< Jeremi 35 >

1 Pawòl ki te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a nan jou a Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, te di:
Slovo, kteréž se stalo k Jeremiášovi od Hospodina za dnů Joakima syna Joziášova, krále Judského, řkoucí:
2 “Ale lakay Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”
Jdi mezi Rechabitské, a promluvě s nimi, doveď je k domu Hospodinovu do jednoho z pokojů, a dej jim píti vína.
3 Konsa, mwen te pran Jaazania, fis a Jérémie an, fis a Habazinia a, frè li yo, tout fis li yo ak tout kay Rekabit yo,
Tedy pojav Jazaniáše syna Jeremiášova, syna Chabaciniášova, a bratří jeho i všecky syny jeho se vší rodinou Rechabitských,
4 epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, gadyen pòt la.
Dovedl jsem je k domu Hospodinovu do pokoje synů Chanana syna Igdaliášova, muže Božího, kterýž byl při pokoji knížat, jenž byl nad pokojem Maaseiáše syna Sallumova, ostříhajícího prahu.
5 Epi mwen te plase devan mesye lakay Rekabit yo, krich plen ak diven ak tas, epi mwen te di yo: “Bwè diven!”
Potom postavě před syny domu Rechabitských koflíky plné vína a číše, i řekl jsem jim: Píte víno.
6 Men yo te di: “Nou p ap bwè diven, paske Jonadab, fis a Récab la, papa nou, te bannou lòd e te di: ‘Nou p ap bwè diven, ni nou menm, ni fis nou yo jis pou tout tan.
Kteříž řekli: Nepíjíme vína. Nebo Jonadab syn Rechabův, otec náš, zapověděl nám, řka: Nepíjejte vína, vy, ani synové vaši na věky.
7 Nou pa pou bati kay e nou pa pou simen semans, ni plante chan rezen, ni achte youn; men se nan tant nou dwe viv pandan tout jou nou yo, pou nou kapab viv anpil jou nan peyi kote nou demere a.’
A domu nestavějte, ani semene nerozsívejte, vinice také neštěpujte, ani mívejte, ale v staních přebývejte po všecky dny vaše, abyste živi byli mnoho dnů na tváři země, v níž pohostinu jste.
8 Nou te obeyi a vwa Jonadab, fis a Récab la, papa nou, nan tout sa li te kòmande nou, pou pa bwè diven pandan tout jou nou yo, nou menm, madanm nou, fis nou yo ak fi nou yo,
Protož uposlechli jsme hlasu Jonadaba syna Rechabova, otce našeho, ve všem, což přikázal nám, abychom nepili vína po všecky dny své, my, manželky naše, synové naši, i dcery naše,
9 ni bati pou nou menm kay pou nou ta viv ladann. Nou pa genyen chan rezen yo, ni chan kiltive, ni semans,
Abychom nestavěli domů k bydlení svému, a vinice, ani rolí, ani nic osátého nemívali.
10 “Men se sèlman nan tant nou te rete yo. Nou te obeyi e te fè selon tout sa ke Jonadab, papa nou, te kòmande nou yo.
Ale abychom bydlili v staních. Uposlechli jsme, pravím, a děláme všecko, jakž přikázal nám Jonadab otec náš.
11 Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”
Stalo se pak, když vtrhl Nabuchodonozor král Babylonský do země, že jsme řekli: Poďte, a ujděme do Jeruzaléma před vojskem Kaldejským, a před vojskem Syrským. Takž bydlíme v Jeruzalémě.
12 Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di:
Tedy stalo se slovo Hospodinovo k Jeremiášovi, řkoucí:
13 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ale di a mesye Juda yo, e a sila k ap viv Jérusalem yo: “Èske nou p ap resevwa lenstriksyon pou koute pawòl Mwen yo?” deklare SENYÈ a.
Takto praví Hospodin zástupů, Bůh Izraelský: Jdi a rci mužům Judským a obyvatelům Jeruzalémským: Což nepřijmete naučení, abyste poslouchali slov mých? dí Hospodin.
14 “Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen.
K vykonání přichází všeliké slovo Jonadaba syna Rechabova, kterýž přikázal synům svým, aby nepili vína. Nepili zajisté až do tohoto dne, nebo poslouchají přikázaní otce svého. Já pak mluvím k vám, ráno přivstávaje, a to ustavičně, a však neposloucháte mne.
15 Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen.
Nadto posílám k vám všecky služebníky své proroky, ráno přivstávaje, a to ustavičně, říkaje: Navraťte se již jeden každý z cesty své zlé, a polepšte předsevzetí svých, a nechoďte za bohy cizími, sloužíce jim, a tak přebývejte v zemi této, kterouž jsem dal vám i otcům vašim: však nenakloňujete uší svých, aniž mne posloucháte.
16 Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’
Ješto synové Jonadabovi syna Rechabova plní přikázaní otce svého, kteréž přikázal jim, lid pak tento neposlouchají mne.
17 “Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”
Protož takto praví Hospodin Bůh zástupů, Bůh Izraelský: Aj, já uvedu na Judu a na všecky obyvatele Jeruzalémské všecko to zlé, kteréž jsem vyřkl proti nim, proto že jsem mluvíval k nim, a neposlouchali, a volával jsem na ně, ale neohlásili se.
18 Epi Jérémie te di a lakay Rekabit yo: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz nou te obeyi lòd a Jonadab, papa nou an, nou te swiv tout lòd li yo, e te fè tout sa ke li te kòmande nou;’
Rodině pak Rechabitských řekl Jeremiáš: Takto praví Hospodin zástupů, Bůh Izraelský: Protože posloucháte přikázaní Jonadaba otce vašeho, a ostříháte všech přikázaní jeho, anobrž děláte všecko, jakž přikázal vám,
19 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Jonadab, fis a Récab la, p ap manke yon nonm ki pou toujou kanpe devan M.’”
Protož takto praví Hospodin zástupů, Bůh Izraelský: Nebudeť vypléněn muž z rodu Jonadabova syna Rechabova, ješto by nestál před oblíčejem mým po všecky dny.

< Jeremi 35 >