< Ezayi 65 >

1 “Mwen te chache pa sila ki pa t mande pou Mwen yo; Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M. Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’ a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.
Dal jsem se najíti těm, kteříž se na mne neptávali, nalezen jsem od těch, kteříž mne nehledali, a národu, kterýž se nenazýval jménem mým, řekl jsem: Teď jsem, teď jsem.
2 Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl, ki mache nan chemen ki pa bon, k ap swiv pwòp panse pa yo,
Rozprostíral jsem ruce své na každý den k lidu zpurnému, kteříž chodí cestou nedobrou za myšlénkami svými,
3 Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M, k ap ofri sakrifis nan jaden yo e k ap brile lansan sou brik yo;
K lidu, kteříž zjevně popouzejí mne ustavičně, obětujíce v zahradách, a kadíce na cihlách,
4 ki chita nan mitan tonm yo e ki pase nwit lan kote kache yo; ki manje chè kochon, ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.
Kteříž sedají při hrobích, a při svých modlách nocují, kteříž jedí maso sviňské, a polívku nečistého z nádob svých,
5 Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen; mwen pi sen pase ou’! Sila yo se lafimen nan nen Mwen, yon dife ki brile tout lajounen.
Říkajíce: Táhni preč, nepřistupuj ke mně, nebo světější jsem nežli ty. Tiť jsou dymem v chřípích mých a ohněm hořícím přes celý den.
6 “Gade byen, li ekri devan Mwen: Mwen p ap rete an silans, men Mwen va bay rekonpans; Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,
Aj, zapsáno jest to přede mnou: Nebuduť mlčeti, nýbrž nahradím a odplatím do lůna jejich,
7 ni pou pwòp inikite pa yo ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a. “Akoz yo te brile lansan sou mòn yo e te moke M sou kolin yo; pou sa, Mwen va mezire zèv yo te fè, jis rive nan lestonmak yo.”
Za nepravosti vaše, a spolu za nepravosti otců vašich, praví Hospodin, kteříž kadívali na horách, a na pahrbcích v lehkost uvodili mne; pročež odměřím za dílo jejich předešlé do lůna jejich.
8 Konsa pale SENYÈ a; “Menm jan divin tounèf twouve nan yon grap rezen, e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’: konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo, pou M pa detwi yo tout.
Takto praví Hospodin: Jako někdo nalezna víno v hroznu, i řekl by: Nekaz ho, proto že požehnání jest v něm, tak i já učiním pro služebníky své, že nevyhladím všech těchto.
9 Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. Menm chwazi pa M yo va eritye l e sèvitè Mwen yo va demere la.
Nebo vyvedu z Jákoba símě, a z Judy toho, kterýž by dědičně obdržel hory mé, i budou ji dědičně držeti vyvolení moji, a služebníci moji bydliti budou tam.
10 Saron va yon peyi ki fè patiraj pou bann mouton yo, e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze, pou pèp Mwen ki chache Mwen an.
Lid pak můj, kteříž by mne hledali, budou míti Sáron za pastviště ovcím, a údolí Achor za odpočivadlo skotům.
11 “Men nou menm ki abandone SENYÈ a, ki bliye mòn sen Mwen an, ki ranje yon tab pou Gran Chans, ki plen tas ak diven mele pou Desten an;
Ale vás, kteříž opouštíte Hospodina, kteříž se zapomínáte na horu svatosti mé, kteříž strojíte vojsku tomu stůl, a kteříž vykonáváte tomu počtu oběti,
12 Mwen va ranje desten nou ak nepe, e nou tout va bese devan masak la. Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn; Mwen te pale, men nou pa t tande. Epi nou te fè mal devan zye M, e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”
Vás, pravím, sečtu pod meč, tak že všickni vy k zabití na kolena padati budete, proto že, když jsem volal, neohlásili jste se, mluvil jsem, a neslyšeli jste, ale činili jste to, což zlého jest před očima mýma, a to, čehož neoblibuji, vyvolili jste.
13 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje, men nou va rete grangou. Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè, men nou va rete swaf. Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi, men nou va twouve gwo wont.
A protož takto dí Panovník Hospodin: Aj, služebníci moji jísti budou, vy pak hlad trpěti budete: aj, služebníci moji píti budou, vy pak žízniti budete; aj, služebníci moji veseliti se budou, vy pak zahanbeni budete.
14 Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.
Aj, služebníci moji prozpěvovati budou pro radost srdce, vy pak křičeti budete pro bolest srdce, a pro setření ducha kvíliti budete,
15 Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.
A zanecháte jména svého k proklínání vyvoleným mým, když vás pomorduje Panovník Hospodin, služebníky pak své nazůve jménem jiným.
16 Paske sila ki beni sou tè a, va beni pa Bondye verite a; epi sila ki sèmante nan tout tè a, va sèmante pa Bondye verite a; paske ansyen twoub yo fin bliye e paske yo kache devan zye M.”
Ten, kterýž bude sobě požehnání dávati na zemi, požehnání dávati sobě bude v Bohu pravém, a kdož přisahati bude na zemi, přisahati bude skrze Boha pravého; v zapomenutí zajisté dána budou ta ssoužení první, a budou skryta od očí mých.
17 Paske gade byen, Mwen va kreye yon syèl tounèf, ak yon tè tounèf; epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò, ni p ap menm antre nan panse.
Nebo aj, já stvořím nebesa nová a zemi novou, a nebudou připomínány první věci, aniž vstoupí na srdce.
18 Men fè kè kontan e rejwi nou jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo; paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans, e pèp li a pou kè kontan.
Anobrž radujte se a veselte se na věky věků z toho, což já stvořím; nebo aj, já stvořím Jeruzalém k plésání, a lid jeho k radosti.
19 Anplis, Mwen va rejwi de Jérusalem. Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an. Epi p ap tande ankò nan li vwa kriye ak son moun k ap kriye.
I já plésati budu v Jeruzalémě, a radovati se v lidu svém, aniž se více bude slýchati v něm hlasu pláče, aneb hlasu křiku.
20 “P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou, ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo; paske jenn yo va mouri nan laj santan e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.
Nebude tam více žádného v věku dětinském, ani starce, kterýž by dnů svých nevyplnil; nebo dítě ve stu letech umře, hříšníku pak, by došel i sta let, zlořečeno bude.
21 Yo va bati kay yo pou yo viv ladann; anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.
Nastavějí též domů, a bydliti budou v nich, i vinice štěpovati budou, a jísti budou ovoce jejich.
22 Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann, yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje. