< Jeremi 38 >
1 Alò, Schephathia, fis a Mattan e Guedalia, fis a Paschhur, fis a Malkija, te tande pawòl ke Jérémie t ap pale a tout pèp la e t ap di:
Chefatya, pitit Matan, Gedalya, pitit Pachou, Jeoukal, pitit Chelemya, ak Pachou, pitit Malkya, te vin konnen Jeremi t'ap pale ak pèp la. Li t'ap di yo konsa:
2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Sila ki rete nan vil sa a va mouri ak nepe, ak gwo grangou e ak gwo ravaj ak maladi, men sila ki sòti pou rive anvè Kaldeyen yo va viv. Li va gen pwòp lavi l kon pwòp benefis pa l e li va viv.’
-Men mesaj Seyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va soti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.
3 Konsa pale SENYÈ a: ‘Vil sa a va anverite livre nan men a wa Babylone nan, e li va kaptire l.’”
Wi, men sa Seyè a di: Mwen pral lage lavil la nan men lame moun Babilòn yo. Y'ap pran lavil la pou yo.
4 Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a, ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”
Chèf yo al di wa a: -Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouraj. Nonm sa a pa soti pou l' ede pèp la. Se mal ase li vle pou li.
5 Konsa, Wa Sédécias te di: “Gade byen, li nan men nou; paske wa a p ap ka fè anyen kont nou menm.”
Wa Sedesyas reponn: -Bon! Fè sa nou vle avè l'. Mwen pa ka di nou anyen.
6 Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan sitèn Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la. Yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou, e Jérémie te fonse antre nan labou a.
Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pa t' gen dlo ladan l', men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a.
7 Men Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an.
Lè sa a, te gen yon moun peyi Letiopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an.
8 Epi Ébed-Mélec te sòti nan palè a wa a pou pale ak wa a. Li te di:
Ebèdmelèk soti nan palè a, li ale bò pòtay la, li di wa a konsa:
9 “Mèt mwen, wa a, mesye sila yo te aji ak mechanste nan tout sa yo te fè Jérémie yo, pwofèt ki te jete nan sitèn nan. Li va mouri kote li ye akoz gwo grangou, paske nanpwen pen ankò nan vil la.”
-Monwa, mèt mwen, sa mesye yo fè pwofèt Jeremi an pa bon non. Yo desann li nan fon sitèn lan kote, wè pa wè, l'ap mouri grangou, paske pa gen pen lavil la ankò.
10 Epi wa a te kòmande Ébed-Mélec, Etyopyen an, e te di l: “Pran trant mesye soti isit la anba otorite ou e mennen fè monte Jérémie soti nan sitèn nan avan l mouri.”
Lè sa a, wa a bay Ebèdmelèk lòd pou li pran trant lòt moun avè l' pou li wete Jeremi nan sitèn lan anvan l' mouri.
11 Konsa, Ébed-Mélec te pran mesye yo anba otorite li, e te antre nan palè a wa a, yon kote pi ba depo a. Li te pran la vye rad epwize ak vye twal epwize e te fè yo desann sou kòd, antre nan pwi a, rive kote Jérémie.
Se konsa Ebelmelèk pran moun yo avè l', li antre nan palè a, li ale yon kote ki anba pyès depo richès wa a, li pran yon bann moso twal chire ak vye rad, li mare yo nan kòd, li file yo desann bay Jeremi nan sitèn lan.
12 Konsa, Ébed-Mélec, Etyopyen an te di a Jérémie: “Alò, mete rad epwize sa yo ak twal yo anba bra ou, anba kòd yo.” Jérémie te fè l.
Epi li di Jeremi konsa: -Mete moso twal yo ak vye rad yo anba zesèl ou pou kòd yo pa kòche ou. Jeremi fè sa vre.
13 Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan, e Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
Epi yo rale l' moute soti nan sitèn lan avèk kòd yo. Apre sa, Jeremi rete nan lakou gad palè yo.
14 Epi Wa Sédécias te voye fè yo mennen Jérémie, pwofèt la, kote li nan twazyèm antre ki nan kay SENYÈ a; epi wa a te di a Jérémie: “Mwen ap mande ou yon bagay. Pa kache anyen devan m.”
Yon lòt fwa ankò, wa Sedesyas voye chache pwofèt Jeremi, li fè yo mennen l' ba li bò twazyèm pòt pou antre nan kay Seyè a. Wa a di l' konsa: -Mwen gen yon bagay m' bezwen mande ou. Reponn mwen kare, pa kache m' anyen.
15 Epi Jérémie te reponn a Sédécias: “Si mwen pale ou, anverite, ou p ap mete m a lanmò? Anplis, menm si m bay ou konsèy, ou p ap koute mwen.”
Jeremi reponn li: -Ala, si mwen pale ou kare, w'ap fè yo touye m'. Si m' ba ou yon konsèy, ou p'ap koute m'.
