< Jeremi 51 >

1 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va fè leve kont Babylone e kont moun k ap viv Chaldée yo, lespri a yon van kap detwi.
Thus hath said the Lord, Behold, I will awaken against Babylon, and against those that dwell in the midst of my opponents, a destroying wind;
2 Mwen va voye etranje yo Babylone pou yo ka vannen l, pou yo kapab devaste peyi li a; paske tout kote nan jou gwo malè li a, yo va kontra li toupatou.
And I will send out unto Babylon fanners, and they shall fan her, and shall empty out her land; for they shall be against her round about on the day of trouble.
3 Kontra sila a ki koube a, kite achè koube banza li. Kontra sila a ki leve nan pwotèj li yo, pa kite jennonm li yo chape! Touye tout lame li nèt!
Let the archer come against any one that bendeth his bow, and against him that lifteth himself up in his armor: and spare ye not her young men: destroy ye utterly all her host.
4 Yo va tonbe atè mouri nan peyi Kaldeyen yo, frennen nèt, kouche nan lari yo.
And the slain shall fall in the land of the Chaldeans, and they that are pierced through, in her streets.
5 Paske ni Israël, ni Juda te abandone pa Bondye li, SENYÈ dèzame yo; sepandan, peyi yo plen koupabilite devan Sila Ki Sen an Israël la.
For not widowed are Israel and Judah of their God, of the Lord of hosts; for the land of those was filled with guiltiness against the Holy One of Israel.
6 “Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.
Flee ye out of the midst of Babylon, and save ye every man his life: perish not for her iniquity; for this is a time of vengeance unto the Lord; a recompense is he paying out unto her.
7 Babylone te yon tas fèt an lò nan men SENYÈ a, ki te fè tout mond lan vin sou. Nasyon yo te bwè nan diven li an; akoz sa, nasyon yo ap vin anraje.
A golden cup hath Babylon been in the hand of the Lord, that made drunken all the earth: of her wine have nations drunk; therefore are the nations rendered mad.
8 Sibitman, Babylone vin tonbe e kraze nèt; rele anmwey sou li! Pote pomad pou doulè li. Petèt li ka geri.
Suddenly is Babylon fallen and broken: wail ye for her; fetch balm for her wound, perhaps she may be healed.
9 “Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.
“We would have healed Babylon, but she was not healed: forsake her, and let us go every one unto his own country; for her punishment reacheth unto the heavens, and it is lifted up even to the skies.”
10 ‘SENYÈ a te mennen ladwati nou an. Vini, annou rakonte depi nan Sion zèv a SENYÈ a, Bondye nou an!’
The Lord hath brought forth our righteousness: come, and let us relate in Zion the work of the Lord our God.
11 “File flèch, plen fouwo yo! Kenbe pwotèj yo djanm! SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie, paske volonte L kont Babylone, pou detwi li. Paske se vanjans SENYÈ a, vanjans pou tanp Li an.
Make bright the arrows; fill the quivers: the Lord hath awakened the spirit of the kings of Media; for against Babylon is his intention, to destroy it; because it is the vengeance of the Lord, the vengeance for his temple.
12 Leve yon sinyal kont miray Babylone yo! Plase yon gad byen fò! Pozisyone santinèl yo, mete gason an anbiskad. Paske SENYÈ a pa t sèlman fè plan, men te acheve objektif sa Li te pale konsènan sila ki rete Babylone yo.
Against the walls of Babylon lift up the standard, strengthen the watch, set up the watchmen, make ready the ambushes; for the Lord hath both intended and done what he had spoken against the inhabitants of Babylon.
13 O nou menm ki rete bò kote anpil dlo yo, plen ak richès yo, dènye lè nou an gen tan rive, mezi gwo lanvi nou.
O thou that dwellest upon many waters, great in treasures, thy end is come, the full measure of thy selfish robbery.
