< Jeremi 50 >

1 Pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Babylone, peyi Kaldeyen yo, pa Jérémie, pwofèt la:
הדבר אשר דבר יהוה אל בבל--אל ארץ כשדים ביד ירמיהו הנביא
2 “Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bel gen tan plen regre, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’
הגידו בגוים והשמיעו ושאו נס השמיעו אל תכחדו אמרו נלכדה בבל הביש בל חת מרדך הבישו עצביה חתו גלוליה
3 Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan nò; sa va fè peyi li vin yon objè degoutan e p ap genyen moun ki rete ladann. Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!
כי עלה עליה גוי מצפון הוא ישית את ארצה לשמה ולא יהיה יושב בה מאדם ועד בהמה נדו הלכו
4 “Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a: “Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou; yo va avanse ap kriye pandan yo prale e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.
בימים ההמה ובעת ההיא נאם יהוה יבאו בני ישראל המה ובני יהודה יחדו הלוך ובכו ילכו ואת יהוה אלהיהם יבקשו
5 Yo va mande pou chemen ki ale nan Sion an, e vire figi yo vè direksyon li. Yo va di ‘Vin mete tèt nou ak SENYÈ a, nan yon akò k ap dire jis pou tout tan, youn ki p ap janm bliye.’
ציון ישאלו דרך הנה פניהם באו ונלוו אל יהוה ברית עולם לא תשכח
6 Pèp Mwen an gen tan vin mouton ki pèdi. Bèje yo te egare yo. Yo te fè yo vire akote mòn yo. Yo te avanse soti sou mòn pou rive sou kolin, e yo te bliye plas repo yo.
צאן אבדות היה (היו) עמי--רעיהם התעום הרים שובבים (שובבום) מהר אל גבעה הלכו שכחו רבצם
7 Tout moun ki rive sou yo te devore yo; epi advèsè yo te di: ‘Nou pa koupab, paske se yo ki te peche kont SENYÈ ki se abitasyon ladwati a, menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’
כל מוצאיהם אכלום וצריהם אמרו לא נאשם תחת אשר חטאו ליהוה נוה צדק ומקוה אבותיהם יהוה
8 “Detounen kite mitan Babylone! Sòti nan peyi Kaldeyen yo. Fè konsi se mal kabrit k ap mache nan tèt bann an.
נדו מתוך בבל ומארץ כשדים יצאו (צאו) והיו כעתודים לפני צאן
9 Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.
כי הנה אנכי מעיר ומעלה על בבל קהל גוים גדלים מארץ צפון וערכו לה משם תלכד חציו כגבור משכיל לא ישוב ריקם
10 Chaldée va vin yon viktim; tout moun ki piyaje li va jwenn kont yo,” deklare SENYÈ a.
והיתה כשדים לשלל כל שלליה ישבעו נאם יהוה
11 “Akoz nou kontan, akoz nou ap fete, o nou menm ki te konn piyaje eritaj Mwen an; akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl k ap foule sereyal; epi ki vin ranni kon jenn poulen,
כי תשמחי (תשמחו) כי תעלזי (תעלזו) שסי נחלתי כי תפושי (תפושו) כעגלה דשה ותצהלי (ותצהלו) כאברים
12 manman nou va tèlman wont, sila ki te bay nou nesans lan va imilye. Gade byen, li va pi piti pami nasyon yo, yon savann, yon peyi sèch, yon dezè.
בושה אמכם מאד חפרה יולדתכם הנה אחרית גוים מדבר ציה וערבה
13 Akoz endiyasyon SENYÈ a, li p ap abite, men li va dezole nèt. Tout moun ki pase kote Babylone va vin sezi. E va sifle kon koulèv akoz tout dega li yo.
מקצף יהוה לא תשב והיתה שממה כלה כל עבר על בבל ישם וישרק על כל מכותיה
14 Monte lign batay ou kont Babylone tout kote, nou tout ki konn koube banza. Tire sou li. Pa konsève flèch nou yo, paske li te peche kont SENYÈ a.
ערכו על בבל סביב כל דרכי קשת ידו אליה אל תחמלו אל חץ כי ליהוה חטאה
15 Leve kriye batay la kont li tout kote! Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe, miray li yo fin demoli. Paske sa se vanjans SENYÈ a. Pran vanjans sou li. Jan li te konn fè a, fè l konsa.
הריעו עליה סביב נתנה ידה נפלו אשויתיה (אשיותיה) נהרסו חומותיה כי נקמת יהוה היא הנקמו בה כאשר עשתה עשו לה
16 Koupe retire kiltivatè Babylone nan; ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la. Akoz krent nepe opresè a, yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo, e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.
