< Ezayi 66 >

1 Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?
Thus says the LORD, The heaven is my throne, and the earth is my footstool: where is the house that all of you build unto me? and where is the place of my rest?
2 Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.
For all those things has mine hand made, and all those things have been, says the LORD: but to this man will I look, even to him that is poor and of a contrite spirit, and trembles at my word.
3 Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.
He that kills an ox is as if he slew a man; he that sacrifices a lamb, as if he cut off a dog's neck; he that offers an oblation, as if he offered swine's blood; he that burns incense, as if he blessed an idol. Yea, they have chosen their own ways, and their soul delights in their abominations.
4 Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo, e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a. Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn; Mwen te pale, men yo pa t koute, men se mal yo te fè devan zye M, e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”
I also will choose their delusions, and will bring their fears upon them; because when I called, none did answer; when I spoke, they did not hear: but they did evil before mine eyes, and chose that in which I delighted not.
5 Tande pawòl SENYÈ a, nou menm ki tranble devan pawòl Li yo: “Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen, Yo te di: ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa, pou nou ka wè nou fè kè kontan.’ Men sila yo k ap wont.
Hear the word of the LORD, all of you that tremble at his word; Your brethren that hated you, that cast you out for my name's sake, said, Let the LORD be glorified: but he shall appear to your joy, and they shall be ashamed.
6 Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la, yon vwa soti nan tanp lan; vwa a SENYÈ la k ap rann rekonpans a lènmi Li yo.
A voice of noise from the city, a voice from the temple, a voice of the LORD that renders recompence to his enemies.
7 “Avan fi a gen doulè, li te anfante; avan gwo doulè a te rive li, li te fè yon gason.
Before she travailed, she brought forth; before her pain came, she was delivered of a male child.
8 Se kilès ki te tande yon koze konsa a? Kilès ki te wè yon bagay konsa? Èske yon peyi kapab fèt nan yon sèl jou? Èske yon nasyon ka vin parèt nan yon enstan? La menm Sion te vin gen doulè, li te fè fis li yo vin parèt.
Who has heard such a thing? who has seen such things? Shall the earth be made to bring forth in one day? or shall a nation be born at once? for as soon as Zion travailed, she brought forth her children.
9 Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an, pou mwen pa livre pitit la?” pale SENYÈ a. “Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a, ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.
Shall I bring to the birth, and not cause to bring forth? says the LORD: shall I cause to bring forth, and shut the womb? says your God.
10 “Fè kè kontan ak Jérusalem, e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo. Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,
Rejoice all of you with Jerusalem, and be glad with her, all you that love her: rejoice for joy with her, all you that mourn for her:
11 pou nou kapab souse e jwenn satisfaksyon nan tete li, pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.”
That all of you may suck, and be satisfied with the breasts of her consolations; that all of you may milk out, and be delighted with the abundance of her glory.
12 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde. Nou va vin pran tete, nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.
For thus says the LORD, Behold, I will extend peace to her like a river, and the glory of the Gentiles like a flowing stream: then shall all of you suck, all of you shall be borne upon her sides, and be dandled upon her knees.
13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l, se konsa Mwen va rekonfòte nou; epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”
As one whom his mother comforts, so will I comfort you; and all of you shall be comforted in Jerusalem.
14 Nou va wè sa; kè nou va kontan e zo nou va fleri tankou zèb vèt tounèf. Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo; men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.
And when all of you see this, your heart shall rejoice, and your bones shall flourish like an herb: and the hand of the LORD shall be known toward his servants, and his indignation toward his enemies.
15 Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife, e cha Li yo va tankou van toubiyon. Li va rann kòlè Li ak gwo raj e repwòch Li ak flanm dife.
For, behold, the LORD will come with fire, and with his chariots like a whirlwind, to render his anger with fury, and his rebuke with flames of fire.
16 Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife e avèk nepe Li sou tout chè; e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.
For by fire and by his sword will the LORD plead with all flesh: and the slain of the LORD shall be many.
17 “Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann nèt”, deklare SENYÈ a.
They that sanctify themselves, and purify themselves in the gardens behind one tree in the midst, eating swine's flesh, and the abomination, and the mouse, shall be consumed together, says the LORD.
18 “Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen.
For I know their works and their thoughts: it shall come, that I will gather all nations and tongues; and they shall come, and see my glory.
19 Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va deklare glwa Mwen pami nasyon yo.
And I will set a sign among them, and I will send those that escape of them unto the nations, to Tarshish, Pul, and Lud, that draw the bow, to Tubal, and Javan, to the isles far off, that have not heard my fame, neither have seen my glory; and they shall declare my glory among the Gentiles.
20 Yo va mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a. Yo va vini sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, di SENYÈ a. “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a.
And they shall bring all your brethren for an offering unto the LORD out of all nations upon horses, and in chariots, and in litters, and upon mules, and upon swift beasts, to my holy mountain Jerusalem, says the LORD, as the children of Israel bring an offering in a clean vessel into the house of the LORD.
21 Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon prèt ak Levit”, SENYÈ a di.
And I will also take of them for priests and for Levites, says the LORD.
22 “Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt.
For as the new heavens and the new earth, which I will make, shall remain before me, says the LORD, so shall your seed and your name remain.
23 Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di.
And it shall come to pass, that from one new moon to another, and from one sabbath to another, shall all flesh come to worship before me, says the LORD.
24 “Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”
And they shall go forth, and look upon the carcasses of the men that have transgressed against me: for their worm shall not die, neither shall their fire be quenched; and they shall be an abhorring unto all flesh.

< Ezayi 66 >