< Jeremi 5 >

1 “Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen nòte. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.
שוטטו בחוצות ירושלם וראו נא ודעו ובקשו ברחובותיה אם תמצאו איש אם יש עשה משפט מבקש אמונה ואסלח לה׃
2 E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”
ואם חי יהוה יאמרו לכן לשקר ישבעו׃
3 O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.
יהוה עיניך הלוא לאמונה הכיתה אתם ולא חלו כליתם מאנו קחת מוסר חזקו פניהם מסלע מאנו לשוב׃
4 Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo.
ואני אמרתי אך דלים הם נואלו כי לא ידעו דרך יהוה משפט אלהיהם׃
5 Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo.
אלכה לי אל הגדלים ואדברה אותם כי המה ידעו דרך יהוה משפט אלהיהם אך המה יחדו שברו על נתקו מוסרות׃
6 Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.
על כן הכם אריה מיער זאב ערבות ישדדם נמר שקד על עריהם כל היוצא מהנה יטרף כי רבו פשעיהם עצמו משבותיהם׃
7 Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.
אי לזאת אסלוח לך בניך עזבוני וישבעו בלא אלהים ואשבע אותם וינאפו ובית זונה יתגדדו׃
8 Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo.
סוסים מיזנים משכים היו איש אל אשת רעהו יצהלו׃
9 “Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?
העל אלה לוא אפקד נאם יהוה ואם בגוי אשר כזה לא תתנקם נפשי׃
10 “Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.
עלו בשרותיה ושחתו וכלה אל תעשו הסירו נטישותיה כי לוא ליהוה המה׃
11 Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.
כי בגוד בגדו בי בית ישראל ובית יהודה נאם יהוה׃
12 Yo te manti sou SENYÈ a, pou di: “Li pa la; malè p ap rive nou e nou p ap wè nepe ni gwo grangou.
כחשו ביהוה ויאמרו לא הוא ולא תבוא עלינו רעה וחרב ורעב לוא נראה׃
13 Pwofèt yo se tankou van, e pawòl la pa nan yo. Se konsa, li va rive yo!”
והנביאים יהיו לרוח והדבר אין בהם כה יעשה להם׃
14 Pou sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo: “Akoz nou te pale pawòl sa a, gade byen, Mwen ap fè pawòl Mwen nan bouch ou vin dife, pèp sa a vin bwa a, e li va manje yo nèt.
לכן כה אמר יהוה אלהי צבאות יען דברכם את הדבר הזה הנני נתן דברי בפיך לאש והעם הזה עצים ואכלתם׃
15 Gade byen, M ap fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di.
הנני מביא עליכם גוי ממרחק בית ישראל נאם יהוה גוי איתן הוא גוי מעולם הוא גוי לא תדע לשנו ולא תשמע מה ידבר׃
16 Fouwo pa yo se kon yon tonm tou louvri; yo tout se gèrye vanyan.
אשפתו כקבר פתוח כלם גבורים׃
17 Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”
ואכל קצירך ולחמך יאכלו בניך ובנותיך יאכל צאנך ובקרך יאכל גפנך ותאנתך ירשש ערי מבצריך אשר אתה בוטח בהנה בחרב׃
18 “Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt.
וגם בימים ההמה נאם יהוה לא אעשה אתכם כלה׃
19 Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’
והיה כי תאמרו תחת מה עשה יהוה אלהינו לנו את כל אלה ואמרת אליהם כאשר עזבתם אותי ותעבדו אלהי נכר בארצכם כן תעבדו זרים בארץ לא לכם׃
20 “Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, pou di:
הגידו זאת בבית יעקב והשמיעוה ביהודה לאמר׃
21 ‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.
שמעו נא זאת עם סכל ואין לב עינים להם ולא יראו אזנים להם ולא ישמעו׃
22 Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
האותי לא תיראו נאם יהוה אם מפני לא תחילו אשר שמתי חול גבול לים חק עולם ולא יעברנהו ויתגעשו ולא יוכלו והמו גליו ולא יעברנהו׃
23 “Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale.
ולעם הזה היה לב סורר ומורה סרו וילכו׃
24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
ולא אמרו בלבבם נירא נא את יהוה אלהינו הנתן גשם וירה ומלקוש בעתו שבעות חקות קציר ישמר לנו׃
25 “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou.
עונותיכם הטו אלה וחטאותיכם מנעו הטוב מכם׃
26 Paske moun mechan twouve yo pami pèp Mwen an. Y ap veye tankou moun k ap pran bèt nan pèlen. Yo ranje pèlen an. Se moun yo pran.
כי נמצאו בעמי רשעים ישור כשך יקושים הציבו משחית אנשים ילכדו׃
27 Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen.
ככלוב מלא עוף כן בתיהם מלאים מרמה על כן גדלו ויעשירו׃
28 Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.
שמנו עשתו גם עברו דברי רע דין לא דנו דין יתום ויצליחו ומשפט אביונים לא שפטו׃
29 “Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?
העל אלה לא אפקד נאם יהוה אם בגוי אשר כזה לא תתנקם נפשי׃
30 “Yon bagay degoutan e etonan te rive nan peyi a:
שמה ושערורה נהיתה בארץ׃
31 Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?
הנביאים נבאו בשקר והכהנים ירדו על ידיהם ועמי אהבו כן ומה תעשו לאחריתה׃

< Jeremi 5 >