< Jeremi 3 >

1 Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.
“If a man divorces his wife and she goes from him and becomes another man's wife, will he return to her again? Would that land not be greatly polluted? You have lived as a prostitute who has many lovers; and would you return to me?—this is Yahweh's declaration.
2 “Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.
Lift up your eyes to the barren heights and look! Is there any place where you have not had illicit sex? By the roadsides you sat waiting for your lovers, as an Arab in the wilderness. You have polluted the land with your prostitution and wickedness.
3 Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.
So the showers have been withheld and the spring rains have not come; yet you have the forehead of a prostitute; you refuse to be ashamed.
4 Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?
Have you not just now called to me: 'My father! My closest friend even from my youth!
5 “‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”
Will he always be angry? Will he always keep his wrath to the end?' Look! This is what you have said, but you do all the evil you can!”
6 Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.
Then Yahweh said to me in the days of Josiah the king, “Do you see what faithless Israel has done? She has gone up every high hill and under every leafy tree, and there she has acted like a prostitute.
7 Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l.
I said, 'After she does all these things, she will return to me,' but she did not return. Then her faithless sister Judah saw these things.
8 Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.
So I saw that, in the same way that faithless Israel had committed adultery and I had sent her away and had given a bill of divorce against her, her faithless sister Judah did not fear; she also went out and acted like a prostitute.
9 Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa.
Her prostitution was nothing to her; she defiled the land, and she committed adultery with stones and trees.
10 Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.
Then after all of this, her faithless sister Judah returned to me, not with all her heart, but with a lie—this is Yahweh's declaration.”
11 Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda.
Then Yahweh said to me, “Faithless Israel has been more righteous than faithless Judah!
12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.
Go and proclaim these words to the north. Say, 'Return, faithless Israel!—this is Yahweh's declaration—I will not always be angry with you. Since I am faithful—this is Yahweh's declaration—I will not stay angry forever.
13 Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.
Acknowledge your iniquity, for you have transgressed against Yahweh your God; you have shared your ways with strangers under every leafy tree! For you have not listened to my voice!—this is Yahweh's declaration.
14 “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.”
Return, faithless people!—this is Yawheh's declaration—I am your husband! I will take you, one from a city and two from a family, and I will bring you to Zion!
15 “Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va fè nou manje sou konesans ak bon konprann.
I will give you shepherds after my heart, and they will shepherd you with knowledge and insight.
16 Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò.
Then it will happen that you will increase and bear fruit in the land in those days—this is Yahweh's declaration-they will no longer say, “The ark of the covenant of Yahweh!” This matter will no longer come up in their hearts or be remembered; it will not be missed, and another one will not be made.'
17 Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo.
In that time they will proclaim about Jerusalem, 'This is Yahweh's throne,' and all the other nations will gather at Jerusalem in Yahweh's name. They will no longer walk in the stubbornness of their wicked hearts.
18 Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”
In those days, the house of Judah will walk with the house of Israel. They will come together from the land of the north to the land that I gave your ancestors as an inheritance.
19 “Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”
As for me, I said, 'How I want to treat you as my son and give you a pleasant land, an inheritance more beautiful than what is in any other nation!' I would have said, 'You will call me “my father”.' I would have said that you would not turn from following me.
20 “Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.
But like a woman faithless to her husband, you have betrayed me, house of Israel—this is Yahweh's declaration.”
21 Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo.
A voice is heard on the plains, the weeping and pleading of the people of Israel! For they have changed their ways; they have forgotten Yahweh their God.
22 “Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.” “Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an.
“Return, faithless people! I will heal you of treachery!” “Behold! We will come to you, for you are Yahweh our God!
23 Anverite, soutyèn kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël.
Surely lies come from the hills, a confusing noise from the mountains; surely Yahweh our God is the salvation of Israel.
24 Men afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo.
Yet shameful idols have consumed what our ancestors have worked for— their flocks and cattle, their sons and daughters!
25 Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.
Let us lie down in shame. May our shame cover us, for we have sinned against Yahweh our God! We ourselves and our ancestors, from the time of our youthfulness to this present day, have not listened to the voice of Yahweh our God!”

< Jeremi 3 >