כרתו זורע מבבל ותפש מגל בעת קציר--מפני חרב היונה איש אל עמו יפנו ואיש לארצו ינסו
17 “Israël se yon bann moun kap kouri devan lachas lyon an te chase yo ale. Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a, e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”
שה פזורה ישראל אריות הדיחו הראשון אכלו מלך אשור וזה האחרון עצמו נבוכדראצר מלך בבל
18 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va pini wa Babylone nan ak peyi li a, menm jan ke M te pini wa Assyrie a.
לכן כה אמר יהוה צבאות אלהי ישראל הנני פקד אל מלך בבל ואל ארצו--כאשר פקדתי אל מלך אשור
19 Epi Mwen va mennen Israël retounen nan patiraj li e li va jwen manje li sou Carmel ak sou Basan; epi dezi li va satisfè nan peyi kolin Éphraïm ak Galaad yo.
ושבבתי את ישראל אל נוהו ורעה הכרמל והבשן ובהר אפרים והגלעד תשבע נפשו
20 Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la, men p ap genyen; epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn; paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”
בימים ההם ובעת ההיא נאם יהוה יבקש את עון ישראל ואיננו ואת חטאת יהודה ולא תמצאינה כי אסלח לאשר אשאיר
21 “Kont peyi Merathaïm nan monte; kont li ak kont moun Pékod yo. Touye yo e detwi yo nèt,” deklare SENYÈ a; “epi fè selon tout sa ke M te kòmande nou yo.
על הארץ מרתים עלה עליה ואל יושבי פקוד חרב והחרם אחריהם נאם יהוה ועשה ככל אשר צויתיך
22 Bri batay la nan peyi a ak destriksyon an vin gran.
קול מלחמה בארץ--ושבר גדול
23 Gade kijan mato k ap frape tout latè a fin koupe an moso e kraze! Gade kijan Babylone te vin yon objè degoutan pami nasyon yo!
איך נגדע וישבר פטיש כל הארץ איך היתה לשמה בבל בגוים
24 Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”
יקשתי לך וגם נלכדת בבל ואת לא ידעת נמצאת וגם נתפשת--כי ביהוה התגרית
25 SENYÈ a te ouvri depo zam Li. Li te fè parèt zam endiyasyon Li yo, paske Senyè BONDYE Dèzame yo gen travay ki pou fèt nan peyi Kaldeyen yo.
פתח יהוה את אוצרו ויוצא את כלי זעמו כי מלאכה היא לאדני יהוה צבאות--בארץ כשדים
26 Vin kote li soti nan lizyè ki pi lwen an. Ouvri depo li yo. Anpile li kon gwo pil. Detwi li nèt. Pa kite anyen rete pou li.
באו לה מקץ פתחו מאבסיה סלוה כמו ערמים והחרימוה אל תהי לה שארית
27 Mete tout jenn towo li yo a nepe. Kite yo desann nan masak la! Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive, lè pinisyon pa yo a.
חרבו כל פריה ירדו לטבח הוי עליהם כי בא יומם עת פקדתם
28 Tande bri a sila k ap sove ale yo, ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan, pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an; vanjans pou tanp Li an.
קול נסים ופלטים מארץ בבל להגיד בציון את נקמת יהוה אלהינו--נקמת היכלו
29 “Rele anpil kont Babylone, tout sila ki konn koube banza yo. Fè kan kont li tout kote, pa bay li mwayen pou chape menm. Rekonpanse li selon zèv li yo. Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li; paske li te vin awogan kont SENYÈ a, kont Sila Ki Sen an Israël la.
השמיעו אל בבל רבים כל דרכי קשת חנו עליה סביב אל יהי (לה) פליטה שלמו לה כפעלה ככל אשר עשתה עשו לה כי אל יהוה זדה אל קדוש ישראל
30 Pou sa, jennonm pa l yo va tonbe nan lari; e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ a.
לכן יפלו בחוריה ברחבתיה וכל אנשי מלחמתה ידמו ביום ההוא נאם יהוה
31 “Gade byen, Mwen kont ou, O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo, “Paske jou pa ou a fin rive, lè ke M va pini ou a.
הנני אליך זדון נאם אדני יהוה צבאות כי בא יומך עת פקדתיך
32 Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li; epi Mwen va mete dife nan vil li yo e li va devore tout andwa l yo.”
וכשל זדון ונפל ואין לו מקים והצתי אש בעריו ואכלה כל סביבתיו
33 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Fis Israël yo vin oprime, ansanm ak fis a Juda yo. Tout moun ki te pran yo an kaptivite yo te kenbe yo di. Yo te refize lage yo.
