< Jeremi 30 >

1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:
RAB Yeremya'ya şöyle seslendi:
2 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv.
“İsrail'in Tanrısı RAB diyor ki, ‘Sana bildirdiğim bütün sözleri bir kitaba yaz.
3 Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”
İşte halkım İsrail'i ve Yahuda'yı eski gönençlerine kavuşturacağım günler yaklaşıyor’ diyor RAB, ‘Onları atalarına verdiğim topraklara geri getireceğim, orayı yurt edinecekler’ diyor RAB.”
4 Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda:
İsrail ve Yahuda için RAB'bin bildirdiği sözler şunlardır:
5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande son a yon gwo laperèz, a yon gwo krent; pa gen lapè.
“RAB diyor ki, ‘Korku sesi duyduk, Esenlik değil, dehşet sesi.
6 Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit. Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, konsi se fanm k ap fè pitit? Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?
Sorun da görün: Erkek, çocuk doğurur mu? Öyleyse neden doğuran kadın gibi Her erkeğin ellerini belinde görüyorum? Neden her yüz solmuş?
7 Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li. Li se lè a gwo doulè Jacob la; men li va sove de li.
Ah, ne korkunç gün! Onun gibisi olmayacak. Yakup soyu için sıkıntı dönemi olacak, Yine de sıkıntıdan kurtulacak.
8 “Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo: ke Mwen va kase jouk li a soti sou kou nou. Mwen va chire kòd yo, e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.
“‘O gün’ diyor Her Şeye Egemen RAB, ‘Boyunlarındaki boyunduruğu kıracak, Bağlarını koparacağım. Bundan böyle yabancılar onları Kendilerine köle etmeyecekler.
9 Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.
Onun yerine Tanrıları RAB'be Ve başlarına atayacağım kralları Davut'a Kulluk edecekler.
10 Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a: “Epi pa pèdi kouraj, O Israël; paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen, Li va kalm, alèz, e nanpwen moun k ap fè l fè pè.
“‘Korkma, ey kulum Yakup, Yılma, ey İsrail’ diyor RAB. ‘Çünkü seni uzak yerlerden, Soyunu sürgün edildiği ülkeden kurtaracağım. Yakup yine huzur ve güvenlik içinde olacak, Kimse onu korkutmayacak.
11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
Çünkü ben seninleyim, Seni kurtaracağım’ diyor RAB. ‘Seni aralarına dağıttığım bütün ulusları Tümüyle yok etsem de, Seni büsbütün yok etmeyecek, Adaletle yola getirecek, Hiç cezasız bırakmayacağım.’
12 Paske konsa pale SENYÈ a: “Blesi ou yo pa kab geri, e kondisyon ou byen grav.
“RAB diyor ki, ‘Senin yaran şifa bulmaz, Beren iyileşmez.
13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou; pa gen gerizon pou maleng nan, ni ou p ap ka refè.
Davanı görecek kimse yok, Yaran umarsız, şifa bulmaz.
14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.
Bütün oynaşların unuttu seni, Arayıp sormuyorlar. Seni düşman vururcasına vurdum, Acımasızca cezalandırdım. Çünkü suçun çok, Günahların sayısız.
15 Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo? Doulè ou a pa gen gerizon. Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil, Mwen te fè ou sa a.
Neden haykırıyorsun yarandan ötürü? Yaran şifa bulmaz. Suçlarının çokluğu ve sayısız günahın yüzünden Getirdim bunları başına.
16 Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore; epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, va vin viktim yo menm.
Ama seni yiyenlerin hepsi yem olacak, Bütün düşmanların sürgüne gidecek. Seni soyanlar soyulacak, Yağmalayanlar yağmalanacak.
17 Paske M ap fè ou reprann lasante, e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’”
Ama ben seni sağlığına kavuşturacak, Yaralarını iyileştireceğim’ diyor RAB, ‘Çünkü Siyon itilmiş, Onu arayan soran yok diyorlar.’
18 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, e gen konpasyon pou lakay li yo; vil la va rebati sou ranblè li yo e palè a va kanpe nan pwòp plas li.
“RAB diyor ki, ‘Yakup'un çadırlarını eski gönencine kavuşturacağım, Konutlarına acıyacağım. Yeruşalim höyük üzerinde yeniden kurulacak, Saray kendi yerinde duracak.
19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;
Oralardan şükran ve sevinç sesleri duyulacak. Sayılarını çoğaltacağım, azalmayacaklar, Onları onurlandıracağım, küçümsenmeyecekler.
20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan, e kongregasyon yo va etabli devan M. Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.
Çocukları eskisi gibi olacak, Toplulukları önümde sağlam duracak; Onlara baskı yapanların hepsini cezalandıracağım.
21 Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
Önderleri kendilerinden biri olacak, Yöneticileri kendi aralarından çıkacak. Onu kendime yaklaştıracağım, Bana yaklaşacak. Kim canı pahasına yaklaşabilir bana?’ diyor RAB.
22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”
“‘Böylece siz benim halkım olacaksınız, Ben de sizin Tanrınız olacağım.’
23 Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt, yon tanpèt k ap ravaje; li va eklate sou tèt a mechan yo.
İşte RAB'bin fırtınası öfkeyle kopacak, Şiddetli kasırgası kötülerin başında patlayacak.
24 Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè, jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li. Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”
Aklının tasarladığını tümüyle yapana dek, RAB'bin kızgın öfkesi dinmeyecek. Son günlerde bunu anlayacaksınız.”

< Jeremi 30 >