< Jòb 13 >
1 “Veye byen, zye m gen tan wè tout sa. Zòrèy mwen tande e konprann li.
Se, mit Øje har skuet alt dette, mit Øre har hørt og mærket sig det;
2 Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou; mwen pa pi ba pase ou.
hvad I ved, ved ogsaa jeg, jeg falder ikke igennem for jer.
3 “Men mwen ta pale ak Toupwisan an; mwen vle diskite ak Bondye.
Men til den Almægtige vil jeg tale, med Gud er jeg sindet at gaa i Rette,
4 Men nou sal moun ak manti. Se yon bann doktè sanzave nou ye.
mens I smører paa med Løgn; usle Læger er I til Hobe.
5 Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt; ke sa ta sèvi kon sajès ou!
Om I dog vilde tie stille, saa kunde I regnes for vise!
6 Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
Hør dog mit Klagemaal, mærk mine Læbers Anklage!
7 Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis, e pale sa ki manti pou Li?
Forsvarer I Gud med Uret, forsvarer I ham med Svig?
8 Èske ou va pran ka pa Li? Èske ou va diskite pou Bondye?
Vil I tage Parti for ham, vil I træde i Skranken for Gud?
9 Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen? Oswa èske ou va twonpe Li kon yon moun konn twonpe yon moun?
Gaar det godt, naar han ransager eder, kan I narre ham, som man narrer et Menneske?
10 Anverite, Li va repwoche ou si ou apye yon bò ak patripri.
Revse jer vil han alvorligt, om I lader som intet og dog er partiske.
11 Èske majeste Li p ap bay ou lakrent? Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
Vil ikke hans Højhed skræmme jer og hans Rædsel falde paa eder?
12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann; defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
Eders Tankesprog bliver til Askesprog, som Skjolde af Ler eders Skjolde.
13 “Rete an silans devan m pou m kab pale; epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
Ti stille, at jeg kan tale, saa overgaa mig, hvad der vil!
14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m e mete lavi m nan men m?
Jeg vil bære mit Kød i Tænderne og tage mit Liv i min Haand;
15 Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
se, han slaar mig ihjel, jeg har intet Haab, dog lægger jeg for ham min Færd.
16 Se sa, anplis, ki va delivrans mwen; paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
Det er i sig selv en Sejr for mig, thi en vanhellig vover sig ikke til ham!
17 Koute pawòl mwen byen pre e kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
Hør nu ret paa mit Ord, lad mig tale for eders Ører!
18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; mwen konnen ke mwen va jistifye.
Se, til Rettergang er jeg rede, jeg ved, at Retten er min!
19 Se kilès ki va diskite kont mwen? Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
Hvem kan vel trætte med mig? Da skulde jeg tie og opgive Aanden!
20 “Se sèl de bagay pou pa fè mwen; konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
Kun for to Ting skaane du mig, saa kryber jeg ikke i Skjul for dig:
21 Retire men Ou sou mwen e pa kite laperèz Ou fè m sezi.
Din Haand maa du tage fra mig, din Rædsel skræmme mig ikke!
22 Epi rele e mwen va reponn; oswa kite m pale epi reponn mwen.
Saa stævn mig, og jeg skal svare, eller jeg vil tale, og du skal svare!
23 Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo avèk peche m yo? Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
Hvor stor er min Skyld og Synd? Lad mig vide min Brøde og Synd!
24 Poukisa Ou kache figi Ou e konsidere m kon lènmi Ou?
Hvi skjuler du dog dit Aasyn og regner mig for din Fjende?
25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble? Oswa èske Ou va kouri dèyè pay van an seche a.
Vil du skræmme et henvejret Blad, forfølge et vissent Straa,
26 Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
at du skriver mig saa bitter en Dom og lader mig arve min Ungdoms Skyld,
27 Ou mete pye m nan chenn e ou veye tout chemen mwen yo. Ou limite distans pla pye m kab rive,
lægger mine Fødder i Blokken, vogter paa alle mine Veje, indkredser mine Fødders Trin!
28 pandan mwen ap dekonpoze kon yon bagay k ap pouri, kon yon vètman ki manje pa mit.”
Og saa er han dog som smuldrende Trøske, som Klæder, der ædes op af Møl,