< Jeremi 32 >
1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, nan dizyèm ane Sédécias, wa Juda a, ki te nan dizuityèm ane a Nebucadnetsar.
Riječ koju Jahve uputi Jeremiji desete godine Sidkije, kralja judejskoga, to jest osamnaeste godine Nabukodonozorove.
2 Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan lakou gad ki te lakay wa a Juda a.
U to vrijeme vojska kralja babilonskoga opsjedaše Jeruzalem, a prorok Jeremija bijaše zatvoren u tamničkom dvorištu u dvoru judejskoga kralja.
3 Akoz Sédécias, wa Juda a te mete li nan prizon e te di: “Poukisa ou pwofetize konsa pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Wa Babylone nan e li va pran l;
Sidkija, kralj judejski, bijaše ga ondje zatvorio, prigovoriv mu: “Zašto si prorokovao: 'Ovako govori Jahve: Gle, grad ću ovaj predati u ruke kralju babilonskom da ga osvoji;
4 epi Sédécias, wa Juda a p ap chape nan men a Kaldeyen yo, men anverite, li va livre bay nan lamen wa Babylone nan. Li va pale ak li fasafas e va wè li zye nan zye.
a Sidkija, kralj judejski, neće umaći sili kaldejskoj, nego će biti predan u ruke kralja babilonskoga - usta u usta s njim će govoriti, oči u oči njega vidjeti.
5 Epi konsa, li va pran Sédécias fè l rive Babylone e li va la jiskaske Mwen vizite li,” deklare SENYÈ a. “Malgre nou goumen kont Kaldeyen yo, nou p ap reyisi.”’”
Sidkiju će odvesti u Babilon i ondje će ostati dok ga ne pohodim - riječ je Jahvina! I ako se budete borili protiv Kaldejaca, nećete uspjeti!'”
6 Jérémie te reponn: “Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
Tada reče Jeremija: “Dođe mi riječ Jahvina:
7 Gade byen, Hanameel, fis a Schallum nan, tonton ou, ap vin kote ou, e li va di: ‘Achte pou ou menm chan mwen ki nan Anathoth, paske se ou menm ki gen dwa redanmsyon pou achte l.’”
'Uskoro će doći k tebi Hanamel, sin tvoga strica Šaluma, da ti kaže: Kupi njivu moju u Anatotu; ti imaš rodbinsko pravo da je kupiš!'
8 “Konsa, Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan lakou gad la selon pawòl SENYÈ a. Li te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’ “Epi mwen te konnen ke sa se te pawòl SENYÈ a.
Kako je Jahve navijestio, k meni dođe moj stričević Hanamel u tamničko dvorište i reče mi: 'De kupi moju njivu u Anatotu, jer ti imaš pravo na posjed i rodbinsko pravo da je kupiš! Kupi je!' I tada spoznah da to bijaše riječ Jahvina.
9 Mwen te achte chan ki te Anathoth la nan men Hanameel, fis a tonton m nan e mwen te peze ajan bay pou li, disèt sik ajan.
Kupih, dakle, tu njivu od stričevića Hanamela iz Anatota te mu izmjerih u novcu sedamnaest šekela srebra.
10 Mwen te siyen e mete so sou papye tè a, te rele temwen, e te peze ajan sou balans pou bay.
Napišem ugovor, udarim pečat, pozovem svjedoke i izmjerim novac na tezulji.
11 Alò, mwen te pran papye vant lan, ansanm ak kopi ki te fèmen anba so a, tout tèm ak kondisyon vant yo, ak kopi a ouvri.
Zatim uzmem kupovni ugovor, zapečaćen prema propisu i uredbama,
12 Epi mwen te bay papye vant lan bay Baruc, fis a Nérija a, fis a Macheséja a, devan zye a Hanameel, fis a tonton m nan, e devan zye a temwen ki te siyen papye vant lan, devan tout Jwif ki te chita nan lakou gad yo.
predam kupovni ugovor Baruhu, sinu Mahsejeva sina Nerije. Nazočni su bili: moj stričević Hanamel, svjedoci što su potpisali kupovni ugovor i svi Judejci koji su se našli u tamničkom dvorištu.
13 “Epi mwen te kòmande Baruc nan prezans yo, e mwen te di:
Tada pred njima zapovjedim Baruhu:
14 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël a: ‘Pran papye tè sila yo, zak vant sa a ki fèmen ak so, ansanm ak zak vant sa a ki ouvri, e mete yo nan yon veso fèt ak ajil, pou yo ka dire pou anpil tan.’
