< Jak 4 >
1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?
From whence are there among you wars and strifes? Is it not from the lusts which war in your members?
2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande.
You desire, and have not; you kill and are emulous, yet it cometh not into your hands; you strive and make wars, and nothing have because you do not ask;
3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
you ask and receive not, because you ask wickedly, as that you may cherish your lusts.
4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
Adulterers, know you not that the friendship of this world is enmity with Aloha? He, therefore, who willeth to be the friend of this world, hath become the enemy of Aloha.
5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
Or do you vainly think that the scripture saith, that In emulation desireth the Spirit who dwelleth in us?
6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
But more excellent grace hath our Lord given unto us. Wherefore he saith, Aloha humbleth the proud, and to the humble he giveth grace.
7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.
BE subject, therefore, unto Aloha; withstand Satana, and he will flee from you;
8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
and draw nigh unto Aloha, and he will be nigh you. Purify your hands, sinners, and sanctify your hearts, divided of soul.
9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès.
Be humbled and sorrowful, and let your laughter be turned into grief, and your gladness into anxiety.
10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
Be humbled before the Lord, and he will exalt you.
11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li.
Speak not against one another, my brethren; for he who speaketh against his brother, or judgeth his brother, speaketh against the law, and judgeth the law. And if the law thou judgest, thou art not a doer of the law, but the judge of it.
12 Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
For one is the appointer of the law and the Judge, who can save and destroy. But thou, who art thou, who judgest thy neighbour?
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.”
But what shall we say of them who say, To-day or tomorrow we will go to this city, or that, and work there one year, and negotiate, and make gain?
14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt.
and they know not what shall be on the morrow: for what is our life, but a vapour which for a little while is seen, and vanisheth and endeth?
15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
For instead they should say, If the Lord will, and we live, we will do this or that.
16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste.
They glory in their pride. All glorying such as this is from the Evil.
17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
And he who knoweth the good and doeth it not, sin is to him.