< Jòb 10 >
1 “Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
Min Sjæl er led ved mit Liv, frit Løb vil jeg give min Klage over ham, i min bitre Sjælenød vil jeg tale,
2 Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen! Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
sige til Gud: Fordøm mig dog ikke, lad mig vide, hvorfor du tvister med mig!
3 Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime; pou meprize zèv men Ou yo e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
Gavner det dig at øve Vold, at forkaste det Værk, dine Hænder danned, men smile til gudløses Råd?
4 Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa èske Ou wè kon yon nonm wè?
Har du da kødets Øjne, ser du, som Mennesker ser,
5 Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl, oswa ane Ou yo tankou ane a yon nonm,
er dine Dage som Menneskets Dage, er dine År som Mandens Dage,
6 pou Ou ta dwe chache koupabilite mwen e fè rechèch dèyè peche m?
siden du søger efter min Brøde, leder efter min Synd,
7 Malgre Ou konnen mwen pa koupab, sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”
endskønt du ved, jeg ikke er skyldig; men af din Hånd er der ingen Redning!
8 “Se men Ou ki te fòme mwen nèt. Konsa, èske Ou ta detwi mwen?
Dine Hænder gjorde og danned mig først, så skifter du Sind og gør mig til intet!
9 Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil. Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?
Kom i Hu, at du dannede mig som Ler, og til Støv vil du atter gøre mig!
10 Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen e fè m kaye tankou fwomaj?
Mon du ikke hældte mig ud som Mælk og lod mig skørne som Ost,
11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.
iklædte mig Hud og kød og fletted mig sammen med Ben og Sener?
12 Ou te ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou. Se swen Ou ki te konsève lespri m.
Du gav mig Liv og Livskraft, din Omhu vogted min Ånd
13 Malgre bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou. Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
og så gemte du dog i dit Hjerte på dette, jeg skønner, dit Øjemed var:
14 si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen. Ou pa ta akite m de koupabilite mwen.
Synded jeg, vogted du på mig og tilgav ikke min Brøde.
15 Si mwen mechan, malè a mwen! Epi si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen. Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
Fald jeg forbrød mig, da ve mig! Var jeg retfærdig, jeg skulde dog ikke løfte mit Hoved, men mættes med Skændsel, kvæges med Nød.
16 Si tèt mwen ta vin leve wo, Ou ta fè lachas dèyè m tankou yon lyon; epi ankò, Ou ta montre pouvwa Ou kont mwen.
Knejsed jeg, jog du mig som en Løve, handlede atter ufatteligt med mig;
17 Ou renouvle temwayaj Ou kont mwen, e ogmante kòlè Ou vè mwen. Dezas monte anwo dezas sou mwen.”
nye Vidner førte du mod mig, øged din Uvilje mod mig, opbød atter en Hær imod mig!
18 “Alò, poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m? Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
Hvi drog du mig da af Moders Liv? Jeg burde have udåndet, uset af alle;
19 Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste, kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
jeg burde have været som aldrig født, været ført til Graven fra Moders Skød.
20 Èske jou m yo pa kout? Rete! Ralanti sou mwen pou m kab jwenn yon ti kras kè kontan,
Er ej mine Livsdage få? Så slip mig, at jeg kan kvæges lidt,
21 avan ke m ale—pou mwen pa tounen nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
før jeg for evigt går bort til Mørkets og Mulmets Land,
22 Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la, nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”
Landet med bælgmørkt Mulm, med Mørke og uden Orden, hvor Lyset selv er som Mørket."