< Ezayi 7 >
1 Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo pa t ka genyen l.
И было во дни Ахаза, сына Иоафамова, сына Озии, царя Иудейского, Рецин, царь Сирийский, и Факей, сын Ремалиин, царь Израильский, пошли против Иерусалима, чтобы завоевать его, но не могли завоевать.
2 Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.
И было возвещено дому Давидову и сказано: Сирияне расположились в земле Ефремовой; и всколебалось сердце его и сердце народа его, как колеблются от ветра дерева в лесу.
3 Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an.
И сказал Господь Исаии: выйди ты и сын твой Шеар-ясув навстречу Ахазу, к концу водопровода верхнего пруда, на дорогу к полю белильничьему,
4 Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a.
и скажи ему: наблюдай и будь спокоен; не страшись и да не унывает сердце твое от двух концов этих дымящихся головней, от разгоревшегося гнева Рецина и Сириян и сына Ремалиина.
5 Paske Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di:
Сирия, Ефрем и сын Ремалиин умышляют против тебя зло, говоря:
6 Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.”
пойдем на Иудею и возмутим ее, и овладеем ею и поставим в ней царем сына Тавеилова.
7 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.”
Но Господь Бог так говорит: это не состоится и не сбудется;
8 Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò),
ибо Глава Сирии - Дамаск, и Глава Дамаска - Рецин; а чрез шестьдесят пять лет Ефрем перестанет быть народом.
9 Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’”
и Глава Ефрема - Самария, и Глава Самарии - сын Ремалиин. Если вы не верите, то потому, что вы не удостоверены.
10 SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di:
И продолжал Господь говорить к Ахазу, и сказал:
11 “Mande yon sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.” (Sheol )
проси себе знамения у Господа Бога твоего: проси или в глубине, или на высоте. (Sheol )
12 Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”
И сказал Ахаз: не буду просить и не буду искушать Господа.
13 Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a Bondye mwen an tou?
Тогда сказал Исаия: слушайте же, дом Давидов! разве мало для вас затруднять людей, что вы хотите затруднять и Бога моего?
14 Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel.
Итак Сам Господь даст вам знамение: се, Дева во чреве приимет и родит Сына, и нарекут имя Ему: Еммануил.
15 Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon.
Он будет питаться молоком и медом, доколе не будет разуметь отвергать худое и избирать доброе;
16 Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt.
ибо прежде нежели этот младенец будет разуметь отвергать худое и избирать доброе, земля та, которой ты страшишься, будет оставлена обоими царями ее.
17 SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.
Но наведет Господь на тебя и на народ твой и на дом отца твоего дни, какие не приходили со времени отпадения Ефрема от Иуды, наведет царя Ассирийского.
18 Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo.
И будет в тот день: даст знак Господь мухе, которая при устье реки Египетской, и пчеле, которая в земле Ассирийской, -
19 Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.
и прилетят и усядутся все они по долинам опустелым и по расселинам скал, и по всем колючим кустарникам, и по всем деревам.
20 Nan jou sa a, SENYÈ a va raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.
В тот день обреет Господь бритвою, нанятою по ту сторону реки, царем Ассирийским, голову и волоса на ногах, и даже отнимет бороду.
21 Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn gazèl bèf ak yon pè mouton.
И будет в тот день: кто будет содержать корову и двух овец,
22 Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè bòl lèt ak siwo myèl la.
по изобилию молока, которое они дадут, будет есть масло; маслом и медом будут питаться все, оставшиеся в этой земле.
23 Konsa, li va rive nan jou sa a, ke tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan.
И будет в тот день: на всяком месте, где росла тысяча виноградных лоз на тысячу сребренников, будет терновник и колючий кустарник.
24 Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan.
Со стрелами и луками будут ходить туда, ибо вся земля будет терновником и колючим кустарником.
25 Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”
И ни на одну из гор, которые расчищались бороздниками, не пойдешь, боясь терновника и колючего кустарника: туда будут выгонять волов, и мелкий скот будет топтать их.