'Ovako govori Jahve nad Vojskama, Bog Izraelov: Uzmi ove isprave, ovaj kupovni ugovor, zapečaćeni i otvoreni, i stavi ih u glinenu posudu da se zadugo sačuvaju.
15 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Kay yo, jaden yo ak chan rezen yo ap vin achte ankò nan peyi sa a.’
Jer ovako govori Jahve nad Vojskama, Bog Izraelov: Još će se u ovoj zemlji kupovati i kuće, i njive, i vinogradi!'”
16 “Lè mwen te fin bay papye tè a a Baruc, fis a Nérija a; alò, mwen te priye a SENYÈ a, e te di:
Pošto kupovni ugovor predadoh Nerijinu sinu Baruhu, pomolih se Jahvi:
17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,
“O, Jahve, Gospode! Ti stvori nebo i zemlju snagom velikom, rukom uzdignutom! Ništa tebi nije nemoguće!
18 Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li.
Tisućama iskazuješ milost, a krivnju otaca osvećuješ na djeci, potomcima njihovim. Bože veliki i moćni, kome je ime Jahve nad Vojskama!
19 Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi lan a zèv li;
Velik si u svojim naumima, silan u svojim djelima! Oči tvoje bde nad svim putovima ljudskim da naplatiš svakome prema putu njegovu i prema plodu djela njegovih!
20 ki te opere sign ak mèvèy nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sa a, an Israël e pami tout imanite; epi Ou te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye jodi a.
Ti koji si činio znamenja i čudesa u zemlji egipatskoj i u Izraelu, i među svim ljudima sve do danas,
21 Ou te mennen pèp Ou a, Israël sòti nan peyi Égypte ak sign ak mèvèy, avèk yon men pwisan, yon bra lonje e avèk gwo laperèz.
ti si izveo svoj narod izraelski iz zemlje egipatske znamenjima i čudesima, rukom moćnom i mišicom podignutom, strahotama velikim.
22 Epi Ou te bay yo peyi sa a, ke Ou te sèmante a papa zansèt yo pou bay yo, yon peyi k ap koule ak lèt ak siwo myèl.
Zatim im dade svu ovu zemlju koju si zakletvom obećao ocima njihovim, zemlju u kojoj teče med i mlijeko.
23 Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.
I oni je zaposjedoše; ali nisu slušali glasa tvojega niti su hodili putem Zakona tvojega. Ništa ne učiniše od onog što im ti naredi; zato si dozvao na njih sve ove nevolje.
24 “Gade byen, men balkon tè syèj yo fin rive kote vil la pou pran l. Epi vil la fin bay nan men a Kaldeyen ki goumen kont li yo, akoz nepe, ak gwo grangou, avèk ensèk ak maladi ki devaste. Konsa, sa Ou te pale a fin rive. Gade byen, Ou wè l.
Gle, nasipi se već primakoše gradu, i bit će osvojen, i grad će pasti u ruke Kaldejcima koji na nj navaljuju mačem, glađu i kugom. Čime si prijetio, evo dolazi. I sam vidiš.
25 Ou te di mwen, O Senyè BONDYE, ‘Achte pou ou menm chan an ak lajan; rele temwen yo’ —malgre vil la fin bay nan men a Kaldeyen yo.”
A ti mi, Jahve Gospode moj, reče: 'Kupi novcem njivu i pozovi svjedoke', a grad je već predan u ruke Kaldejcima!”
26 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive a Jérémie. Li te di:
Tada mi dođe riječ Jahvina:
27 “Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen?
“Gle, ja sam Jahve, Bog svakoga tijela! Meni ništa nije nemoguće!
28 Pou sa, pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Kaldeyen yo, e nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e li va pran l.
Zato - veli Jahve - grad ovaj predajem u ruke Kaldejaca i u ruke kralja babilonskoga, koji će ga zauzeti.
29 Kaldeyen k ap goumen kont vil sa yo va antre mete dife nan tout vil sa a, e brile li, ak kay kote te gen ofrann lansan a Baal sou twati yo, e yo te vide ofrann bwason yo a lòt dye pou fè M fache.’”
Ući će u nj Kaldejci koji se bore protiv ovoga grada, ognjem će ga uništiti i spaliti ga zajedno s kućama kojima su na krovovima Baalu palili tamjan i lijevali ljevanice tuđim bogovima, mene gnjeveći.
30 “Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a.
