< Jeremi 47 >

1 Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.
אשר היה דבר יהוה אל ירמיהו הנביא אל פלשתים בטרם יכה פרעה את עזה׃
2 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, dlo yo ap leve soti nan nò e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l, menm vil a sila ki rete ladann. Mesye yo va kriye fò, e tout moun ladann va rele anmwey.
כה אמר יהוה הנה מים עלים מצפון והיו לנחל שוטף וישטפו ארץ ומלואה עיר וישבי בה וזעקו האדם והילל כל יושב הארץ׃
3 Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd, zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo, papa yo pa p retounen pran pitit yo, men men yo va lage nèt ak sezisman.
מקול שעטת פרסות אביריו מרעש לרכבו המון גלגליו לא הפנו אבות אל בנים מרפיון ידים׃
4 Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo, pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo; paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo, retay a kot Caphtor a.
על היום הבא לשדוד את כל פלשתים להכרית לצר ולצידון כל שריד עזר כי שדד יהוה את פלשתים שארית אי כפתור׃
5 Gaza vin chòv; Askalon te fin detwi nèt. O retay vale yo! Pandan konbyen de tan nou va blese pwòp chè nou?
באה קרחה אל עזה נדמתה אשקלון שארית עמקם עד מתי תתגודדי׃
6 “‘Ah nepe SENYÈ a! Pandan konbyen de tan ou va refize vin kalm? Ralanti, rantre nan fouwo a; repoze e rete trankil.’
הוי חרב ליהוה עד אנה לא תשקטי האספי אל תערך הרגעי ודמי׃
7 “Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd? Kont Ashkalon, kont kot lanmè a; Se la, Li te ranje pou l te fèt.”
איך תשקטי ויהוה צוה לה אל אשקלון ואל חוף הים שם יעדה׃

< Jeremi 47 >