< Jeremi 2 >
1 Alò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen epi te di:
耶和华的话临到我说:
2 “Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen sonje de ou, jan ou te renmen M lè ou te jenn; lanmou ou lè ou te fiyanse avè M, jan ou te swiv Mwen nan dezè a, nan yon peyi ki pa t konn simen.
“你去向耶路撒冷人的耳中喊叫说,耶和华如此说: 你幼年的恩爱, 婚姻的爱情, 你怎样在旷野, 在未曾耕种之地跟随我, 我都记得。
3 Israël te sen a SENYÈ, premye a rekòlt Li a. Tout moun ki te manje de li va vin koupab. Se mal ki va rive yo,’” deklare SENYÈ a.”
那时以色列归耶和华为圣, 作为土产初熟的果子; 凡吞吃它的必算为有罪, 灾祸必临到他们。 这是耶和华说的。
4 Tande pawòl SENYÈ a, O lakay Jacob ak tout fanmi lakay Israël yo.
雅各家、以色列家的各族啊,你们当听耶和华的话。
5 Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?
耶和华如此说: 你们的列祖见我有什么不义, 竟远离我,随从虚无的神, 自己成为虚妄的呢?
6 Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’
他们也不说: 那领我们从埃及地上来, 引导我们经过旷野, 沙漠有深坑之地, 和干旱死荫、无人经过、 无人居住之地的耶和华在哪里呢?
7 Mwen te mennen ou antre nan yon peyi fètil pou manje fwi li ak bon bagay li yo. Men nou te vini, e nou te souye peyi Mwen an ak eritaj Mwen an, nou te fè li vin abominab.
我领你们进入肥美之地, 使你们得吃其中的果子和美物; 但你们进入的时候就玷污我的地, 使我的产业成为可憎的。
8 Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.
祭司都不说,耶和华在哪里呢? 传讲律法的都不认识我。 官长违背我; 先知借巴力说预言, 随从无益的神。
9 “Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.
耶和华说:我因此必与你们争辩, 也必与你们的子孙争辩。
10 Alò, travèse rive nan peyi kot yo nan Kittim pou wè; voye Kédar pou obsève e wè si janmen te gen yon bagay konsa!
你们且过到基提海岛去察看, 打发人往基达去留心查考, 看曾有这样的事没有。
11 Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.
岂有一国换了他的神吗? 其实这不是神! 但我的百姓将他们的荣耀换了那无益的神。
12 Menm syèl yo etonnen, jis yo vin fremi. Reste byen dezole, deklare SENYÈ a.
诸天哪,要因此惊奇, 极其恐慌,甚为凄凉! 这是耶和华说的。
13 Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.
因为我的百姓做了两件恶事, 就是离弃我这活水的泉源, 为自己凿出池子, 是破裂不能存水的池子。
14 Èske Israël se yon esklav? Èske li se yon esklav ki te fèt lakay nou? Pou ki rezon li te devni yon kaptif?
以色列是仆人吗? 是家中生的奴仆吗? 为何成为掠物呢?
15 Jenn lyon yo gwonde sou li; ak gwo bri yo leve vwa yo. Yo te fin gate peyi li nèt. Vil li yo brile nèt. Pa gen moun ki pou rete ladann.
少壮狮子向他咆哮,大声吼叫, 使他的地荒凉; 城邑也都焚烧,无人居住。
16 Anplis, mesye Memphis ak Tachpanès yo te brize kouwòn tèt ou a.
挪弗人和答比匿人也打破你的头顶。
17 Èske Se pa ou menm ki fè sa lè ou kite SENYÈ Bondye ou a, pandan Li t ap mennen ou nan chemen an?
这事临到你身上,不是你自招的吗? 不是因耶和华—你 神引你行路的时候, 你离弃他吗?
18 Men koulye a, se kisa w ap fè nan wout pou rive Égypte la, lè w ale pou bwè dlo nan Rivyè Nil lan? Oswa se kisa w ap fè nan wout pou ale Assyrie a, pou bwè dlo nan flèv pa yo a?
现今你为何在埃及路上要喝西曷的水呢? 你为何在亚述路上要喝大河的水呢?
