< Jeremi 10 >

1 Tande pawòl la ke SENYÈ a ap pale ak ou, O lakay Israël.
以色列家啊,要聽耶和華對你們所說的話。
2 Konsa pale SENYÈ a: “Pa aprann abitid a nasyon yo, ni pa vin krent sign nan syèl yo, malgre nasyon yo krent yo anpil.
耶和華如此說: 你們不要效法列國的行為, 也不要為天象驚惶, 因列國為此事驚惶。
3 Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun; konsi se bwa ki koupe nan forè, zèv men atizan ki koupe ak zouti.
眾民的風俗是虛空的; 他們在樹林中用斧子砍伐一棵樹, 匠人用手工造成偶像。
4 Yo dekore l ak ajan ak lò; yo tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.
他們用金銀妝飾它, 用釘子和錘子釘穩, 使它不動搖。
5 Yo tankou yon bwa palmis ki fòme pa men moun, men yo pa ka pale. Fòk yo pote yo, paske yo pa ka mache! Pa krent yo; paske yo p ap ka fè okenn mal, ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”
它好像棕樹,是鏇成的, 不能說話,不能行走, 必須有人抬着。 你們不要怕它; 它不能降禍, 也無力降福。
6 Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!
耶和華啊,沒有能比你的! 你本為大,有大能大力的名。
7 Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.
萬國的王啊,誰不敬畏你? 敬畏你本是合宜的; 因為在列國的智慧人中, 雖有政權的尊榮, 也不能比你。
8 Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!
他們盡都是畜類,是愚昧的。 偶像的訓誨算甚麼呢? 偶像不過是木頭。
9 Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz, travay a yon atizan e men a yon òfèv. Vètman yo an vyolèt e mov; tout se zèv a ouvriye byen fò.
有銀子打成片,是從他施帶來的, 並有從烏法來的金子, 都是匠人和銀匠的手工, 又有藍色紫色料的衣服, 都是巧匠的工作。
10 Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.
惟耶和華是真上帝, 是活上帝,是永遠的王。 他一發怒,大地震動; 他一惱恨,列國都擔當不起。 (
11 Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”
你們要對他們如此說:不是那創造天地的神,必從地上從天下被除滅!)
12 Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
耶和華用能力創造大地, 用智慧建立世界, 用聰明鋪張穹蒼。
13 Lè Li fè vwa L sone, dlo yo mele nan syèl yo. Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a. Li fè loray pou lapli, e Li fè van sòti nan depo Li yo.
他一發聲,空中便有多水激動; 他使雲霧從地極上騰; 他造電隨雨而閃, 從他府庫中帶出風來。
14 Tout moun se ensanse, san konesans. Tout òfèv yo vin wont akoz zidòl li; paske imaj fonn li se desepsyon. Nanpwen souf nan yo.
各人都成了畜類,毫無知識; 各銀匠都因他雕刻的偶像羞愧。 他所鑄的偶像本是虛假的, 其中並無氣息,
15 Yo san valè, yon zèv k ap twonpe. Nan lè règleman pa yo, yo va peri.
都是虛無的, 是迷惑人的工作; 到追討的時候必被除滅。
16 Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa; paske Kreyatè a tout bagay se Li menm; e Israël se tribi eritaj Li. SENYÈ dèzame yo se non Li.
雅各的分不像這些, 因他是造作萬有的主。 以色列也是他產業的支派, 萬軍之耶和華是他的名。
17 Leve pakèt ou atè a, nou menm ki anba syèj!
受圍困的人哪,當收拾你的財物, 從國中帶出去。
18 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, M ap voye pèp peye sa a deyò nan moman sa a. Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”
因為耶和華如此說: 這時候,我必將此地的居民, 好像用機弦甩出去, 又必加害在他們身上, 使他們覺悟。
19 Malè a mwen, akoz blesi m nan! Blesi m nan byen grav. Men mwen te di: “Anverite, sa se gwo doulè m; fòk mwen pote l.”
民說:禍哉!我受損傷; 我的傷痕極其重大。 我卻說:這真是我的痛苦, 必須忍受。
20 Tant mwen an fin detwi. Tout kòd mwen yo fin chire. Fis mwen yo te kite mwen. Yo pa la ankò. Nanpwen moun ki pou laji tant mwen an ankò, ni pou monte rido mwen yo.
我的帳棚毀壞; 我的繩索折斷。 我的兒女離我出去,沒有了。 無人再支搭我的帳棚,掛起我的幔子。
21 Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse; yo pa t chache SENYÈ a. Akoz sa, yo pa reyisi; tout bann mouton yo fin gaye.
因為牧人都成為畜類, 沒有求問耶和華, 所以不得順利; 他們的羊群也都分散。
22 Bri rapò a rive! Gade byen, l ap vini— yon gwo zen k ap sòti nan peyi nò a! K ap fè vil a Juda yo vin yon dezolasyon, yon andwa pou chen mawon.
有風聲!看哪,敵人來了! 有大擾亂從北方出來, 要使猶大城邑變為荒涼, 成為野狗的住處。
23 Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm, ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.
耶和華啊,我曉得人的道路不由自己, 行路的人也不能定自己的腳步。
24 Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.
耶和華啊,求你從寬懲治我, 不要在你的怒中懲治我, 恐怕使我歸於無有。
25 Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo; paske yo te devore Jacob. Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.
願你將忿怒傾在不認識你的列國中, 和不求告你名的各族上; 因為他們吞了雅各,不但吞了,而且滅絕, 把他的住處變為荒場。

< Jeremi 10 >