< Jòb 22 >

1 Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
A odpovídaje Elifaz Temanský, řekl:
2 “Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye? Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
Zdaliž Bohu silnému co prospěšný býti může člověk, když sobě nejmoudřeji počíná?
3 Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou, oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
Zdaliž se kochá Všemohoucí v tom, že ty se ospravedlňuješ? Aneb má-liž zisk, když bys dokonalé ukázal býti cesty své?
4 Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye ke L ap repwoche ou? Ke l ap antre nan jijman kont ou?
Zdali, že by se tebe bál, tresce tě, mstě nad tebou?
5 Se pa ke mechanste ou gran e inikite ou yo san limit?
Zdali zlost tvá není mnohá? Anobrž není konce nepravostem tvým.
6 Paske ou te pran garanti a frè ou yo san koz e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
Nebo jsi brával základ od bratří svých bez příčiny, a roucha z nahých jsi svláčel.
7 A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwè e a grangou yo, ou te refize yo pen.
Vody ustalému jsi nepodal, a hladovitému zbraňovals chleba.
8 Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an, e se moun entèg ki viv ladann.
Ale muži boháči přál jsi země, tak aby ten, jehož osoba vzácná, v ní seděl.
9 Ou te voye vèv yo ale men vid e te kraze fòs a òfelen yo.
Vdovy pak pouštěl jsi prázdné, ačkoli ramena sirotků potřína byla.
10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou, e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
A protož obkličuji tě osídla, a děsí tě strach nenadálý,
11 oswa se fènwa pou ou pa kab wè ak anpil dlo ki kouvri ou.
Aneb tma, abys neviděl, anobrž rozvodnění přikrývá tě.
12 “Èske Bondye pa nan wotè syèl la? Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
Říkáš: Zdaž Bůh není na výsosti nebeské? Ano shlédni vrch hvězd, jak jsou vysoké.
13 Ou di: ‘Kisa Bondye konnen? Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
Protož pravíš: Jak by věděl Bůh silný? Skrze mrákotu-liž by soudil?
14 Nwaj yo se yon plas pou L kab kache, pou L pa kab wè. Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
Oblakové jsou skrýše jeho, tak že nevidí; nebo okršlek nebeský obchází.
15 Èske ou va kenbe ansyen chemen a, kote mesye mechan yo te mache,
Šetříš-liž stezky věku předešlého, kterouž kráčeli lidé marní?
16 ki te rachte avan lè yo, ki te lese fondasyon ki lave a retire nèt pa rivyè a?
Kteříž vypléněni jsou před časem, potok vylit jest na základ jejich.
17 Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’, Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
Kteříž říkali Bohu silnému: Odejdi od nás. Což by tedy jim učiniti měl Všemohoucí?
18 Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay; men konsèy a mechan yo lwen m.
On zajisté domy jejich naplnil dobrými věcmi, (ale rada bezbožných vzdálena jest ode mne).
19 Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan. Inosan yo moke yo.
Což vidouce spravedliví, veselí se, a nevinný posmívá se jim,
20 Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt. E dife a fin manje retay yo.’
Zvlášť když není vypléněno jmění naše, ostatky pak jejich sežral oheň.
21 “Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L; se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
Přivykejž medle s ním choditi, a pokojněji se míti, skrze to přijde tobě všecko dobré.
22 Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Li e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
Přijmi, prosím, z úst jeho zákon, a slož řeči jeho v srdci svém.
23 Si ou retounen bò kote Toupwisan an, ou va restore, si ou retire inikite a byen lwen tant ou.
Navrátíš-li se k Všemohoucímu, vzdělán budeš, a vzdálíš-li nepravost od stanů svých,
24 Mete riches ou nan pousyè a, lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
Tedy nakladeš na zemi zlata, a místo kamení potočního zlata z Ofir.
25 Alò, se Toupwisan an ki va riches ou, e pi bèl ajan pou ou.
Nebo bude Všemohoucí nejčistším zlatem tvým, a stříbrem i silou tvou.
26 Paske konsa ou va rejwi nan Toupwisan an, e leve figi ou vè Bondye.
A tehdáž v Všemohoucím kochati se budeš, a pozdvihna k Bohu tváři své,
27 Ou va priye a Li menm, e Li va tande ou. Ou va peye ve ou yo.
Pokorně modliti se budeš jemu, a vyslyší tě; pročež sliby své plniti budeš.
28 Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou; konsa limyè va briye sou wout ou.
Nebo cožkoli začneš, budeť se dařiti, anobrž na cestách tvých svítiti bude světlo.
29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans, e moun ki enb lan, Li va sove li.
Když jiní sníženi budou, tedy díš: Jáť jsem povýšen. Nebo toho, kdož jest očí ponížených, Bůh spasena učiní.
30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo, e delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”
Vysvobodí i toho, kterýž není bez viny, vysvobodí, pravím, čistotou rukou tvých.

< Jòb 22 >