< Jòb 16 >

1 Epi Job te reponn:
ヨブ答へて曰く
2 Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo; move konsolatè nou tout ye.
斯る事は我おほく聞り 汝らはみな人を慰めんとして却つて人を煩はす者なり
3 Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van a? Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?
虚しき言語あに終極あらんや 汝なにに勵まされて應答をなすや
4 Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou. Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou e souke tèt mwen sou ou.
我もまた汝らの如くに言ことを得 もし汝らの身わが身と處を換なば我は言語を練て汝らを攻め 汝らにむかひて首を搖ことを得
5 Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen, e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.
また口をもて汝らを強くし 唇の慰藉をもて汝らの憂愁を解ことを得るなり
6 Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m; si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?
たとひ我言を出すとも我憂愁は解ず 默するとても何ぞ我身の安くなること有んや
7 Men koulye a, Li fin fatige m nèt; Ou, Bondye, te gate tout zanmi m yo.
彼いま已に我を疲らしむ 汝わが宗族をことごとく荒せり
8 Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen. Epi jan mwen vin mèg, leve kont mwen. Li fè temwayaj devan figi mwen.
なんぢ我をして皺らしめたり 是われに向ひて見證をなすなり 又わが痩おとろへたる状貌わが面の前に現はれ立て我を攻む
9 Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè, Li te modi blese m ak dan L. Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.
かれ怒りてわれを撕裂きかつ窘しめ 我にむかひて齒を噛鳴し我敵となり目を鋭して我を看る
10 Yo te gade m, bouch yo louvri. Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz; yo te oganize yo menm kont mwen.
彼ら我にむかひて口を張り 我を賤しめてわが頬を打ち 相集まりて我を攻む
11 Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo, e te jete mwen nan men a mechan yo.
神われを邪曲なる者に交し 惡き者の手に擲ちたまへり
12 Mwen te alèz, men Li te brize mwen, Li te sezi mwen nan kou e te souke mwen jiskaske m fè mòso; anplis li te fè m objè tiraj.
我は安穩なる身なりしに彼いたく我を打惱まし 頸を執へて我をうちくだき遂に我を立て鵠となしたまひ
13 Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt. Li vide fyèl mwen atè.
その射手われを遶り圍めり やがて情もなく我腰を射透し わが膽を地に流れ出しめたまふ
14 Li kase antre brèch pa brèch; Li kouri sou mwen kon yon jeyan.
彼はわれを打敗りて破壞に破壞を加へ 勇士のごとく我に奔かかりたまふ
15 Mwen te koud twal sak sou kò m epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.
われ麻布をわが肌に縫つけ 我角を塵にて汚せり
16 Figi mwen vin wouj akoz kri mwen yo e pòpyè zye m vin fonse nwa,
我面は泣て頳くなり 我目縁には死の蔭あり
17 Malgre nanpwen vyolans nan men m, e priyè mwen yo san tach.
然れども我手には不義あること無く わが祈祷は清し
18 O latè a, pa kouvri san kò mwen. Pa bay plas pou kriyè m yo pran repo.
地よ我血を掩ふなかれ 我號呼は休む處を得ざれ
19 Menm koulye a, gade byen, temwen m se nan syèl la. Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.
視よ今にても我證となる者天にあり わが眞實を表明す者高き處にあり
20 Se zanmi mwen yo k ap moke m. Zye m kriye a Bondye.
わが朋友は我を嘲けれども我目は神にむかひて涙を注ぐ
21 O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye, kon yon moun plede ak vwazen li!
願くは彼 人のために神と論辨し 人の子のためにこれが朋友と論辨せんことを
22 Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale nan chemen ki pap retounen an.
數年すぎさらば我は還らぬ旅路に往べし

< Jòb 16 >