< Jeremi 46 >

1 Sa ki te rive selon pawòl SENYÈ a a Jérémie, pwofèt la, konsènan nasyon yo.
The word which came to Jeremiah the prophet concerning the nations.
2 Pou Égypte: konsènan lame Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.
Of Egypt. Concerning the army of Pharaoh-Necho, the king of Egypt, which was by the river Euphrates in Carchemish, which Nebuchadnezzar, king of Babylon, smote, in the fourth year of Jehoiakim, the son of Josiah, king of Judah.
3 “Alinye pwotèj ak boukliye e pwoche pre pou batay la.
Prepare ye the buckler and shield, And move on to battle!
4 Sele cheval, e monte sou do yo; pran pozisyon nou ak kas nan tèt! Netwaye tout lans yo, e mete abiman an bwonz!
Harness the horses, and mount, ye riders! Stand forth in your helmets; Make bright the spears, And put on the coats of mail!
5 Poukisa mwen te wè sa? Yo pè nèt, y ap rale fè bak, mesye pwisan yo fin bat nèt, e sèl abri yo sove ale san gade dèyè. Se gwo laperèz tout kote!” deklare SENYÈ a.
Wherefore do I see them dismayed, and turned back? Even their mighty ones are smitten; They flee apace; they look not back. Terror is on every side, saith Jehovah.
6 Pa kite sila ki pi rapid la sove ale, ni moun pwisan an chape poul li. Nan nò, akote rivyè Euphrate la, yo te glise, chape tonbe.
Let not the swift attempt to flee away, Nor the mighty man to escape; Toward the North by the river Euphrates shall they stumble and fall.
7 Se kilès sa ki leve tankou rivyè Nil la, tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?
Who is he that riseth up like the Nile, Whose waters swell like floods?
8 Égypte leve tankou rivyè Nil la, menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo. Li te di: “Mwen va leve kouvri peyi sa a; anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.”
Egypt riseth up like the Nile, And like floods do his waters swell. He saith, “I will arise, I will cover the land, I will destroy the city, and them that dwell therein.”
9 An avan, cheval yo! Kouri tankou moun fou, cha lagè yo! Kite moun pwisan yo mache devan: Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, Lidyen ki manevre e koube banza a.
Come up, ye horses, and rage, ye chariots! And let the mighty men go forth, The Ethiopians, and the Libyans, that bear the shield, And the Lydians, that bear and bend the bow!
10 Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo, yon jou vanjans, pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo. Nepe a va devore vin satisfè, Li va bwè kont li nan san yo; paske va genyen yon sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo, nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la.
This is the day of the Lord Jehovah of hosts, A day of vengeance, to avenge himself of his enemies; And the sword shall devour, and satiate itself, And it shall be made drunk with their blood. For Jehovah of hosts hath a sacrifice In the North country, by the river Euphrates.
11 Monte Galaad pou jwenn pomad gerizon an, O fi vyèj Égypte la! Anven nou te miltipliye remèd yo; nanpwen gerizon pou nou.
Go up to Gilead, and take balm, O virgin, daughter of Egypt! In vain shalt thou use many medicines; There is no cure for thee!
12 Nasyon yo te tande de bagay wont ou an, e tè a plen ak kri detrès ou; paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèye, e toulède tonbe atè ansanm.
The nations have heard of thy shame, And thy cry hath filled the earth; For they have stumbled, the mighty against the mighty, And they are fallen both together.
13 Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou frape peyi Égypte la:
The word which Jehovah spake to Jeremiah the prophet, concerning the coming of Nebuchadnezzar, king of Babylon, to smite the land of Egypt.
14 “Se pou nou deklare an Égypte e pwoklame nan Migdol; pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès; Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe, paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’
Declare ye in Egypt, and proclaim in Migdol, Proclaim ye also in Noph and Tahpanhes! Say ye, “Stand fast and prepare thyself, For the sword shall devour round about thee!”
15 Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène? Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te pouse yo desann.
Wherefore are thy mighty ones overthrown? They stood not, because Jehovah cast them down.
16 Li fè anpil tonbe; anverite, yo tonbe youn kont lòt. Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou, lwen nepe a sila k ap oprime a.’
He caused many to fall; one fell upon another; And they said, “Arise, and let us go to our own people, And to the land of our nativity, from the overpowering sword.”
17 Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la, pa plis ke yon gwo bri; li te kite tan deziye a fin pase!’
There they cry, “Pharaoh, king of Egypt, is undone! He hath let pass the appointed time.”
18 “Jan Mwen viv la,” deklare Wa a ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo, “Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo, oswa tankou Carmel akote lanmè a; se konsa lap vini.
As I live, saith the King, Whose name is Jehovah of hosts: Like Tabor among the mountains, And like Carmel by the sea, he cometh! Prepare thyself travelling equipage,
19 Prepare valiz ou pou egzil, O fi k ap demere an Égypte, paske Noph va devni yon dezolasyon; li va brile menm, pou l rete vid san moun ladann.
Thou who dwellest in Egypt! For Noph shall become waste, Yea, desolate without an inhabitant.
20 “Égypte se yon gazèl byen bèl, men yon gwo mouch ap vini soti nan nò. Li fin rive.
Egypt is a fair heifer, But destruction cometh; it cometh from the North.
21 Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo tankou jenn bèf yo byen angrese, paske yo menm tou te fin vire nèt; yo te sove ale ansanm. Yo pa t kanpe, paske jou malè pa yo fin rive sou yo; lè pinisyon pa yo.
Her mercenaries also in the midst of her are like fatted bullocks; Yet they also turn back; they flee together; they stand not; For the day of their calamity is come upon them, And the time of their punishment.
22 Son li va soti kon yon sèpan; paske tankou yon lame, yo vini, yo rive kote li ak moun k ap pote rach.
Her voice shall be heard like that of a serpent, When they shall march against her with their forces, And come against her with axes like fellers of trees.
23 “Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a; anverite, li p ap twouve ankò; paske yo plis pase gwo lame krikèt volan. Fòs kantite yo depase kontwòl.
They shall cut down her forest, though it be impenetrable; For they exceed the locusts in multitude, And are innumerable.
24 Fi Égypte la ap fè gwo wont; lap livre nan pouvwa moun nan nò yo.”
The daughter of Egypt is brought to shame; She is given into the hand of the people of the North.
25 SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo.
Jehovah of hosts, the God of Israel, saith: Behold, I will punish Ammon of No, And Pharaoh, and Egypt, with their gods and their kings; Even Pharaoh and all that trust in him.
26 Mwen va livre yo a sila k ap chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.
And I will deliver them into the hands of those that seek their lives, And into the hand of Nebuchadnezzar, king of Babylon, And into the hand of his servants. But after this it shall be inhabited, As in the days of old, saith Jehovah.
27 Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël! Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen, e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen pou rete san twoub, ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.
But fear thou not, O my servant Jacob, And be not thou dismayed, O Israel! For, behold, I will bring thee safe from afar, And thy posterity from the land of their captivity; And Jacob shall return and be at rest, Yea, he shall be quiet, and none shall make him afraid.
28 O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
Fear thou not, O Jacob, my servant, saith Jehovah, For I will be with thee; When I shall make a full end of all the nations Whither I have dispersed thee, Yet will I not make a full end of thee; I will correct thee in measure; Yet must I not leave thee wholly unpunished.

< Jeremi 46 >