< Jòb 12 >

1 Job te reponn:
約伯回答說:
2 Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la. Se ak nou menm tout sajès ap mouri!
你們真是子民哪, 你們死亡,智慧也就滅沒了。
3 Men mwen gen lespri menm tankou ou; mwen pa pi ba pase ou. Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
但我也有聰明,與你們一樣, 並非不及你們。 你們所說的,誰不知道呢?
4 Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.
我這求告上帝、蒙他應允的人 竟成了朋友所譏笑的; 公義完全人竟受了人的譏笑。
5 Sila ki alèz la ri sou malè a; men l ap tan pye l chape.
安逸的人心裏藐視災禍; 這災禍常常等待滑腳的人。
6 Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo.
強盜的帳棚興旺, 惹上帝的人穩固, 上帝多將財物送到他們手中。
7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou; ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
你且問走獸,走獸必指教你; 又問空中的飛鳥,飛鳥必告訴你;
8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou. Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
或與地說話,地必指教你; 海中的魚也必向你說明。
9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen ke se men SENYÈ a ki fè sa?
看這一切, 誰不知道是耶和華的手做成的呢?
10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la, ansanm ak souf tout limanite a.
凡活物的生命和人類的氣息都在他手中。
11 Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, menm jan ke bouch la goute manje li a?
耳朵豈不試驗言語, 正如上膛嘗食物嗎?
12 Sajès rete ak granmoun; yon lavi ki long gen bon konprann.
年老的有智慧; 壽高的有知識。
13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans. A Li menm se konsèy avèk bon konprann.
在上帝有智慧和能力; 他有謀略和知識。
14 Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati. Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.
他拆毀的,就不能再建造; 他捆住人,便不得開釋。
15 Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt; Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.
他把水留住,水便枯乾; 他再發出水來,水就翻地。
16 Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon; sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo, tou de se pou Li.
在他有能力和智慧, 被誘惑的與誘惑人的都是屬他。
17 Li fè konseye yo mache pye atè e fè jij yo antre nan foli.
他把謀士剝衣擄去, 又使審判官變成愚人。
18 Li detache chenn ki mare wa yo, e mare senti yo ak yon sentiwon.
他放鬆君王的綁, 又用帶子捆他們的腰。
19 Li fè prèt yo mache san rad, e boulvèse sila ki ansekirite yo.
他把祭司剝衣擄去, 又使有能的人傾敗。
20 Li fè moun konfyans pa kab pale, e retire bon jijman a ansyen yo.
他廢去忠信人的講論, 又奪去老人的聰明。
21 Li vide mepriz sou prens yo, e lache senti a pwisan yo.
他使君王蒙羞被辱, 放鬆有力之人的腰帶。
22 Li devwale mistè ki nan tenèb yo, e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.
他將深奧的事從黑暗中彰顯, 使死蔭顯為光明。
23 Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo. Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.
他使邦國興旺而又毀滅; 他使邦國開廣而又擄去。
24 Li rache lespri a chèf pèp latè yo, e fè yo egare nan yon savann san chemen.
他將地上民中首領的聰明奪去, 使他們在荒廢無路之地漂流;
25 Yo tatonnen nan fènwa a san limyè. Li fè yo kilbite tankou moun sou.
他們無光,在黑暗中摸索, 又使他們東倒西歪,像醉酒的人一樣。

< Jòb 12 >