< Jeremi 14 >

1 Sa se pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan gwo sechrès la:
The word of the Lord that came to Jeremiah concerning the drought.
2 Juda kriye ak doulè e pòtay li yo vin abandone. Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.
Judah mourneth, and her gates languish; they lie grieved on the ground; and the distressed cry of Jerusalem ascendeth upward.
3 Prens pa yo te voye sèvitè yo chache dlo. Yo rive nan sitèn yo, men nanpwen dlo. Yo te retounen ak veso yo vid. Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.
And their nobles have sent out their subordinates for water: they come to the pits, they find no water; they return with their vessels empty; they are ashamed and confounded, and cover their head.
4 Akoz tè sèch la vin fann, akoz pa t gen lapli sou peyi a; kiltivatè yo te vin wont. Yo te kouvri tèt yo.
Because of the ground which is cracked open, since there hath been no rain in the land, are the ploughmen ashamed, they cover their head.
5 Wi, menm femèl sèf nan chan an fè pitit pou kite yo. Nanpwen zèb.
Yea, the hind also bringeth forth her young in the field, and forsaketh [them], because there is no grass.
6 Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo. Y ap rale soufle fò tankou chen mawon. Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.
And the wild asses stand on the mountain-tops, they snuff up the wind like serpents: their eyes fail, because there are no herbs.
7 Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.
If our iniquities testify against us, O Lord, do thou act for the sake of thy name; for our backslidings are many; against thee have we sinned.
8 O Espwa Israël la, Sovè li nan tan gwo twoub la, poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a? Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?
O thou hope of Israel, his saviour in time of trouble, why shouldst thou be as a stranger in the land, and as a wayfarer that turneth aside to lodge for a night?
9 Poukisa Ou tankou yon nonm twouble, tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou? Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou; pa abandone nou!
Why shouldst thou be as a man that is surprised, as a mighty man that cannot save? yet thou art in the midst of us, O Lord, and we are called by thy name: abandon us not.
10 Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a: “Malgre yo tèlman renmen egare; yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl. Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo. Koulye a, li sonje inikite yo. Li fè yo rand kont pou peche yo.”
Thus hath said the Lord unto this people, Thus have they loved to wander about, their feet have they not restrained: therefore the Lord doth not receive them in favor; now will he remember their iniquity, and will punish their sins.
11 Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a.
Then said the Lord unto me, Pray not in behalf of this people for their good.
12 Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”
When they fast, I will not hear their entreaty: and when they offer burnt-offering and meat-offering, I will not receive them in favor; but by the sword, and by the famine, and by the pestilence, will I make an end of them.
13 Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’”
Then said I, Ah, Lord Eternal! behold, the prophets say unto them, Ye shall not see the sword, neither shall ye have famine; but a permanent peace will I give you in this place.
14 Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo.
Then said the Lord unto me, Falsehood do the prophets prophesy in my name; I have not sent them, neither have I commanded them, neither have I spoken unto them: a vision of falsehood, and divination, and idolatrous folly, and the deceit of their heart do they prophesy unto you.
15 Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo!
Therefore thus hath said the Lord concerning the prophets that prophesy in my name, when I have not sent them, while they say, Sword and famine shall not come in this land: By the sword and by the famine shall these prophets come to their end.
16 Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
And the people to whom they prophesy shall lie cast down in the streets of Jerusalem by means of the famine and the sword; and they shall have none to bury them, them, their wives, and their sons, and their daughters; for I will pour out their wickedness over them.
17 “Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav.
But thou shalt say unto them this word. My eyes shall run down with tears night and day, and they shall not cease; for with a great breach is the virgin-daughter of my people broken, with a very painful blow.
18 Si mwen ale andeyò peyi a, gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo! Oswa si mwen antre nan vil la, gade byen, maladi ak gwo grangou! Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”
If I go forth into the field, behold, there are the slain with the sword! and if I enter into the city, behold, there are those that are sick with famine! for both the prophet and the priest travel round into a land that they know not.
19 Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz!
Hast thou entirely rejected Judah? or hath thy soul loathing on Zion? why hast thou smitten us, so that there is no healing for us? we hoped for peace, and there is no good; and for the time of healing, and behold, there is terror!
20 Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ, inikite a papa zansèt nou yo, paske nou te peche kont Ou.
We know, O Lord, our wickedness, the iniquity of our fathers; for we have sinned against thee.
21 Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou: pa kite twòn a glwa ou a dezonore. Sonje e pa kase akò Ou avèk nou.
Do not cast us off, for the sake of thy name, do not disgrace the throne of thy glory: remember, break not thy covenant with us.
22 Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.
Are there any among the vanities of the nations those that bestow rain? or can the heavens give forth showers? Behold, thou art this, O Lord our God, and we will hope in thee; for thou hast done all these things.

< Jeremi 14 >