< Jòb 14 >
1 Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
婦の產む人はその日少なくして艱難多し
2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire.
その來ること花のごとくにして散り 其馳ること影のごとくにして止まらず
3 Èske Ou ouvri zye Ou sou li pou mennen li an jijman avèk W?
なんぢ是のごとき者に汝の目を啓きたまふや 汝われを汝の前にひきて審判したまふや
4 Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn!
誰か清き物を汚れたる物の中より出し得る者あらん 一人も無し
5 Konsi fòs jou li yo avèk Ou, fòs mwa li yo avèk Ou. Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
その日旣に定まり その月の數なんぢに由り 汝これが區域を立て越ざらしめたまふなれば
6 Retire zye Ou sou li pou l kab pran repò, jiskaske li kab konplete jou li yo, kon yon ouvriye jounalye.
是に目を離して安息を得させ 之をして傭人のその日を樂しむがごとくならしめたまへ
7 Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe, li kab boujonnen ankò, nouvo boujon yo kab reyisi.
それ木には望あり 假令砍るるとも復芽を出してその枝絶ず
8 Malgre rasin li yo vin vye nan tè a, e chouk li mouri nan tè sèch,
たとひ其根地の中に老い 幹土に枯るとも
9 fè rive yon gout dlo, e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.
水の潤霑にあへば即ち芽をふき枝を出して若樹に異ならず
10 Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?
然ど人は死れば消うす 人氣絶なば安に在んや
11 Tankou dlo lanmè fè vapè monte e rivyè a vin sèch,
水は海に竭き河は涸てかわく
12 konsa lòm kouche, e li pa leve ankò. Jiskaske syèl yo vin disparèt, li p ap reveye, ni leve ankò.
是のごとく人も寢臥てまた興ず 天の盡るまで目覺ず睡眠を醒さざるなり
13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an, pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou retounen kote Ou! Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m! (Sheol )
願はくは汝われを陰府に藏し 汝の震怒の息むまで我を掩ひ 我ために期を定め而して我を念ひたまへ (Sheol )
14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.
人もし死ばまた生んや 我はわが征戰の諸日の間望みをりて我が變更の來るを待ん
15 Ou ta rele e mwen ta reponn Ou; Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.
なんぢ我を呼たまはん 而して我こたへん 汝かならず汝の手の作を顧みたまはん
16 Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo. Èske Ou pa swiv peche m yo?
今なんぢは我に歩履を數へたまふ 我罪を汝うかがひたまはざらんや
17 Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.
わが愆は凡て嚢の中に封じてあり汝わが罪を縫こめたまふ
18 Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen; wòch la ap kite plas li.
それ山も倒れて終に崩れ巖石も移りてその處を離る
19 Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a. Se konsa Ou detwi espwa a lòm.
水は石を鑿ち 浪は地の塵を押流す 汝は人の望を斷たまふ
20 Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati; Ou chanje aparans li, e voye l ale.
なんぢは彼を永く攻なやまして去ゆかしめ 彼の面容の變らせて逐やりたまふ
21 Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa; oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
その子尊貴なるも彼は之を知ず 卑賤なるもまた之を曉らざるなり
22 Men kò l fè mal; epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.
只己みづからその肉に痛苦を覺え己みづからその心に哀く而已