< Jeremi 40 >
1 Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak chenn pami tout egzil a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo.
耶利米锁在耶路撒冷和犹大被掳到巴比伦的人中,护卫长尼布撒拉旦将他从拉玛释放以后,耶和华的话临到耶利米。
2 Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a;
护卫长将耶利米叫来,对他说:“耶和华—你的 神曾说要降这祸与此地。
3 epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou.
耶和华使这祸临到,照他所说的行了;因为你们得罪耶和华,没有听从他的话,所以这事临到你们。
4 Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”
现在我解开你手上的链子,你若看与我同往巴比伦去好,就可以去,我必厚待你;你若看与我同往巴比伦去不好,就不必去。看哪,全地在你面前,你以为哪里美好,哪里合宜,只管上那里去吧!”
5 Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.” Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale.
耶利米还没有回去,护卫长说:“你可以回到沙番的孙子亚希甘的儿子基大利那里去;现在巴比伦王立他作犹大城邑的省长。你可以在他那里住在民中,不然,你看哪里合宜就可以上那里去。”于是护卫长送他粮食和礼物,释放他去了。
6 Konsa, Jérémie te ale Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a.
耶利米就到米斯巴见亚希甘的儿子基大利,在他那里住在境内剩下的民中。
7 Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo.
在田野的一切军长和属他们的人听见巴比伦王立了亚希甘的儿子基大利作境内的省长,并将没有掳到巴比伦的男人、妇女、孩童,和境内极穷的人全交给他。
8 Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo.
于是军长尼探雅的儿子以实玛利,加利亚的两个儿子约哈难和约拿单,单户篾的儿子西莱雅,并尼陀法人以斐的众子,玛迦人的儿子耶撒尼亚和属他们的人,都到米斯巴见基大利。
9 Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pe sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou.
沙番的孙子亚希甘的儿子基大利向他们和属他们的人起誓说:“不要怕服事迦勒底人,只管住在这地,服事巴比伦王,就可以得福。
10 Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase divin nan, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”
至于我,我要住在米斯巴,伺候那到我们这里来的迦勒底人;只是你们当积蓄酒、油,和夏天的果子,收在器皿里,住在你们所占的城邑中。”
11 Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziyen sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an.
在摩押地和亚扪人中,在以东地和各国的一切犹大人,听见巴比伦王留下些犹大人,并立沙番的孙子亚希甘的儿子基大利管理他们。
12 Epi tout Jwif yo te retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.
这一切犹大人就从所赶到的各处回来,到犹大地的米斯巴基大利那里,又积蓄了许多的酒,并夏天的果子。
13 Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa.
加利亚的儿子约哈难和在田野的一切军长来到米斯巴见基大利,
14 Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?” Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo.
对他说:“亚扪人的王巴利斯打发尼探雅的儿子以实玛利来要你的命,你知道吗?”亚希甘的儿子基大利却不信他们的话。
15 Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: “Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”
加利亚的儿子约哈难在米斯巴私下对基大利说:“求你容我去杀尼探雅的儿子以实玛利,必无人知道。何必让他要你的命,使聚集到你这里来的犹大人都分散,以致犹大剩下的人都灭亡呢?”
16 Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: “Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”
亚希甘的儿子基大利对加利亚的儿子约哈难说:“你不可行这事,你所论以实玛利的话是假的。”