< Jòb 11 >

1 Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
ויען צפר הנעמתי ויאמר׃
2 “Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons? Eske yon nonm pale anpil vin akite?
הרב דברים לא יענה ואם איש שפתים יצדק׃
3 Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale? Lè ou moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
בדיך מתים יחרישו ותלעג ואין מכלם׃
4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot, e mwen inosan nan zye Ou.’
ותאמר זך לקחי ובר הייתי בעיניך׃
5 Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
ואולם מי יתן אלוה דבר ויפתח שפתיו עמך׃
6 pou montre ou sekrè a sajès! Paske sajès ki bon gen de bò. Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije tout sa inikite ou merite.
ויגד לך תעלמות חכמה כי כפלים לתושיה ודע כי ישה לך אלוה מעונך׃
7 “Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye? Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
החקר אלוה תמצא אם עד תכלית שדי תמצא׃
8 Yo wo tankou syèl la; kisa ou kab fè? Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen? (Sheol h7585)
גבהי שמים מה תפעל עמקה משאול מה תדע׃ (Sheol h7585)
9 Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
ארכה מארץ מדה ורחבה מני ים׃
10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble, kilès kap anpeche Li?
אם יחלף ויסגיר ויקהיל ומי ישיבנו׃
11 Paske Li konnen moun ki fò, e Li wè inikite menm san fè ankèt.
כי הוא ידע מתי שוא וירא און ולא יתבונן׃
12 Yon moun ensanse va vin entèlijan lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.
ואיש נבוב ילבב ועיר פרא אדם יולד׃
13 “Si ou ta vle vin bon, dirije kè ou e lonje men ou vè Li.
אם אתה הכינות לבך ופרשת אליו כפך׃
14 Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen. Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
אם און בידך הרחיקהו ואל תשכן באהליך עולה׃
15 Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach. Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent.
כי אז תשא פניך ממום והיית מצק ולא תירא׃
16 Konsa ou va bliye twoub ou a. Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase. Se konsa ou ta kab sonje li.
כי אתה עמל תשכח כמים עברו תזכר׃
17 Lavi ou va pi klè ke midi; malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
ומצהרים יקום חלד תעפה כבקר תהיה׃
18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa. Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
ובטחת כי יש תקוה וחפרת לבטח תשכב׃
19 Ou va kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou. Wi, anpil moun va mande favè ou.
ורבצת ואין מחריד וחלו פניך רבים׃
20 Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
ועיני רשעים תכלינה ומנוס אבד מנהם ותקותם מפח נפש׃

< Jòb 11 >