Jer sinovi Izraelovi i sinovi Judini od mladosti čine samo zlo pred mojim očima. Doista, sinovi Izraelovi bez prestanka me gnjeve djelima ruku svojih - riječ je Jahvina.
31 “Anverite, vil sa a te atire kòlè M ak raj Mwen an soti nan jou ke yo te bati li a, menm rive nan jou sa a, pou sa ta dwe retire devan figi Mwen,
Grad ovaj, doista, samo mi je na gnjev i srdžbu otkako je sagrađen pa do dana današnjega te ga moram ukloniti ispred lica svojega
32 akoz tout mechanste ke fis Israël yo ak fis Juda yo te fè, pou yo ta pwovoke Mwen a lakòlè—yo menm, wa yo, chèf yo, prèt yo, pwofèt yo, mesye a Juda yo, ak tout moun ki rete Jérusalem yo.
zbog svega bezakonja što ga sinovi Izraelovi i sinovi Judini počiniše, gnjeveći me - oni i kraljevi njihovi, knezovi i svećenici i proroci, Judejci i Jeruzalemci.
33 Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an.
Okretahu mi leđa, a ne lice svoje, iako se neumorno trudih da ih poučim, ali me ne slušaše niti nauk moj primiše.
34 Men yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non pa M nan, pou souye l.
Postaviše grozote u Dom koji se mojim zove imenom da ga oskvrnu.
35 Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”
Baalu podigoše uzvišice u Dolini Ben Hinomu, i sinove i kćeri svoje Moleku kroz oganj provodiše - što im ja nikad ne zapovjedih; ni na um mi ne pade da bi činili takve gadosti niti da bih Judu pustio u takav grijeh.”
36 Alò, pou sa, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, konsènan vil sa a ke ou te di: “Li te livre nan men a wa a Babylone nan pa nepe, pa gwo grangou, e pa gwo epidemi.”
Ipak, ovako govori Jahve, Bog Izraelov, o tom gradu za koji vi velite da će od mača, gladi i kuge pasti u ruke kralju babilonskom:
37 “Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo, ale nan kòlè ak raj Mwen an, ak gran endiyasyon Mwen an; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a. Epi la, Mwen va fè yo rete anpè.
“Evo, ja ću ih sabrati iz svih zemalja u koje ih prognah - u gnjevu i jarosti svojoj - i vratit ću ih na ovo mjesto da ovdje spokojno žive.
38 Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo;
I oni će biti narod moj, a ja, ja ću biti Bog njihov.
39 Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.
I dat ću im srce jedno i put jedan, da bi me se bojali u sve dane, na sreću svoju i djece svoje.
40 Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen.
I sklopit ću s njima Savez vječan, nikad se više neću odvratiti od njih i uvijek ću im činiti dobro; usadit ću im u srce svoj strah, da se nikad više ne odmetnu od mene.
41 Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo. E Mwen va, ak fidelite, plante yo nan peyi sa a, ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”
I radovat ću se čineći im dobro; i čvrsto ću ih zasaditi u ovoj zemlji, svim srcem svojim, svom dušom svojom.”
42 Paske SENYÈ a di, “Menm jan ke M te mennen tout gwo dezas sa a sou pèp sa a, konsa Mwen va mennen sou yo tout bonte ke Mwen ap pwomèt yo.
Jer ovako govori Jahve: “Kao što sam na ovaj narod doveo svu ovu strašnu nesreću, tako ću na njih dovesti svu sreću koju im obrekoh.
43 Chan yo va vin achte nan peyi sa a kote ou te di: ‘Sa se yon dezolasyon, san moun ni bèt. Li livre nan men a Kaldeyen yo.’
Da, opet će se kupovati njive u ovoj zemlji o kojoj vi velite: 'Ova je pustinja, bez čovjeka i živinčeta, predana na milost i nemilost Kaldejcima!'
44 Mesye yo va achte chan yo pou lajan, siyen, mete so sou papye tè yo, e rele temwen nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo, nan vil a Juda yo, nan vil a peyi kolin yo, nan vil nan ba plèn yo, ak nan vil dezè yo; paske Mwen va ranvèse kaptivite yo,” deklare SENYÈ a.
Njive će se za novac kupovati, pisat će se i pečatiti kupovni ugovori, pozivat će se svjedoci u zemlji Benjaminovoj i u okolici Jeruzalema. U gradovima Judinim i u gradovima Gorja, Šefele, Negeba, jer ću promijeniti udes njihov” - riječ je Jahvina.