< Jeremi 13 >
1 Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo.”
耶和華對我如此說:「你去買一根麻布帶子束腰,不可放在水中。」
2 Konsa mwen te achte senti a selon pawòl SENYÈ a, e te mete l nan senti mwen.
我就照着耶和華的話,買了一根帶子束腰。
3 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di:
耶和華的話第二次臨到我說:
4 “Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch.”
「要拿着你所買的腰帶,就是你腰上的帶子,起來往幼發拉底河去,將腰帶藏在那裏的磐石穴中。」
5 Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.
我就去,照着耶和華所吩咐我的,將腰帶藏在幼發拉底河邊。
6 Apre anpil jou, SENYÈ a te di m: “Leve ale nan Rivyè Euphrate la e leve pran senti ke M te kòmande ou sere la a.”
過了多日,耶和華對我說:「你起來往幼發拉底河去,將我吩咐你藏在那裏的腰帶取出來。」
7 Epi mwen te ale nan Rivyè Euphrate la, mwen te fouye e mwen te pran senti a sòti nan plas kote mwen te sere li. Konsa, gade byen, senti a te gate. Li te vin san valè.
我就往幼發拉底河去,將腰帶從我所藏的地方刨出來,見腰帶已經變壞,毫無用了。
8 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
耶和華的話臨到我說:
9 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan.
「耶和華如此說:我必照樣敗壞猶大的驕傲和耶路撒冷的大驕傲。
10 Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt.
這惡民不肯聽我的話,按自己頑梗的心而行,隨從別神,事奉敬拜,他們也必像這腰帶變為無用。」
11 Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’
耶和華說:「腰帶怎樣緊貼人腰,照樣,我也使以色列全家和猶大全家緊貼我,好叫他們屬我為子民,使我得名聲,得頌讚,得榮耀;他們卻不肯聽。」
12 “Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.”’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’
「所以你要對他們說:『耶和華-以色列的上帝如此說:各罈都要盛滿了酒。』他們必對你說:『我們豈不確知各罈都要盛滿了酒呢?』
13 Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze vin sou nèt la!
你就要對他們說:『耶和華如此說:我必使這地的一切居民,就是坐大衛寶座的君王和祭司,與先知,並耶路撒冷的一切居民,都酩酊大醉。』」
14 Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’”
耶和華說:「我要使他們彼此相碰,就是父與子彼此相碰;我必不可憐,不顧惜,不憐憫,以致滅絕他們。」
15 Koute e prete atansyon ak sa. Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.
你們當聽,當側耳而聽。 不要驕傲,因為耶和華已經說了。
16 Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.
耶和華-你們的上帝未使黑暗來到, 你們的腳未在昏暗山上絆跌之先, 當將榮耀歸給他; 免得你們盼望光明, 他使光明變為死蔭, 成為幽暗。
17 Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.
你們若不聽這話, 我必因你們的驕傲在暗地哭泣; 我眼必痛哭流淚, 因為耶和華的群眾被擄去了。
18 Di a wa a ak manman rèn nan: “Pran yon chèz ki ba, paske bèl kouwòn ou an, kouwòn de glwa a menm, fin tonbe kite tèt ou.”
你要對君王和太后說: 你們當自卑,坐在下邊; 因你們的頭巾, 就是你們的華冠,已經脫落了。
19 Vil negev yo te fèmen ak kle, e nanpwen moun ki pou louvri yo. Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.
南方的城盡都關閉, 無人開放; 猶大全被擄掠, 且擄掠淨盡。
20 Leve zye ou pou wè, men sila k ap vini soti nan nò yo. Kote bann mouton ki te bay a ou menm nan, bèl mouton ou yo?
你們要舉目觀看從北方來的人。 先前賜給你的群眾, 就是你佳美的群眾, 如今在哪裏呢?
21 Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou— konsi, se nou menm ki te enstwi yo— ansyen zanmi nou yo vin chèf sou nou? Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?
耶和華立你自己所交的朋友為首,轄制你, 那時你還有甚麼話說呢? 痛苦豈不將你抓住像產難的婦人嗎?
22 “Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?” Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire e talon ou yo te vin ekspoze.
你若心裏說:這一切事為何臨到我呢? 你的衣襟揭起, 你的腳跟受傷, 是因你的罪孽甚多。
23 Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li, oswa leyopa a takte li yo? Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal, ta ka chanje 1 pou vin fè byen.
古實人豈能改變皮膚呢? 豹豈能改變斑點呢? 若能,你們這習慣行惡的便能行善了。
24 Akoz sa, Mwen va gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.
所以我必用曠野的風吹散他們, 像吹過的碎稭一樣。
25 “Sa se tiraj osò pa nou, pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a, “akoz nou te bliye Mwen e te mete konfyans nan sa ki fo.
耶和華說:這是你所當得的, 是我量給你的分; 因為你忘記我, 倚靠虛假。
26 Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou, pou wont ou kapab vin vizib.
所以我要揭起你的衣襟, 蒙在你臉上, 顯出你的醜陋。
27 Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo, sou kolin ak nan chan yo. Malè a ou menm, O Jérusalem! Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?” Pou konbyen de tan sa va dire?
你那些可憎惡之事- 就是在田野的山上行姦淫, 發嘶聲,做淫亂的事- 我都看見了。 耶路撒冷啊,你有禍了! 你不肯潔淨,還要到幾時呢?