14 SENYÈ dèzame yo te sèmante pa kont Li. Li te di: ‘Anverite, mwen va plen nou ak moun kon yon gwo foul krikèt volan e yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’
Sworn hath the Lord of hosts by himself, Surely I will fill thee with men, as with locusts: and they shall lift up the battle-cry against thee.
15 “Sila ki te fè latè a ak fòs pouvwa Li a, ki te etabli lemonn ak sajès Li, e ak bon konprann Li, te etabli syèl yo.
He made the earth by his power, he established the world by his wisdom, and by his understanding he stretched out the heavens.
16 Lè vwa L sone, yon gwo kaskad dlo desann nan syèl yo, e Li fè nwaj monte soti nan dènye pwent latè yo. Li fè loray pou lapli, e mennen van parèt sòti nan depo Li yo.
At the sound when he giveth a multitude of waters in the heavens, and causeth clouds to ascend from the ends of the earth; when he maketh lightnings with rain, and bringeth forth the wind out of his treasures:
17 “Tout lòm gen tan fè bèt, san okenn konesans; tout òfèv yo fè wont akoz imaj fonn yo, paske imaj fonn yo se yon desepsyon e nanpwen souf nan yo.
Then standeth every man as brutish without knowledge; ashamed is every goldsmith because of the graven image; for falsehood is his molten work, and there is no breath therein.
18 Yo san valè, yon zèv pou moke moun; nan tan pinisyon yo, yo va peri.
They are vanity, the work of deception: in the time of their punishment shall they vanish.
19 Pòsyon Jacob pa tankou sa yo; paske Sila ki fè tout bagay la se Li menm e selon tribi eritaj Li a, SENYÈ dèzame yo se non L.
Not like these is the portion of Jacob; for He is the former of all things, and Israel is the tribe of his inheritance: The Lord of hosts is his name.
20 “Li di: “Ou se baton lagè M ak zam lagè M yo; epi avèk ou, Mwen kraze nasyon yo. Avèk ou, Mwen detwi wayòm yo.
Thou art a hammer unto me, weapons of war; and I strike down with thee nations, and I destroy with thee kingdoms;
21 Avèk ou, Mwen kraze cheval la ak sila ki monte sou li. Avèk ou, mwen kraze cha lagè a, ak sila ki monte ladann nan.
And I strike down with thee the horse and his rider; and I strike down with thee the chariot and its rider;
22 Avèk ou, Mwen kraze ni gason, ni fanm. Avèk ou, Mwen kraze jennonm nan ak vyèj la.
And I strike down with thee man and woman; and I strike down with thee the aged and the lad; and I strike down with thee the young man and the virgin:
23 Avèk ou, Mwen kraze bèje a ak bann mouton li an. Avèk ou, Mwen kraze kiltivatè a ak bèf cha li yo Avèk ou, Mwen kraze majistra yo ak prefè yo.
And I strike down with thee the shepherd and his flock; and I strike down with thee the husbandman and his yoke of oxen; and I strike down with thee governors and rulers.
24 “Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.
But [now] will I repay unto Babylon and to all the inhabitants of Chaldea all their evil that they have done in Zion before your eyes, saith the Lord.
25 “Gade byen, Mwen kont ou O mòn k ap detwi, ki detwi tout tè a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va lonje men M kont ou, fè ou woule desann soti nan kwen falèz byen wo yo e Mwen va fè ou vin yon mòn ki fin brile nèt.
Behold, I am against thee, O destroying mountain, saith the Lord, which destroyest all the earth; and I will stretch out my hand over thee, and I will roll thee down from the rocks, and will render thee a burnt mountain.
26 Yo p ap pran nan men ou, menm yon wòch pou fè kwen, ni yon wòch pou fondasyon yo, men ou va dezole jis pou tout tan,” deklare SENYÈ a.
And they shall not take from thee a stone for a corner, nor a stone for foundations; but everlasting ruins shalt thou be, saith the Lord.
