< Jòb 24 >
1 “Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv? E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?
Почему не сокрыты от Вседержителя времена, и знающие Его не видят дней Его?
2 Kèk retire limit bòn yo. Yo sezi e devore bann mouton yo.
Межи передвигают, угоняют стада и пасут у себя.
3 Yo pouse fè ale bourik a òfelen yo, yo pran bèf a vèv la kon garanti.
У сирот уводят осла, у вдовы берут в залог вола;
4 Yo pouse endijan yo akote wout la. Malere peyi a oblije kache nèt.
бедных сталкивают с дороги, все уничиженные земли принуждены скрываться.
5 Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a, yo vin parèt pou chache manje. Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.
Вот они, как дикие ослы в пустыне, выходят на дело свое, вставая рано на добычу; степь дает хлеб для них и для детей их;
6 Yo rekòlte nan chan a lòt yo, e ranmase nan chan rezen a mechan yo.
жнут они на поле не своем и собирают виноград у нечестивца;
7 Yo pase lannwit lan toutouni san rad, e yo pa gen pwotèj kont fredi a.
нагие ночуют без покрова и без одеяния на стуже;
8 Yo mouye ak lapli mòn yo, e yo anbrase wòch yo akoz mank pwotèj yo.
мокнут от горных дождей и, не имея убежища, жмутся к скале;
9 Lòt yo sezi òfelen an soti nan tete a, e kont malere a, yo pran garanti.
отторгают от сосцов сироту и с нищего берут залог;
10 Se yo ki koz malere a ale toutouni san rad, kap pote pakèt akoz grangou.
заставляют ходить нагими, без одеяния, и голодных кормят колосьями;
11 Anndan miray moun sa yo, yo pwodwi lwil. Yo foule li nan preswa, men yo swaf.
между стенами выжимают масло оливковое, топчут в точилах и жаждут.
12 Depi nan vil la, moun yo plenyen fò, e nanm a sila ki blese yo pouse gwo plent, men Bondye pa prete atansyon de foli sa a.
В городе люди стонут, и душа убиваемых вопит, и Бог не воспрещает того.
13 “Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a. Yo pa vle konnen pa li, ni rete nan chemen li yo.
Есть из них враги света, не знают путей его и не ходят по стезям его.
14 Asasen an leve granmmaten. Li touye malere a ak endijan an. Nan lannwit, se yon vòlè li ye.
С рассветом встает убийца, умерщвляет бедного и нищего, а ночью бывает вором.
15 Zye adiltè a tann lannwit rive; li di: ‘Zye p ap janm wè m.’ Li kouvri figi li.
И око прелюбодея ждет сумерков, говоря: ничей глаз не увидит меня, - и закрывает лице.
16 Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo. Yo fèmen yo menm pandan jounen an. Yo pa konnen limyè.
В темноте подкапываются под дома, которые днем они заметили для себя; не знают света.
17 Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès, tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.
Ибо для них утро смертная тень, так как они знакомы с ужасами смертной тени.
18 “Se kim yo ye k ap monte sou dlo. Pòsyon pa yo modi sou latè. Yo pa tankou chan rezen yo.
Легок такой на поверхности воды, проклята часть его на земле, и не смотрит он на дорогу садов виноградных.
19 Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la. Menm jan tou, Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo. (Sheol )
Засуха и жара поглощают снежную воду: так преисподняя - грешников. (Sheol )
20 Vant manman an va bliye li. Vè va manje li byen dous, jiskaske moun pa sonje l ankò. Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.
Пусть забудет его утроба матери; пусть лакомится им червь; пусть не остается о нем память; как дерево, пусть сломится беззаконник,
21 Li fè tò a fanm esteril la. Li pa gen mizerikòd pou li.
который угнетает бездетную, не рождавшую, и вдове не делает добра.
22 Men Bondye konsève pwisan an pa lafòs Li. Li vin gwo, men lavi li pa asire.
Он и сильных увлекает своею силою; он встает и никто не уверен за жизнь свою.
23 Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l. Zye Li veye tout sa yo fè.
А Он дает ему все для безопасности, и он на то опирается, и очи Его видят пути их.
24 Yo leve wo pou yon ti tan, e yo ale. Konsa, yo vin rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale. Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.
Поднялись высоко, - и вот, нет их; падают и умирают, как и все, и, как верхушки колосьев, срезываются.
25 Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”
Если это не так, - кто обличит меня во лжи и в ничто обратит речь мою?