< Jeremi 17 >
1 Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè, ak yon pwent dyaman. Li grave sou tablo kè yo, ak sou kòn lotèl pa yo.
The sin of Judah is written down with a pen of iron, with the point of a diamond: it is engraved upon the table of their heart, and on the horns of your altars.
2 Menm jan yo sonje pitit pa yo, se konsa yo sonje lotèl pa yo, ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.
Like their remembrance of their children, so are [to them] their altars and their groves by [every] green tree upon the high hills.
3 O mòn nan vil andeyò Mwen an, Mwen va bay yo tout richès ou yo ak tout trezò ou yo kon piyaj, wo plas ou yo pou peche, nan tout lizyè ou yo.
O my mountain in the field, thy substance, all thy treasures will I give up for spoil, thy high-places [reared] with sin, throughout all thy borders.
4 Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.
And thou shalt be cast out, yea through thy own guilt, from thy heritage which I have given thee; and I will cause thee to serve thy enemies in a land which thou knowest not; for a fire have ye kindled in my anger, for ever shall it burn.
5 Konsa pale SENYÈ a: “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm, ki fè lachè vin fòs li, ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.
Thus hath said the Lord, Cursed is the man that trusteth in man, and placeth on flesh his dependence, while from the Lord his heart departeth.
6 Paske li va tankou bwa raje nan dezè; li p ap janm wè lè bonè rive, men li va viv pami wòch savann nan dezè a, nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.
And he shall be like a lonely tree in the desert, which feeleth not when the good cometh; but abideth in the parched places in the wilderness, in a salty land which cannot be inhabited.
7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a, ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
Blessed is the man that trusteth in the Lord, and the Lord will be his trust.
8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo, ki lonje rasin li akote yon sous dlo. Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt. Li p ap twouble nan ane sechrès la, ni sispann bay fwi.
And he shall be like a tree that is planted by the waters, and by a stream spreadeth out its roots, which feeleth not when heat cometh, but its leaf remaineth green; and in a year of drought it is undisturbed by care, and ceaseth not from yielding fruit.
9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?
Deceitful is the heart above all things, and sick: who can know it?
10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”
I the Lord search the heart, probe the reins: yea, to give unto every man according to his ways, according to the fruit of his deeds.
11 Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.
As a cuckoo that sitteth on eggs which he hath not laid, so is he that get the riches, and not by right; in the midst of his days shall he leave them, and at his end shall be called wicked.
12 Yon twòn plen ak laglwa plase an wo, depi kòmansman an, se li ki azil nou.
A throne of glory, exalted from the beginning, is the place of our sanctuary!
13 O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.
Hope of Israel, O Lord, all that forsake thee shall be made ashamed, and the backsliders among me shall be written down on the earth; because they have forsaken the fountain of living waters, the Lord.
14 Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt! Sove mwen e mwen va sove! Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.
Heal me, O Lord, and I shall be healed: save me, and I shall be saved; for my praise art thou.
15 Gade, y ap di mwen tout tan: “Kote pawòl SENYÈ a? Kite l ranpli koulye a”.
Behold, they say unto me, Where is the word of the Lord? let it come now.
16 Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann fè bèje pou Ou, ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. Ou konnen! Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.
As for me, I have not hastened to be a shepherd to follow thee; and the woeful day have I not longed for; thou knowest it: what came out of my lips was known before thee.
17 Pa fè m gwo laperèz. Ou se azil mwen nan jou gwo twoub la.
Be not a terror unto me: thou art my protection on the day of evil.
18 Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont, men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont; kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble. Mennen sou yo yon jou gwo twoub. Detwi yo ak yon destriksyon ki doub!
Let those be made ashamed that persecute me, but let not me be made ashamed: let them be dismayed, but let me not be dismayed: bring upon them the day of evil, and strike them with a double breach.
19 Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale kanpe nan pòtay piblik la, kote wa Juda yo fè antre sòti a, nan tout pòtay Jérusalem yo.
Thus said the Lord unto me, Go and stand in the gate of the children of the people, whereby the kings of Judah usually enter, and by which they usually go out, and in all the gates of Jerusalem;
20 Pale yo konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, wa Juda yo, e tout Juda ak tout sila k ap viv Jérusalem yo, k ap fè antre sòti nan pòtay yo:
And say unto them, Hear ye the word of the Lord, ye kings of Judah, and all Judah, and all inhabitants of Jerusalem, that enter in by these gates.
21 Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni pa mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan.
Thus hath said the Lord, Take heed for your souls, and bear no burden on the sabbath-day, nor bring it in through the gates of Jerusalem;
22 Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo.
Nor shall you carry forth a burden out of your houses on the sabbath-day, and no manner of work shall ye do, but hallow ye the sabbath-day, as I have commanded your fathers;
23 Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije.
But they hearkened not, and inclined not their ear; and they made their neck stiff, so as not to hearken, and not to receive instruction.
24 Men li va vin rive ke si ou koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li,
And it shall come to pass, if ye will diligently hearken unto me, saith the Lord, so as to bring in no burden through the gates of this city on the sabbath-day, and to hallow the sabbath-day, so as to do no work thereon:
25 alò, va genyen moun ki antre nan pòtay lavil sa a, wa ak prens ki chita sou twòn a David yo, monte sou cha yo ak sou cheval yo, yo menm ak prens pa yo, moun Juda ak sila ki rete Jérusalem yo e vil sa a va abite jis pou tout tan.
Then shall there enter through the gates of this city kings and princes sitting upon the throne of David, riding in chariots and on horses, they, and their princes, the men of Judah, and the inhabitants of Jerusalem; and this city shall be inhabited for ever.
26 Yo va antre ladann soti nan vil a Juda yo ak tout andwa ki antoure Jérusalem yo; soti nan peyi Benjamin, soti nan ba plèn nan, nan peyi kolin yo ak nan dezè a, k ap pote ofrann brile, sakrifis, ofrann sereyal, ak lansan e yo va mennen sakrifis a remèsiman lakay SENYÈ a.
And there shall come from the cities of Judah, and from the environs of Jerusalem, and from the land of Benjamin, and from the lowlands, and from the mountain, and from the south, those that bring burnt-offerings, and sacrifices, and meat-offerings, and frankincense, and those that bring thanksgiving-offerings, unto the house of the Lord.
27 Men si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo. Konsa, li va devore palè Jérusalem yo, e li p ap etenn menm.”’”
But if ye will not hearken unto me to hallow the sabbath-day, and not to bear a burden, and to enter in at the gates of Jerusalem on the sabbath-day: then will I kindle a fire in its gates, and it shall devour the palaces of Jerusalem, and it shall not be quenched.