27 “Leve yon sinyal nan peyi a, soufle yon twonpèt pami nasyon yo! Konsakre nasyon yo kont li! Rele kont li wayòm Ararat, Minni ak Aschkenaz yo! Chwazi yon gwo chèf kont li; leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.
Lift ye up a standard in the land, blow ye the cornet among the nations, make ready against her nations, call together against her the kingdoms of Ararat, Minni, and Ashkenaz; appoint against her a commander; cause the horses to come up like the hairy locusts.
28 Konsakre nasyon yo kont li, Wa a Médie yo, majistra pa yo ak prefè yo, ak tout peyi ke yo konn domine yo.
Make ready against her the nations with the kings of Media, its governors, and all its rulers, and all the land of their dominion.
29 Peyi a ta tranble e tòde; paske volonte a SENYÈ a kont Babylone kanpe, pou fè peyi Babylone vin yon dezolasyon san moun.
And the earth quaketh and trembleth; for every one of the purposes of the Lord is fulfilled against Babylon, to change the land of Babylon into a desolate country without an inhabitant.
30 Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen; yo rete nan sitadèl fòtifye yo. Fòs yo fin epwize nèt. Yo vin tankou fanm. Lakay yo pran dife. Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.
The mighty men of Babylon have ceased to fight, they sit still in [their] strongholds; their might is vanished; they are become as women: they have burnt her dwelling-places; her bars are broken.
31 Youn kouri rankontre yon lòt; yon mesaje rankontre yon lòt, pou pale wa Babylone nan ke vil li a fin kaptire, soti nan yon pwent pou rive nan yon lòt.
One runner shall run to meet another runner, and one messenger to meet another messenger, to tell unto the king of Babylon that his city is captured at all ends,
32 Kote pou yo janbe rivyè yo fin sezi tou. Yo te brile marekaj yo ak dife, e sòlda lagè yo vin sezi ak gwo laperèz.”
And that the passages have been seized, and that they have burnt the reeds with fire, and that the men of war are affrighted.
33 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen. Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan, sezon rekòlt la rive sou li.”
For thus hath said the Lord of hosts, the God of Israel, the daughter of Babylon is like a threshing-floor, at the time they thresh therein; but yet a little while more, when the time of harvest shall come for her.
34 “Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te devore mwen. Li te kraze mwen. Li te depoze mwen tankou yon boutèy vid. Tankou yon dragon, li te vale mwen. Li te plen vant li ak bagay liks mwen yo. Li te lave mwen ale nèt.
“Nebuchadrezzar the king of Babylon devoured me, he crushed me, he set me down as an empty vessel, he swallowed me up like a huge serpent, he filled his belly with my delicacies: he drove me out.
35 Ke vyolans anvè mwen an, e anvè chè mwen an, kapab tonbe sou Babylone.” Pèp Sion an va di: “Ke san mwen kapab tonbe sou moun Chaldée yo”, Jérusalem va di.
the violence done to me and to my flesh be upon Babylon,” will the inhabitress of Zion say; and “My blood be upon the inhabitants of Chaldea,” will Jerusalem say.
36 “Akoz sa”, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va plede ka ou, e egzije vanjans nèt pou ou. Mwen va seche lanmè li, e fè sous li yo vin sèch.
Therefore thus hath said the Lord, Behold, I will contend in thy cause, and execute vengeance for thee; and I will dry up her sea, and cause her springs to fail.
37 Babylone va devni yon gwo pil ranblè, yon kay pou chen mawon, yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv, san gen moun ki rete ladann.
And Babylon shall become ruinous heaps, a dwelling-place for monsters, an astonishment, and a derision, without an inhabitant.
38 Yo va gwonde ansanm kon jenn lyon, yo va gwonde kon pitit a lyon.
Together like lions shall they roar: they shall yell like the lions' whelps.
39 Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo, e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt, pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.
When they are heated will I prepare their drinking-feasts, and I will make them drunken, in order that they may be joyful, and [then] sleep a perpetual sleep, and not awake again, saith the Lord.
