< Jòb 20 >
1 Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:
拿玛人琐法回答说:
2 “Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons, menm akoz tout anndan m tèlman ajite.
我心中急躁, 所以我的思念叫我回答。
3 Mwen tande repwòch ki fè m wont. Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.
我已听见那羞辱我,责备我的话; 我的悟性叫我回答。
4 Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan tan ansyen an, depi lòm te mete sou latè,
你岂不知亘古以来, 自从人生在地,
5 Ke viktwa a mechan yo kout, e jwa a enkwayan an se pou yon moman?
恶人夸胜是暂时的, 不敬虔人的喜乐不过转眼之间吗?
6 Malgre wotè li ta rive nan syèl la, pou tèt li ta touche nwaj yo,
他的尊荣虽达到天上, 头虽顶到云中,
7 l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’
他终必灭亡,像自己的粪一样; 素来见他的人要说:他在哪里呢?
8 Li vole ale tankou yon rèv, e yo pa kab jwenn li. Menm tankou yon rèv lannwit, li fin chase ale.
他必飞去如梦,不再寻见, 速被赶去,如夜间的异象。
9 Zye ki te wè l la pa wè l ankò, e plas li a pa gade li ankò.
亲眼见过他的,必不再见他; 他的本处也再见不着他。
10 Fis li yo fè byen pou malere yo, e men yo remèt byen li yo.
他的儿女要求穷人的恩; 他的手要赔还不义之财。
11 Zo li yo plen ak fòs jenès li, men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.
他的骨头虽然有青年之力, 却要和他一同躺卧在尘土中。
12 “Sepandan, mechanste dous nan bouch li e li kache li anba lang li,
他口内虽以恶为甘甜, 藏在舌头底下,
13 Li pito mal la, e refize lage l, men kenbe li nan bouch li,
爱恋不舍,含在口中;
14 men manje nan vant li vire. Li tounen pwazon vipè anndan l.
他的食物在肚里却要化为酸, 在他里面成为虺蛇的恶毒。
15 Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.
他吞了财宝,还要吐出; 神要从他腹中掏出来。
16 Li souse pwazon koulèv yo; lang a vipè a kap touye li.
他必吸饮虺蛇的毒气; 蝮蛇的舌头也必杀他。
17 Li pa gade dlo yo ankò, ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.
流奶与蜜之河, 他不得再见。
18 Li remèt sa ke li te pran an. Li pa kab vale l. Afè richès a komès li yo, li pa kab menm rejwi de yo.
他劳碌得来的要赔还,不得享用; 不能照所得的财货欢乐。
19 Paske li te oprime e abandone malere yo. Li te sezi yon kay ke li pa t bati.
他欺压穷人,且又离弃; 强取非自己所盖的房屋 。
20 “Akoz li pa t kab kalme kè l, li pat kab kenbe anyen nan sa li renmen.
他因贪而无厌, 所喜悦的连一样也不能保守。
21 Anyen pat rete ke li pat devore; akoz sa a, byen li yo pat dire.
其余的没有一样他不吞灭, 所以他的福乐不能长久。
22 Ranpli ak tout bagay li, li va jennen; men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.
他在满足有余的时候,必到狭窄的地步; 凡受苦楚的人都必加手在他身上。
23 Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li. Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.
他正要充满肚腹的时候, 神必将猛烈的忿怒降在他身上; 正在他吃饭的时候, 要将这忿怒像雨降在他身上。
24 Li kapab sove ale devan zam fèt ak fè a, men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.
他要躲避铁器; 铜弓的箭要将他射透。
25 L ap rale sòti parèt dèyè do li, menm pwent glise a soti nan fyèl li. Gwo laperèz va parèt sou li.
他把箭一抽,就从他身上出来; 发光的箭头从他胆中出来, 有惊惶临在他身上。
26 Fènwa nèt rezève kon trezò li, e flanm dife san van an va devore li. Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.
他的财宝归于黑暗; 人所不吹的火要把他烧灭, 要把他帐棚中所剩下的烧毁。
27 Syèl yo va revele inikite li e tè a va leve kont li.
天要显明他的罪孽; 地要兴起攻击他。
28 Riches lakay li va pati, posesyon li yo va ale nan jou kòlè Li a.
他的家产必然过去; 神发怒的日子,他的货物都要消灭。
29 Sa se pòsyon a moun mechan k ap sòti nan men Bondye, sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”
这是恶人从 神所得的分, 是 神为他所定的产业。