< Jeremi 6 >
1 “Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon.
便雅悯人哪,你们要逃出耶路撒冷, 在提哥亚吹角, 在伯·哈基琳立号旗; 因为有灾祸与大毁灭从北方张望。
2 Sila ki bèl e delika a, fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt.
那秀美娇嫩的锡安女子, 我必剪除。
3 Bèje yo ak bann mouton pa yo va vin kote li. Yo va monte tant yo antoure li, e yo chak va fè pak bèt yo nan plas yo.
牧人必引他们的羊群到她那里, 在她周围支搭帐棚, 各在自己所占之地使羊吃草。
4 “Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long!
你们要准备攻击她。 起来吧,我们可以趁午时上去。 哀哉!日已渐斜, 晚影拖长了。
5 Leve e annou atake pandan nwit lan pou detwi palè li yo!”
起来吧,我们夜间上去, 毁坏她的宫殿。
6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an.
因为万军之耶和华如此说: 你们要砍伐树木, 筑垒攻打耶路撒冷。 这就是那该罚的城, 其中尽是欺压。
7 Kon yon pwi kenbe dlo li fre, se konsa li rafrechi mechanste li. Vyolans ak destriksyon vin tande nan li. Maladi ak blesi devan M tout tan.
井怎样涌出水来, 这城也照样涌出恶来; 在其间常听见有强暴毁灭的事, 病患损伤也常在我面前。
8 Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”
耶路撒冷啊,你当受教, 免得我心与你生疏, 免得我使你荒凉, 成为无人居住之地。
9 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va fè yon rekòlt nèt, tankou chan rezen retay Israël la. Repase men ou ankò sou branch yo konsi se dènye ranmase rezen yo.”
万军之耶和华曾如此说: 敌人必掳尽以色列剩下的民, 如同摘净葡萄一样。 你要像摘葡萄的人摘了又摘,回手放在筐子里。
10 Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann.
现在我可以向谁说话作见证,使他们听呢? 他们的耳朵未受割礼,不能听见。 看哪,耶和华的话他们以为羞辱, 不以为喜悦。
11 Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.
因此我被耶和华的忿怒充满,难以含忍。 我要倾在街中的孩童和聚会的少年人身上, 连夫带妻, 并年老的与日子满足的都必被擒拿。
12 Lakay pa yo va bay a lòt moun, chan yo ak madanm yo ansanm; paske M ap lonje men M kont tout sila ki rete nan peyi yo,” deklare SENYÈ a.
他们的房屋、田地, 和妻子都必转归别人; 我要伸手攻击这地的居民。 这是耶和华说的。
13 Paske soti nan pi piti pami yo jis rive nan pi gran yo; yo tout se voras dèyè richès. Soti nan pwofèt la, jis rive nan prèt la. Tout se malonèt.
因为他们从最小的到至大的都一味地贪婪, 从先知到祭司都行事虚谎。
14 Yo te geri gwo blese pèp Mwen an ak pansman lejè. Y ap di: “Lapè, lapè”, men nanpwen lapè.
他们轻轻忽忽地医治我百姓的损伤, 说:平安了!平安了! 其实没有平安。
15 Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm. Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo. Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo, yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.
他们行可憎的事知道惭愧吗? 不然,他们毫不惭愧, 也不知羞耻。 因此,他们必在仆倒的人中仆倒; 我向他们讨罪的时候, 他们必致跌倒。 这是耶和华说的。
16 Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladann l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’.
耶和华如此说: 你们当站在路上察看, 访问古道, 哪是善道,便行在其间; 这样,你们心里必得安息。 他们却说:我们不行在其间。
17 Mwen te mete gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’
我设立守望的人照管你们, 说:要听角声。 他们却说:我们不听。
18 Pou sa, tande, O nasyon yo e konnen, O asanble a, sa ki pami yo.
列国啊,因此你们当听! 会众啊,要知道他们必遭遇的事。
19 Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li.
地啊,当听! 我必使灾祸临到这百姓, 就是他们意念所结的果子; 因为他们不听从我的言语, 至于我的训诲,他们也厌弃了。
20 Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”
从示巴出的乳香, 从远方出的菖蒲 奉来给我有何益呢? 你们的燔祭不蒙悦纳; 你们的平安祭,我也不喜悦。
21 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.”
所以耶和华如此说: 我要将绊脚石放在这百姓前面。 父亲和儿子要一同跌在其上; 邻舍与朋友也都灭亡。
22 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen.
耶和华如此说: 看哪,有一种民从北方而来, 并有一大国被激动,从地极来到。
23 Yo kenbe rèd ak banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion nan!”
他们拿弓和枪, 性情残忍,不施怜悯; 他们的声音像海浪匉訇。 锡安城啊, 他们骑马都摆队伍, 如上战场的人要攻击你。
24 Nou konn tande rapò sa a. Men nou yo vin lage nèt. Gwo doulè fin sezi nou tankou doulè a yon fanm k ap akouche.
我们听见他们的风声,手就发软; 痛苦将我们抓住, 疼痛仿佛产难的妇人。
25 Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak gwo laperèz sou tout kote.
你们不要往田野去, 也不要行在路上, 因四围有仇敌的刀剑和惊吓。
26 O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.
我民哪,应当腰束麻布,滚在灰中。 你要悲伤,如丧独生子痛痛哭号, 因为灭命的要忽然临到我们。
27 “Mwen te fè ou eseyis la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo.
我使你在我民中为高台,为保障, 使你知道试验他们的行动。
28 Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupotou bay move rapò a lòt. Se bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi.
他们都是极悖逆的, 往来谗谤人。 他们是铜是铁, 都行坏事。
29 Ponp fòj la soufle fò. Plon an manje nèt nan dife a. Anven, yo rafine toujou, men mechan yo pa janm vin separe.
风箱吹火,铅被烧毁; 他们炼而又炼,终是徒然; 因为恶劣的还未除掉。
30 Moun va rele yo ajan rejte, akoz SENYÈ a te rejte yo.”
人必称他们为被弃的银渣, 因为耶和华已经弃掉他们。