כה אמר יהוה צבאות עשוקים בני ישראל ובני יהודה יחדו וכל שביהם החזיקו בם מאנו שלחם
34 Redanmtè yo a fò. SENYÈ dèzame yo se non Li; Li va plede ka yo ak gwo fòs pou L ka mennen lapè sou tè a, ak gwo twoub sou sila ki rete Babylone yo.
גאלם חזק יהוה צבאות שמו--ריב יריב את ריבם למען הרגיע את הארץ והרגיז לישבי בבל
35 “Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a: “Kont moun ki rete Babylone yo, kont ofisye li yo ak mesye saj li yo!
חרב על כשדים נאם יהוה ואל ישבי בבל ואל שריה ואל חכמיה
36 Yon nepe kont moun anfle yo; yo va devni moun fou! Yon nepe kont mesye pwisan li yo; yo va twouble nèt!
חרב אל הבדים ונאלו חרב אל גבוריה וחתו
37 Yon nepe kont cheval li yo, kont cha lagè yo, kont tout etranje ki rete nan mitan l yo e yo va vin tankou fanm! Yon nepe rete sou trezò li yo, e yo va piyaje!
חרב אל סוסיו ואל רכבו ואל כל הערב אשר בתוכה--והיו לנשים חרב אל אוצרתיה ובזזו
38 Yon sechrès sou dlo li yo, e yo va vin sèch nèt! Paske se yon peyi imaj taye, e yo fou pou zidòl sa yo.
חרב אל מימיה ויבשו כי ארץ פסלים היא ובאימים יתהללו
39 Akoz sa, bèt dezè yo va viv la, ansanm ak chen mawon. Anplis, otrich va viv ladann, e li p ap janm gen moun ladann ankò, ni moun k ap viv la de jenerasyon an jenerasyon.
לכן ישבו ציים את איים וישבו בה בנות יענה ולא תשב עוד לנצח ולא תשכון עד דור ודר
40 “Tankou lè Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe ak vwazen li yo,” deklare SENYÈ a: “Nanpwen moun k ap viv la, ni fis a lòm k ap rete ladann.
כמהפכת אלהים את סדם ואת עמרה ואת שכניה--נאם יהוה לא ישב שם איש ולא יגור בה בן אדם
41 “Gade byen, yon pèp ap vini soti nan nò, Yon gwo nasyon ak anpil wa va leve soti nan dènye pwent latè.
הנה עם בא מצפון וגוי גדול ומלכים רבים יערו מירכתי ארץ
42 Yo sezi banza yo, ak lans yo; yo mechan e yo san mizerikòd. Vwa yo gwonde tankou lanmè. Yo monte sou cheval yo, chaken byen òdone tankou moun pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.
קשת וכידן יחזיקו אכזרי המה ולא ירחמו--קולם כים יהמה ועל סוסים ירכבו ערוך כאיש למלחמה עליך בת בבל
43 Wa Babylone nan te tande rapò de yo, e men li pann san fòs. Gwo dekourajman sezi li; gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.
שמע מלך בבל את שמעם ורפו ידיו צרה החזיקתהו--חיל כיולדה
44 Gade byen, youn va monte kon yon lyon soti nan rakbwa Jourdain an, rive nan yon abitasyon byen fò; paske nan yon moman, Mwen va fè yo kouri kite li. Epi nenpòt moun ki chwazi, Mwen va dezinye l mete sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen? E se kilès k ap fè m tan lè M? Kilès ki bèje ki ka kanpe devan M?”
הנה כאריה יעלה מגאון הירדן אל נוה איתן--כי ארגעה ארוצם (אריצם) מעליה ומי בחור אליה אפקד כי מי כמוני ומי יועדני ומי זה רעה אשר יעמד לפני
45 Pou sa, tande konsèy SENYÈ a, ke li te fè kont Babylone; plan a ke Li deja fome kont peyi Kaldeyen yo: Anverite, yo va vin trennen deyò, menm piti nan bann mouton yo. Anverite, li va fè abitasyon yo dezole sou yo.
לכן שמעו עצת יהוה אשר יעץ אל בבל ומחשבותיו אשר חשב אל ארץ כשדים אם לא יסחבום צעירי הצאן אם לא ישים עליהם נוה
46 Latè vin souke ak gwo kri “Babylone te vin pran!” E gwo kri sa a vin tande pami nasyon yo.
מקול נתפשה בבל נרעשה הארץ וזעקה בגוים נשמע

< Jeremi 50 >