19 Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
你自己的恶必惩治你; 你背道的事必责备你。 由此可知可见,你离弃耶和华—你的 神, 不存敬畏我的心, 乃为恶事,为苦事。 这是主—万军之耶和华说的。
20 Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.
我在古时折断你的轭,解开你的绳索。 你说:我必不事奉耶和华; 因为你在各高冈上、各青翠树下屈身行淫。
21 Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?
然而,我栽你是上等的葡萄树, 全然是真种子; 你怎么向我变为外邦葡萄树的坏枝子呢?
22 Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a.
你虽用硷、多用肥皂洗濯, 你罪孽的痕迹仍然在我面前显出。 这是主耶和华说的。
23 “Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.
你怎能说: 我没有玷污、没有随从众巴力? 你看你谷中的路,就知道你所行的如何。 你是快行的独峰驼,狂奔乱走。
24 Yon femèl bourik mawon ki abitye nan savann nan, k ap pran sant van pou lè l bezwen kwaze ak mal. Nan lè chalè li, se kilès ki ka detounen l? Tout moun k ap chache l p ap fatige kò yo; nan mwa li, yo va jwenn ak li.
你是野驴,惯在旷野, 欲心发动就吸风; 起性的时候谁能使它转去呢? 凡寻找它的必不致疲乏; 在它的月分必能寻见。
25 Kenbe bon fè sou pye ou e mouye gòj ou pou ou pa swaf; men ou te di: ‘Sa p ap ka fèt, Non! Paske mwen te fè renmen ak etranje yo; se dèyè yo m ap prale.’
我说:你不要使脚上无鞋, 喉咙干渴。 你倒说:这是枉然。 我喜爱别神,我必随从他们。
26 Tankou vòlè vin wont lè l vin dekouvri, se konsa lakay Israël vin wont— wa yo, prens yo, ak prèt yo ak pwofèt yo!
贼被捉拿,怎样羞愧, 以色列家和他们的君王、首领、 祭司、先知也都照样羞愧。
27 kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’
他们向木头说:你是我的父; 向石头说:你是生我的。 他们以背向我, 不以面向我; 及至遭遇患难的时候却说: 起来拯救我们。
28 Men kote dye ke ou te fè pou kont ou yo ye? Kite yo leve, si yo ka sove ou nan tan twoub ou yo; paske selon fòs kantite vil ou yo, kantite dye ou ye, O Juda.
你为自己做的神在哪里呢? 你遭遇患难的时候, 叫他们起来拯救你吧! 犹大啊,你神的数目与你城的数目相等。
29 Poukisa ou fè kont avè M? Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a.
耶和华说: 你们为何与我争辩呢? 你们都违背了我。
30 “Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.
我责打你们的儿女是徒然的, 他们不受惩治。 你们自己的刀吞灭你们的先知, 好像残害的狮子。
31 O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’
这世代的人哪, 你们要看明耶和华的话。 我岂向以色列作旷野呢? 或作幽暗之地呢? 我的百姓为何说: 我们脱离约束,再不归向你了?
32 Èske vyèj la ka bliye dekorasyon li yo, oswa fi maryaj la, vètman li an? Sepandan, pèp Mwen an fin bliye Mwen pandan jou ki pa ka menm konte.
处女岂能忘记她的妆饰呢? 新妇岂能忘记她的美衣呢? 我的百姓却忘记了我无数的日子!
33 A la byen ou prepare chemen ou pou chache lanmou! Konsa, menm fanm mechan yo, ou te enstwi nan chemen ou yo.
你怎么修饰你的道路要求爱情呢? 就是恶劣的妇人你也叫她们行你的路。
34 Anplis, sou jip ou, yo twouve san lavi a malere ki inosan yo. Ou pa t jwenn yo t ap kase kay ou. Men se akoz tout bagay sa yo,
并且你的衣襟上有无辜穷人的血; 你杀他们并不是遇见他们挖窟窿, 乃是因这一切的事。
35 Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’
你还说:我无辜; 耶和华的怒气必定向我消了。 看哪,我必审问你; 因你自说:我没有犯罪。
36 Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.
你为何东跑西奔要更换你的路呢? 你必因埃及蒙羞, 像从前因亚述蒙羞一样。
37 Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”
你也必两手抱头从埃及出来; 因为耶和华已经弃绝你所倚靠的, 你必不因他们得顺利。