40 “Mwen va bese yo tankou jenn mouton nan labatwa, kon belye ansanm ak mal kabrit.
I will bring them down like lambs to the slaughter, like wethers with he-goats.
41 “Gade kijan Schéschac fin kaptire! Kijan glwa a tout tè a vin pran! Gade kijan Babylone devni yon objè degoutan pami nasyon yo!
How is Sheshach captured! and how is conquered the praise of the whole earth! how is Babylon become an astonishment among the nations!
42 Lanmè fin monte sou Babylone; li te anvayi pa move vag li yo.
The sea is come up over Babylon: with the multitude of its waves is she covered.
43 Vil li yo te devni yon objè degoutan e lèd, yon peyi sèk, yon dezè, yon peyi kote moun pa viv e pami sila, yon fis a lòm pa menm pase.
Her cities are become desolate places, a dry land, and a wilderness, a land wherein not any man shall dwell, and through which no son of man shall pass along.
44 Mwen va pini Bel nan Babylone e Mwen va fè sa li te vale a sòti nan bouch li. Nasyon yo p ap kouri ankò kote li. Menm miray Babylone nan va tonbe!
And I will inflict punishment on Bel in Babylon, and I will bring forth what he hath swallowed up out of his mouth; and nations shall not assemble together like a stream unto him any more; yea, the wall of Babylon also is fallen.
45 “Sòti nan mitan li, pèp Mwen an e nou chak sove tèt nou de kòlè SENYÈ a.
Go ye out of the midst of her, my people, and save ye every man his life from the fierceness of the anger of the Lord.
46 Alò, pa kite kè nou vin febli e pa pè rapò k ap tande nan tout peyi a, paske rapò a va rive nan yon ane, e apre yon lòt rapò nan yon lòt ane, gen vyolans nan peyi a, e yon wa kont yon lòt wa.
And so that your heart may not faint, and ye fear at the report that is heard in the land: when the report cometh in one year, and after that in another year cometh another report, and when violence [be done] in the land, [by] ruler against ruler.
47 Pou sa, gade byen, jou yo ap vini lè Mwen va pini zidòl taye a Babylone yo. Konsa, tout peyi li a va vin wont, e tout mò li yo va tonbe nan mitan li.
Therefore, behold, days are coming, when I will inflict punishment on the graven images of Babylon, and her whole land shall be put to shame, and all her slain shall fail in the midst of her.
48 Answit, syèl ak tè a ak tout sa ki ladann va rele fò ak jwa sou Babylone; paske destriktè yo va vin kote li soti nan nò,” deklare SENYÈ a.
And then shall the heaven and the earth, and all that is therein, sing because of Babylon; for from the north shall come unto her the destroyers, saith the Lord.
49 “Anverite, Babylone gen pou tonbe pou sila ki te touye an Israël yo. Menm jan pou Babylone an, moun de tout peyi a va tonbe.
Also Babylon is destined to fall, O ye slain ones of Israel, also at Babylon fall the slain of all the land.
50 Nou menm ki te chape anba nepe yo, sòti! Pa rete menm! Sonje SENYÈ a de lwen; kite Jérusalem parèt nan lespri ou.
[But] ye that have escaped the sword, go away, stand not still: remember afar off the Lord, and let Jerusalem rise up in your heart.
51 “Nou vin wont akoz nou te tande repwòch. Wont lan fin kouvri figi nou, paske etranje yo te antre kote ki sen lakay SENYÈ a.”
“We had been made ashamed, because we had heard reproach: confusion had covered our faces; because strangers were come into the sanctuaries of the Lord's house.”
52 “Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va fè jijman sou zidòl taye yo. Konsa, sila ak blesi mòtèl yo va plenyen nan tout peyi li a.
Therefore, behold, days are coming, saith the Lord, when I will inflict punishment on her graven images: and through all her land shall groan the deadly wounded.
53 Malgre Babylone ta monte nan syèl la, e malgre li ta ranfòse sitadèl li a; destriktè yo va soti kote Mwen, e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.
