< Jeremi 12 >

1 Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?
Rettferdig er du, Herre, når eg andordast med deg, endå lyt eg tala med deg um retten. Kvi gjeng det dei ugudlege vel? Kvi er dei sutlause alle dei sviksame?
2 Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin. Yo grandi. Wi, yo fè fwi. Ou toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.
Du hev planta deim, dei hev røtt seg og; dei veks, dei ber frukt og; nær er du i deira munn, men langt burte frå deira nyro.
3 Men Ou konnen mwen, O SENYÈ. Ou wè mwen. Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm. Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa; mete yo apa pou jou gwo masak la.
Men du, Herre, kjenner meg, du ser meg og røyner mitt hjartelag mot deg; skil deim frå likeins som sauer til slagting, og vigsla deim til ein dråpsdag!
4 Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”
Kor lenge skal landet syrgja og grøda på jordi alle stader torna burt? For deira vondskap skuld som der bur, er dyr og fuglar burtrivne; for dei segjer: «Han ser ikkje endelykti vår.»
5 Si ou te kouri ak moun apye yo, e yo fè ou bouke, kijan ou ka fè kous ak cheval? Malgre, nan yon peyi lapè, ou gen sekirite, men kijan ou va reyisi nan vye rakbwa Jourdain an?
Um du vert utmødd når du løyp med gangande mann, korleis kann du då kapprenna med hestar? I eit fredt land er du trygg, men kva vil du gjera i tjukkskogen burtmed Jordan?
6 Paske menm frè ou yo ak lakay papa ou a; menm yo menm, te fè trèt avèk ou! Menm yo menm, te rele dèyè ou. Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.
For jamvel brørne dine og farshuset ditt, jamvel dei er utrue mot deg, jamvel dei set i illskrik attum din rygg. Tru deim ikkje, endå dei talar vænt til deg!
7 “Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo.
Eg hev gjenge frå huset mitt, eg hev vanda odelen min, eg hev gjeve den som mi sjæl elska i henderne på hennar fiendar.
8 Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon k ap gwonde nan forè a. Li te gwonde kont Mwen. Akoz sa, Mwen te vin rayi li.
Odelen min er vorten for meg som løva i skog: han hev sett i eit læte imot meg; difor hatar eg honom.
9 Èske eritaj Mwen an gen tan vin tankou yon zwazo takte nan lachas? Èske gen zwazo voras kont li tout kote? Ale, rasanble tout bèt sovaj nan chan yo. Mennen yo pou yo ka devore!
Er odelen min som ein spreklut rovfugl? Rovfugl er det då rundt ikring honom. Gakk av stad, samla alle dyr i skogen, lat deim koma hit og eta!
10 Anpil bèje fin gate chan rezen Mwen yo. Yo te foule chan Mwen an anba pye; yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.
Hyrdingar i mengd øydelegg vinhagen min, trakkar ned odelsjordi mi; dei gjer den hugnadlege odelsjordi mi til ei øgjeleg audn.
11 Li te vin yon dezè. Abandonen, li plenyen devan M. Tout latè vin dezole, akoz pèsòn pa pran sa an kè.
Til ei øydemark gjer dei henne; syrgjande og audsleg ligg ho framfyre meg. Alt landet er i øyde lagt, for ingen legg det på hjarta.
12 Sou tout do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt, paske yon nepe SENYÈ a ap devore soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la. Nanpwen lapè pou pèsòn.
Yver alle snaud-heidar i øydemarki kjem herjande hopar; for Herren hev eit sverd som øyder frå eine enden av landet til hin; alt kjøt er fredlaust.
13 Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan. Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen. Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
Dei sår kveite og haustar inn klunger; dei møder seg ut, men reint til fånyttes. So vert då til skammar med grøda dykkar for Herrens brennande vreide!
14 Konsa pale SENYÈ a de tout vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo.
So segjer Herren um alle dei vonde grannarne, som rører den odelseiga som eg hev gjeve mitt folk Israel: Sjå, eg rykkjer deim upp or landet deira, og Judas hus vil eg rykkja upp undan deim.
15 Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo.
Men etter eg hev rykt deim upp, vil eg atter miskunna deim og lata dei koma tilbake til kvar sin odel og kvar til kvar sitt land.
16 Epi si, anverite, yo va aprann chemen a pèp Mwen an, pou sèmante pa non Mwen: ‘Kon SENYÈ a viv la’, menm jan ke yo menm te enstwi pèp Mwen an pou sèmante pa Baal yo, yo va vin etabli nan mitan pèp Mwen an.
Um dei då lærer seg mitt folks vegar, so dei sver ved mitt namn: «So sant som Herren liver» - liksom dei lærde mitt folk å sverja ved Ba’al, då skal dei verta uppatt-bygde midt ibland mitt folk.
17 Men si yo pa koute, alò, Mwen va dechouke nasyon sa a, dechouke e detwi li,” deklare SENYÈ a.
Men um dei ikkje lyder, då vil eg rykkja upp det folket, rykkja det upp og tyna det, segjer Herren.

< Jeremi 12 >