< Jeremi 18 >

1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a ki te di:
耶和华的话临到耶利米说:
2 “Leve desann lakay mèt krich la, e la Mwen va anonse pawòl Mwen yo a ou menm.”
“你起来,下到窑匠的家里去,我在那里要使你听我的话。”
3 Konsa, mwen te desann lakay mèt krich la. E gade byen, li t ap fè yon bagay sou wou a.
我就下到窑匠的家里去,正遇他转轮做器皿。
4 Men veso ke li t ap fè ak ajil la te gate nan men mèt krich la. Pou sa, li te refòme l fè yon lòt veso jan sa te fè l plezi fè a.
窑匠用泥做的器皿,在他手中做坏了,他又用这泥另做别的器皿;窑匠看怎样好,就怎样做。
5 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
耶和华的话就临到我说:
6 Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël.
“耶和华说:以色列家啊,我待你们,岂不能照这窑匠弄泥吗?以色列家啊,泥在窑匠的手中怎样,你们在我的手中也怎样。
7 Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li.
我何时论到一邦或一国说,要拔出、拆毁、毁坏;
8 Men si nasyon sa a ke Mwen te pale a, vin kite mechanste li a, Mwen va vin repanti konsènan gwo twoub ke m te gen entansyon fè rive l la.
我所说的那一邦,若是转意离开他们的恶,我就必后悔,不将我想要施行的灾祸降与他们。
9 Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou bati li, oswa pou etabli li.
我何时论到一邦或一国说,要建立、栽植;
10 Men si li fè mal nan zye M e pa obeyi vwa M, alò, Mwen va repanti de byen nan ke M te fè pwomès fè yo.
他们若行我眼中看为恶的事,不听从我的话,我就必后悔,不将我所说的福气赐给他们。
11 “Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.”’
现在你要对犹大人和耶路撒冷的居民说:‘耶和华如此说:我造出灾祸攻击你们,定意刑罚你们。你们各人当回头离开所行的恶道,改正你们的行动作为。’
12 Men yo va di: ‘Sa pa ka fèt! Paske nou ap swiv pwòp plan pa nou, e nou chak va aji selon pwòp panse a kè di nou.’
“他们却说:‘这是枉然。我们要照自己的计谋去行。’各人随自己顽梗的恶心做事。”
13 Akoz sa a, pale SENYÈ a: “Mande, koulye a, pami nasyon yo; se kilès ki konn tande yon koze konsa? Vyèj Israël la te fè yon bagay pi lèd pase tout bagay.
所以,耶和华如此说: 你们且往各国访问, 有谁听见这样的事? 以色列民行了一件极可憎恶的事。
14 Èske lanèj Liban konn fè fayit pou l pa kite wòch chan an a? Oswa èske dlo frèt ki koule soti depi lwen va vin sèch?
黎巴嫩的雪从田野的磐石上岂能断绝呢? 从远处流下的凉水岂能干涸呢?
15 Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen. Yo brile lansan bay dye ki san valè yo. Yo chape tonbe kite chemen yo, soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout, men pa sou gran chemen an.
我的百姓竟忘记我, 向假神烧香, 使他们在所行的路上,在古道上绊跌, 使他们行没有修筑的斜路,
16 Y ap fè peyi nou vin yon dega, yon objè moun ap sifle. Tout sila ki pase ladann va etone pou sa e va souke tèt yo.
以致他们的地令人惊骇, 常常嗤笑; 凡经过这地的必惊骇摇头。
17 Tankou van lès, Mwen va gaye yo nèt devan lènmi an, Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m. Yo p ap wè figi M.
我必在仇敌面前分散他们, 好像用东风吹散一样。 遭难的日子,我必以背向他们, 不以面向他们。
18 Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
他们就说:“来吧!我们可以设计谋害耶利米;因为我们有祭司讲律法,智慧人设谋略,先知说预言,都不能断绝。来吧!我们可以用舌头击打他,不要理会他的一切话。”
19 Koute mwen, SENYÈ e, koute sa ke lènmi m yo ap di!
耶和华啊,求你理会我, 且听那些与我争竞之人的话。
20 Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.
岂可以恶报善呢? 他们竟挖坑要害我的性命! 求你记念我怎样站在你面前为他们代求, 要使你的忿怒向他们转消。
21 Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
故此,愿你将他们的儿女交与饥荒和刀剑; 愿他们的妻无子,且作寡妇; 又愿他们的男人被死亡所灭, 他们的少年人在阵上被刀击杀。
22 Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo; paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen, e te kache pèlen pou pye m.
你使敌军忽然临到他们的时候, 愿人听见哀声从他们的屋内发出; 因他们挖坑要捉拿我, 暗设网罗要绊我的脚。
23 Malgre sa, Ou menm, O SENYÈ, Ou konnen tout manèv mòtèl yo kont mwen yo. Pa padone inikite pa yo, ni efase peche yo devan zye Ou. Men kite yo boulvèse nèt jis yo jete nèt devan Ou. Aji avèk yo nan lè kòlè Ou a!
耶和华啊,他们要杀我的那一切计谋, 你都知道。 不要赦免他们的罪孽, 也不要从你面前涂抹他们的罪恶, 要叫他们在你面前跌倒; 愿你发怒的时候罚办他们。

< Jeremi 18 >