< Jeremi 16 >

1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
I stalo se slovo Hospodinovo ke mně, řkoucí:
2 “Ou p ap pran yon madanm pou ou menm, ni fè fis ak fi nan kote sa a.”
Nepojímej sobě ženy, aniž měj synů neb dcer na místě tomto.
3 Paske konsa pale SENYÈ a konsènan fis ak fi ki fèt nan plas sila a, e konsènan manman yo ki te fè yo ak papa yo ki te fè yo nan peyi sa a:
Nebo takto praví Hospodin o synech i dcerách zplozených v místě tomto, a o matkách jejich, kteréž zrodily je, i o jejich otcích, kteříž zplodili je v zemi této:
4 “Yo va mouri mo yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”
Smrtmi přebolestnými pomrou, nebudou oplakáni, ani pochováni; místo hnoje na svrchku země budou, a mečem i hladem do konce zhubeni budou. I budou mrtvá těla jejich za pokrm ptactvu nebeskému a šelmám zemským.
5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regret yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.”
Nebo takto praví Hospodin: Nevcházej do domu smutku, aniž choď kvíliti, aniž jich lituj; odjal jsem zajisté pokoj svůj od lidu tohoto, dobrotivost i slitování, dí Hospodin.
6 Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.
Když pomrou velicí i malí v zemi této, nebudou pochováni, aniž kvíliti budou nad nimi, aniž se zřeží, aniž sobě lysiny zdělají pro ně.
7 Pèsòn p ap kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.
Aniž jim dadí jísti, aby v truchlosti potěšovali jich nad mrtvým, aniž jich napojí z číše potěšení po otci jejich neb matce jejich.
8 “Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.”
Tolikéž do domu hodování nechoď, abys sedati měl s nimi při jídle a pití.
9 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou.
Nebo takto praví Hospodin zástupů, Bůh Izraelský: Aj, já způsobím, aby nebývalo na místě tomto před očima vašima a za dnů vašich hlasu radosti, ani hlasu veselé, hlasu ženicha, ani hlasu nevěsty.
10 Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’
Když pak oznámíš lidu tomuto všecka slova tato, a řeknou-liť: Proč vyřkl Hospodin proti nám všecko zlé veliké toto, a jaká jest nepravost naše, aneb jaký hřích náš, jímž jsme hřešili proti Hospodinu Bohu svému?
11 Nan lè sa a, ou gen pou di yo: ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an.
Tedy rci jim: Proto že opustili mne otcové vaši, dí Hospodin, a chodíce za bohy cizími, sloužili jim, a klaněli se jim, mne pak opustili, a zákona mého neostříhali.
12 Nou tou, te fè mal plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen.
Vy pak mnohem jste hůře činili nežli otcové vaši; nebo aj, vy chodíte jeden každý podlé zdání srdce svého zlého, neposlouchajíce mne.
13 Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’
Pročež hodím vámi z země této do země, o níž nevíte vy, ani otcové vaši, a sloužiti budete tam bohům cizím dnem i nocí, dokudž neučiním vám milosti.
14 “Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè fraz sila a p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan peyi Égypte la’,
Protož aj, dnové jdou, dí Hospodin, v nichž nebude říkáno více: Živť jest Hospodin, kterýž vyvedl syny Izraelské z země Egyptské,
15 Men: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote Li te ekzile yo.’ Paske Mwen va restore yo a pwòp peyi yo, ke Mwen te bay a papa zansèt yo.
Ale: Živť jest Hospodin, kterýž vyvedl syny Izraelské z země půlnoční a ze všech zemí, do nichž je byl rozehnal, když je zase přivedu do země jejich, kterouž jsem dal otcům jejich.
16 “Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.
Aj, já pošli k rybářům mnohým, dí Hospodin, aby je vylovili; potom pošli i k mnohým lovcům, aby je zlapali na všeliké hoře, a na všelikém pahrbku, i v děrách skalních.
17 Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M.
Hledím na všecky cesty jejich, nejsouť tajné přede mnou, aniž jest skryta nepravost jejich před očima mýma.
18 Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”
I odplatím jim prvé dvojnásobně za nepravost jejich a hřích jejich, proto že zemi mnou poškvrnili těly mrtvými ohyzdnými, a ohavnostmi svými naplnili dědictví mé.
19 O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”
Hospodine, sílo má a hrade můj, i útočiště mé v den ssoužení, k toběť přijdou národové od končin země, a řeknou: Jistě žeť se falše drželi otcové naši, marnosti a právě neužitečných věcí.
20 Èske lòm dwe fè dye pou kont li, malgre se pa dye yo ye?
Zdaliž udělá sobě člověk bohy, poněvadž sami nejsou bohové?
21 “Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen, fwa sa a, Mwen va fè yo konnen pouvwa M, ak pwisans Mwen. Konsa, yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.”
Protož aj, já způsobím to, aby poznali té chvíle, způsobím, aby poznali ruku mou i moc mou, a zvědít, že jméno mé jest Hospodin.

< Jeremi 16 >