyes.
6 Konbyen, anmwens lòm, yon vè, ak fis la a lòm nan, vè a menm nan!
How much less man—a grub, And the son of man—a worm!”

< Jòb 25 >