< Jeremi 39 >

1 Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li.
And it came to pass, when Jerusalem was taken, (in the ninth year of Zedekiah, the king of Judah, in the tenth month, came Nebuchadnezzar, the king of Babylon, and all his army, against Jerusalem, and besieged it;
2 Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon brèch te fèt nan miray vil la.
and in the eleventh year of Zedekiah, in the fourth month, on the ninth day of the month, was the city broken into, )
3 Epi tout ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylon yo.
that all the chieftains of the king of Babylon came, and stationed themselves in the middle gate, Nergalsharezer, Samgarnebo, Sarsechim, prefect of the eunuchs, Nergalsharezer, prefect of the magians, and all the rest of the princes of the king of Babylon.
4 Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.
And when Zedekiah, the king of Judah, and all the men of war, saw them, they fled, and went forth out of the city by night, by the way of the king's garden, through the gate between the two walls; and they went forth toward the plain.
5 Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li.
But the army of the Chaldaeans pursued them, and overtook Zedekiah in the plains of Jericho; and they took him, and brought him to Nebuchadnezzar, king of Babylon, at Riblah in the land of Hamath, where he gave judgment concerning him.
6 Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo.
And the king of Babylon slew the sons of Zedekiah at Riblah before his eyes; and all the nobles of Judah did the king of Babylon slay.
7 Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.
And he put out the eyes of Zedekiah, and bound him with fetters of brass, to carry him to Babylon.
8 Anplis, Kaldeyen yo te brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo.
And the Chaldaeans burned the king's house, and the houses of the people, with fire, and they broke down the walls of Jerusalem.
9 Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone.
And the residue of the people that remained in the city, and the deserters who had come over to him, the residue of the people that remained, Nebuzaradan, the captain of the guard, carried away to Babylon.
10 Men kèk nan sila ki te malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
But the poor of the people, who had nothing, Nebuzaradan, captain of the guard, left in the land of Judah, and gave them vineyards and fields at the same time.
11 Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di:
And Nebuchadnezzar, king of Babylon, gave charge concerning Jeremiah to Nebuzaradan, captain of the guard, saying,
12 “Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”
“Take him, and have thine eyes upon him, and do him no harm; but do to him even as he shall say to you.”
13 Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo,
Then sent Nebuzaradan, the captain of the guard, and Nebushasban, prefect of the eunuchs, and Nergalsharezer, prefect of the magians, and all the princes of the king of Babylon,
14 te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.
they sent and took Jeremiah out of the court of the prison, and committed him to Gedaliah, the son of Ahikam, the son of Shaphan, that he should carry him home; and he dwelt among the people.
15 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie pandan li te anprizone nan lakou kay gad la. Li te di:
Now the word of Jehovah had come to Jeremiah, while he was shut up in the court of the prison, saying:
16 “Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa yo va fèt devan ou nan jou sa a.
Go and speak to Ebedmelech, the Ethiopian, and say: Thus saith Jehovah of hosts, the God of Israel: Behold, I bring my words upon this city for evil and not for good, and with thine own eyes shalt thou see it in that day.
17 Men mwen va delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo.
But I will deliver thee in that day, saith Jehovah; and thou shalt not be given into the hand of the men of whom thou art afraid.
18 Paske anverite, Mwen va sove ou e ou p ap tonbe anba nepe, men ou va gen lavi ou kon benefis, akoz ou te mete konfyans nan Mwen,” deklare SENYÈ a.’”
But I will surely deliver thee, and thou shalt not fall by the sword, but thy life shall be to thee as a prey; because thou hast put thy trust in me, saith Jehovah.

< Jeremi 39 >