16 Men wa Sédécias te sèmante a Jérémie an sekrè. Li te di: “Kon SENYÈ a viv la, ki te fè nanm nou, anverite, mwen p ap mete ou a lanmò, ni mwen p ap livre ou nan men a mesye sila k ap chache pran lavi ou yo.”
Wa Sedesyas rele Jeremi sou kote, li fè l' sèman. Li di l' konsa: -Mwen pran Bondye vivan an, Bondye ki ban nou lavi a, pou temwen, mwen p'ap fè touye ou, ni mwen p'ap lage ou nan men moun ki vle touye ou yo.
17 Epi Jérémie te di a Sédécias: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la; ‘Si, anverite, ou va sòti deyò pou vin soumèt a wa Babylone nan; alò, ou va viv, vil sa a p ap brile ak dife e ou menm ak lakay ou va viv.
Lè sa a, Jeremi di Sedesyas konsa: -Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou.
18 Men si ou pa ale deyò kote ofisye a wa Babylone yo, alò, vil sa va livre nan men a Kaldeyen yo. Epi yo va brile li ak dife e ou menm, ou p ap chape nan men yo.’”
Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l'. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.
19 Epi Wa Sédécias te reponn a Jérémie: “Mwen krent Jwif ki te janbe kote Kaldeyen yo, paske yo kapab petèt livre mwen nan men yo, e yo va abize m.”
Wa Sedesyas reponn: -Ou konnen sa m' pè? Se moun peyi Jida yo ki deja al rann tèt yo bay moun Babilòn yo. Mwen pè pou moun Babilòn yo pa lage m' nan men yo pou yo maltrete m'.
20 Men Jérémie te di: “Yo p ap livre ou nan men yo. Souple, obeyi SENYÈ a nan sa ke m ap di ou a, pou l ka ale byen pou ou, e pou ou kapab viv.
Jeremi di l' konsa: -Moun Babilòn yo p'ap fè ou sa. Koute mesaj Seyè a ba ou nan sa mwen di ou la a, pou tout bagay pase byen pou ou. Konsa ou p'ap mouri.
21 Men si ou kontinye refize ale deyò, men pawòl ke SENYÈ a te montre m nan:
Si ou derefize al rann tèt ou, men sa ki pral rive ou, dapre sa Seyè a fè m' wè:
22 Alò, gade byen, tout fanm ki te rete nan palè wa Juda a, va mennen deyò kote prens a wa Babylone yo; epi fanm sa yo va di: “Pwòch zanmi ou yo te egare ou e te vin domine sou ou; pandan pye ou te kole nan labou a, yo te vire kite ou.”
Yo pral pran tout fanm ki rete nan palè wa Jida a, y'ap mennen yo bay chèf wa Babilòn lan. Medam yo pral di: Moun ki te pi bon zanmi wa a pran tèt li, yo fè l' fè sa yo vle. Koulye a, bra msye pran n'a pèlen. Yo kouri kite l' pou kont li.
23 Anplis, yo va mennen deyò tout madanm ou yo ak fis ou yo devan Kaldeyen yo, e ou menm, ou p ap ka chape nan men yo, men ou va sezi pa men wa Babylone nan e vil sa a va brile ak dife.’”
Yo pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennen yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a.
24 Epi Sédécias te di a Jérémie: “Pa kite pèsòn konnen pawòl sa yo, e ou p ap mouri.
Sedesyas di Jeremi konsa: -Pa kite pesonn konnen tout pawòl sa yo. Konsa ou p'ap mouri.
25 Men si ofisye yo tande ke mwen te pale avèk ou, te vin rekonèt ou e di ou: ‘Pale a nou sa ke ou te di wa a, sa ke wa a te di ou a; pa kache sa devan nou e nou p ap mete ou a lanmò,’
Si chèf yo rive konnen mwen te pale avè ou, y'ap vin jwenn ou, y'ap mande ou sa ou te di m' ak sa m' te reponn ou. Y'ap pwomèt yo p'ap touye ou si ou pa kache yo anyen.
26 alò, ou gen pou di yo: ‘Mwen t ap prezante siplikasyon mwen yo devan wa a, pou l pa fè m retounen lakay Jonathan pou m pa ta mouri la.’”
Lè sa a, w'a reponn yo: Se mande mwen t'ap mande wa a, tanpri souple, pou l' pa voye m' tounen nan prizon lakay Jonatan pou m' pa mouri la.
27 Epi tout ofisye yo te vin kote Jérémie pou te kesyone li. Pou sa, li te reponn yo selon pawòl ke wa a te kòmande yo. Epi yo te sispann pale ak li, konsi konvèsasyon an pa t koute pa okenn moun.
Tout chèf yo vini jwenn Jeremi vre. Yo mande l' yon bann pawòl. Jeremi reponn yo jan wa a te di l' la. Pa t' gen anyen chèf yo te ka fè paske pesonn pa t' tande koze Jeremi te gen ak wa a.
28 Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad yo jis rive jou ke Jérusalem te vin kaptire a.
Jeremi rete nan lakou gad palè yo jouk jou yo pran lavil Jerizalèm.