Though Babylon should mount up to heaven, and though she should fortify the height of her strength; yet from me should destroyers come unto her, saith the Lord.
54 “Bri a gwo kri k ap sòti Babylone, ak gwo destriksyon k ap soti nan peyi Kaldeyen yo!
A sound of a painful cry cometh from Babylon, and of a great breach from the land of the Chaldeans;
55 Paske SENYÈ a va detwi Babylone. Li va fè gran vwa a li te konn fè a sispann; vag lanmè yo ki tap gwonde kon anpil dlo, ak gwo son a vwa yo ki tap retanti toupatou.
Because the Lord wasteth Babylon, and destroyeth out of her the loud noise; but their waves roar like great waters, the noise of their voice is sent forth;
56 Paske sila k ap detwi a fin rive sou li, sou Babylone nan menm. Mesye pwisan li yo fin kaptire. Banza yo fin kraze nèt. Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans. L ap rekonpanse nèt.
Because the destroyer is come over her, over Babylon, and her mighty men are caught, every one of their bows is broken; for the God of recompenses, the Lord, will surely requite.
57 Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo. Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.
And I will make drunken her princes, and her wise men, her governors, and her rulers, and her mighty men: and they shall sleep a perpetual sleep, and not awake again, saith the King, The Lord of hosts is his name.
58 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Miray Babylone nan ki tèlman laj va vin demoli nèt. Wo pòtay li yo va pran dife. Donk, pèp yo va travay di pou ryen, e nasyon yo va bouke nèt akoz dife a.”
Thus hath said the Lord of hosts, Every one of the broad walls of Babylon shall be utterly overthrown, and her high gates shall be burnt with fire; so that nations shall have labored in vain, and the people for the fire, and so shall they have wearied themselves.
59 Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande Seraja, fis a Nérija a, pitit pitit gason a Machséja, lè l te ale ak Sédécias, wa Juda a, Babylone nan katriyèm ane règn li a. (Alò, Seraja te chèf dirijan lakay wa a.)
The word which Jeremiah the prophet commanded Serayah the son of Neriyah, the son of Machseyah, when he went with Zedekiah the king of Judah unto Babylon in the fourth year of his reign. And this Serayah was chief chamberlain.
60 Konsa, Jérémie te ekri nan yon sèl woulo tout malè ki ta rive sou Babylone yo, sa vle di tout pawòl sila ki te ekri konsènan Babylone yo.
And Jeremiah wrote down all the evil that should come upon Babylon in one book, namely, all these words that are written concerning Babylon.
61 Epi Jérémie te di a Seraja: “Depi ou vini Babylone, alò, fè si ke ou li tout pawòl sila yo a wot vwa,
And Jeremiah said to Serayah, As thou comest to Babylon, see to it, that thou read all these words;
62 Epi di: ‘Ou menm, O SENYÈ! Ou te pwomèt, konsènan plas sa a pou koupe retire l nèt, pou pa menm gen anyen ki rete ladann, ni lòm, ni bèt, men li va yon kote dezole jis pou tout tan’.
And thou shalt say, O Lord, thou thyself hast spoken concerning this place, to cut it off, so that there shall not be in it an inhabitant, either man or beast; but that it shall become a desolate place for ever.
63 Konsa, li va fèt ke depi ou fin li woulo sa a, ou va mare yon wòch sou li e jete l nan mitan rivyè Euphrate la.
And it shall be, when thou hast finished reading this book, that thou shalt bind a stone to it, and throw it into the midst of the Euphrates;
64 Ou va di: ‘Se konsa Babylone va fonse desann pou l pa leve ankò, akoz malè ke Mwen va mennen sou li; epi yo va vin bouke nèt.’” Jiska prezan, sa se pawòl a Jérémie yo.
And thou shalt say, Thus shall Babylon sink, and shall not rise again from the evil that I will bring upon her: and her people shall be wearied. Thus far are the words of Jeremiah.

< Jeremi 51 >