< Jeremi 42 >
1 Epi tout gran chèf lame yo, Jochanan, fis a Karéach la, Jezania, fis Hosée a, ak tout pèp la, ni piti, ni gran, te pwoche.
眾軍長和加利亞的兒子約哈難,並何沙雅的兒子耶撒尼亞以及眾百姓,從最小的到至大的都進前來,
2 Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an,
對先知耶利米說:「求你准我們在你面前祈求,為我們這剩下的人禱告耶和華-你的上帝。我們本來眾多,現在剩下的極少,這是你親眼所見的。
3 pou SENYÈ a, Bondye ou a, kapab pale nou de chemen ke nou ta dwe pran an, ak bagay ke nou ta dwe fè a.”
願耶和華-你的上帝指示我們所當走的路,所當做的事。」
4 Jérémie, pwofèt la, te di yo: “Mwen te tande. Gade byen, mwen va priye a SENYÈ a, Bondye nou an, an akò ak tout pawòl nou yo, epi mwen va di nou tout mesaj avèk sila SENYÈ a va reponn nou yo. Mwen p ap kenbe dèyè menm yon mo pou nou.”
先知耶利米對他們說:「我已經聽見你們了,我必照着你們的話禱告耶和華-你們的上帝。耶和華無論回答甚麼,我必都告訴你們,毫不隱瞞。」
5 Epi yo te di a Jérémie: “Ke SENYÈ a kapab yon vrè fidèl temwen kont nou si nou pa aji selon tout mesaj ke SENYÈ a, Bondye ou a, va voye pou nou.
於是他們對耶利米說:「我們若不照耶和華-你的上帝差遣你來說的一切話行,願耶和華在我們中間作真實誠信的見證。
6 Kit li dous, kit li pa dous, nou va koute vwa SENYÈ a sou sila nou ap voye ou a, pou sa kapab ale byen pou nou lè nou koute vwa SENYÈ a, Bondye nou an.”
我們現在請你到耶和華-我們的上帝面前,他說的無論是好是歹,我們都必聽從;我們聽從耶和華-我們上帝的話,就可以得福。」
7 Alò, lè sèt jou fin ekoule, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie.
過了十天,耶和華的話臨到耶利米。
8 Konsa, li te rele Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame ki te avè l yo ak tout pèp la, ni piti, ni gran.
他就將加利亞的兒子約哈難和同着他的眾軍長,並眾百姓,從最小的到至大的都叫了來,
9 Epi li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, a Sila nou te voye mwen pou prezante sa nou t ap mande devan L lan:
對他們說:「耶和華-以色列的上帝,就是你們請我在他面前為你們祈求的主,如此說:
10 ‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an.
『你們若仍住在這地,我就建立你們,必不拆毀,栽植你們,並不拔出,因我為降與你們的災禍後悔了。
11 Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l.
不要怕你們所怕的巴比倫王。』」耶和華說:「不要怕他!因為我與你們同在,要拯救你們脫離他的手。
12 Anplis, Mwen va montre nou konpasyon, pou l ta genyen konpasyon anvè nou e restore nou sou pwòp tè pa nou.
我也要使他發憐憫,好憐憫你們,叫你們歸回本地。
13 “‘Men si nou ap di: “Nou p ap rete nan peyi sa a,” pou nou pa ta koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an,
倘若你們說:『我們不住在這地』,以致不聽從耶和華-你們上帝的話,
14 epi di: “Non, men nou va ale nan peyi Égypte, kote nou p ap tande afè lagè, ni son a twonpèt, ni grangou pou pen, e se la nou va rete;”’
說:『我們不住這地,卻要進入埃及地,在那裏看不見爭戰,聽不見角聲,也不致無食飢餓。我們必住在那裏。』
15 alò, nan ka sa a, koute pawòl SENYÈ a, O retay a Juda yo. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Si nou, anverite, fikse vizaj nou pou antre an Égypte e pou antre nan rezidans lan,
你們所剩下的猶大人哪,現在要聽耶和華的話。萬軍之耶和華-以色列的上帝如此說:『你們若定意要進入埃及,在那裏寄居,
16 alò, nepe ke nou vrèman krent lan va rive pran nou nan peyi Égypte la, epi grangou ke nou krent anpil la, va swiv nou de prè an Égypte, e la nou va mouri.
你們所懼怕的刀劍在埃及地必追上你們!你們所懼怕的饑荒在埃及要緊緊地跟隨你們!你們必死在那裏!
17 Konsa, tout mesye ki fikse panse yo pou rive la an Égypte, pou fè rezidans yo la, va mouri pa nepe, pa grangou, ak gwo epidemi. Yo p ap gen retay, ni ki chape sou gwo malè ke Mwen va fè vini sou yo a.’
凡定意要進入埃及在那裏寄居的必遭刀劍、饑荒、瘟疫而死,無一人存留,逃脫我所降與他們的災禍。』
18 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’
「萬軍之耶和華-以色列的上帝如此說:『我怎樣將我的怒氣和忿怒傾在耶路撒冷的居民身上,你們進入埃及的時候,我也必照樣將我的忿怒傾在你們身上,以致你們令人辱罵、驚駭、咒詛、羞辱,你們不得再見這地方。』
19 “SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa.
所剩下的猶大人哪,耶和華論到你們說:『不要進入埃及去。』你們要確實地知道我今日警教你們了。
20 Paske nou twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.”
你們行詭詐自害;因為你們請我到耶和華-你們的上帝那裏,說:『求你為我們禱告耶和華-我們上帝,照耶和華-我們的上帝一切所說的告訴我們,我們就必遵行。』
21 Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo.
我今日將這話告訴你們,耶和華-你們的上帝為你們的事差遣我到你們那裏說的,你們卻一樣沒有聽從。
22 Akoz sa, nou ta koulye a dwe konprann ke nou va mouri pa nepe, pa grangou e pa gwo epidemi, nan plas kote nou vle ale rezide a.
現在你們要確實地知道,你們在所要去寄居之地必遭刀劍、饑荒、瘟疫而死。」