< Jòb 23 >

1 Alò, Job te reponn:
ויען איוב ויאמר
2 Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon. Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
גם-היום מרי שחי ידי כבדה על-אנחתי
3 O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li, pou m ta kab pwoche chèz Li a!
מי-יתן ידעתי ואמצאהו אבוא עד-תכונתו
4 Mwen ta prezante ka m nan devan L, e plen bouch mwen ak diskou yo.
אערכה לפניו משפט ופי אמלא תוכחות
5 Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo e apèsi sa Li ta di m.
אדעה מלים יענני ואבינה מה-יאמר לי
6 Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen? Non, anverite, Li ta koute mwen.
הברב-כח יריב עמדי לא אך-הוא ישם בי
7 La, moun ladwati yo ta rezone avè L; epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
שם--ישר נוכח עמו ואפלטה לנצח משפטי
8 Men gade, mwen fè avan, men Li pa la, e mwen fè bak, men mwen pa kab twouve Li.
הן קדם אהלך ואיננו ואחור ולא-אבין לו
9 Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li. Li vire adwat, mwen pa wè L.
שמאול בעשתו ולא-אחז יעטף ימין ולא אראה
10 Men Li konnen chemen ke m pran an. Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lo.
כי-ידע דרך עמדי בחנני כזהב אצא
11 Pye m te kenbe fèm a pa Li. Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
באשרו אחזה רגלי דרכו שמרתי ולא-אט
12 Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
מצות שפתיו ולא אמיש מחקי צפנתי אמרי-פיו
13 Men pa gen lòt tankou Li; se kilès ki kab kanpe kont Li? Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
והוא באחד ומי ישיבנו ונפשו אותה ויעש
14 Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an. Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
כי ישלים חקי וכהנה רבות עמו
15 Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li. Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
על-כן מפניו אבהל אתבונן ואפחד ממנו
16 Se Bondye ki fè kè m sote. Se Toupwisan an ki deranje m konsa.
ואל הרך לבי ושדי הבהילני
17 Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fenwà a, ni Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.
כי-לא נצמתי מפני-חשך ומפני כסה-אפל

< Jòb 23 >