< Ezayi 9 >

1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.
primo tempore adleviata est terra Zabulon et terra Nepthalim et novissimo adgravata est via maris trans Iordanem Galileae gentium
2 Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, limyè va fonse briye sou yo;
populus qui ambulabat in tenebris vidit lucem magnam habitantibus in regione umbrae mortis lux orta est eis
3 Ou te fè pèp la grandi anpil; Ou ogmante kè kontan yo. Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la.
multiplicasti gentem non magnificasti laetitiam laetabuntur coram te sicut laetantur in messe sicut exultant quando dividunt spolia
4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an.
iugum enim oneris eius et virgam umeri eius et sceptrum exactoris eius superasti sicut in die Madian
5 Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a.
quia omnis violenta praedatio cum tumultu et vestimentum mixtum sanguine erit in conbustionem et cibus ignis
6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.
parvulus enim natus est nobis filius datus est nobis et factus est principatus super umerum eius et vocabitur nomen eius Admirabilis consiliarius Deus fortis Pater futuri saeculi Princeps pacis
7 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
multiplicabitur eius imperium et pacis non erit finis super solium David et super regnum eius ut confirmet illud et corroboret in iudicio et iustitia amodo et usque in sempiternum zelus Domini exercituum faciet hoc
8 SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob e li tonbe sou Israël.
verbum misit Dominus in Iacob et cecidit in Israhel
9 Tout pèp la va konnen sa; Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:
et sciet populus omnis Ephraim et habitantes Samariam in superbia et magnitudine cordis dicentes
10 “Brik yo fin tonbe, men nou va rebati ak wòch taye; bwa sikomò yo fin koupe, men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
lateres ceciderunt sed quadris lapidibus aedificabimus sycomoros succiderunt sed cedros inmutabimus
11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo advèsè ki sòti Retsin yo e chofe ènmi yo,
et elevabit Dominus hostes Rasin super eum et inimicos eius in tumultum vertet
12 Siryen lès yo ak Filisten lwès yo; epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. Malgre sa, kòlè Li p ap detounen e men L va toujou lonje.
Syriam ab oriente et Philisthim ab occidente et devorabunt Israhel toto ore in omnibus his non est aversus furor eius sed adhuc manus eius extenta
13 Sepandan, pèp la p ap vire retounen kote Sila ki te frape yo a, ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.
et populus non est reversus ad percutientem se et Dominum exercituum non inquisierunt
14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni tèt ni ke sou Israël, ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
et disperdet Dominus ab Israhel caput et caudam incurvantem et refrenantem die una
15 Tèt la se ansyen ki byen respekte a e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
longevus et honorabilis ipse est caput et propheta docens mendacium ipse cauda est
16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
et erunt qui beatificant populum istum seducentes et qui beatificantur praecipitati
17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; paske yo tout se malfektè ki san Bondye e bouch yo tout ap pale nan foli. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, e men L toujou lonje.
propter hoc super adulescentulis eius non laetabitur Dominus et pupillorum eius et viduarum non miserebitur quia omnis hypocrita est et nequam et universum os locutum est stultitiam in omnibus his non est aversus furor eius sed adhuc manus eius extenta
18 Paske mechanste brile tankou dife; li manje ni pikan ni raje. Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.
succensa est enim quasi ignis impietas veprem et spinam vorabit et succendetur in densitate saltus et convolvetur superbia fumi
19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a, e se pèp la ki se lwil pou dife a. Nanpwen moun ki eseye sove frè l.
in ira Domini exercituum conturbata est terra et erit populus quasi esca ignis vir fratri suo non parcet
20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo.
et declinabit ad dexteram et esuriet et comedet ad sinistram et non saturabitur unusquisque carnem brachii sui vorabit Manasses Ephraim et Ephraim Manassen simul ipsi contra Iudam
21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé e ansanm, yo kont Juda. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen e men Li toujou lonje.
in omnibus his non est aversus furor eius sed adhuc manus eius extenta

< Ezayi 9 >