< Jeremi 45 >

1 Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te pale a Baruc, fis a Nérija, lè l te fin ekri pawòl sila yo nan yon liv selon dikte Jérémie, nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, lè l te di:
در سال چهارم سلطنت یهویاقیم پادشاه (پسر یوشیا، پادشاه یهودا)، باروک تمام سخنان خدا را که به او گفته بودم، بر طوماری نوشت. پس از آن، این پیغام را از جانب خداوند، خدای بنی‌اسرائیل به او دادم:
2 Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la a ou menm, O Baruc:
3 ‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”
«ای باروک تو گفته‌ای:”وای بر من! خداوند غمها و دردهای مرا افزوده است. از آه و ناله خسته شده‌ام و یک دم آرام ندارم.“
4 “Se konsa ou dwe pale li, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sa ke M te bati a, Mwen prèt pou demoli li, e sa ke M te plante a, Mwen prèt pou rache li; sa vle di, tout peyi a.”
ولی ای باروک، خداوند می‌گوید: بدان که من هر چه ساخته‌ام، منهدم خواهم نمود، و هر چه کاشته‌ام، ریشه‌کن خواهم کرد. بله، این کار را با این سرزمین خواهم نمود!
5 Men ou menm, èske w ap chache gwo bagay pou ou menm? Pa chache, paske gade byen, Mwen va mennen dezas sou tout chè,’ deklare SENYÈ a: “Men Mwen va kite ou chape ak lavi ou a, nenpòt kote ou ale.”
پس آیا تو در چنین وضعی، برای خودت چیزهای بزرگ آرزو می‌کنی؟ این کار را نکن! با این حال، اگرچه بر سر این مردم بلاهای بسیار بیاورم، ولی به پاس زحماتت، هر جا بروی جانت را حفظ خواهم کرد!»

< Jeremi 45 >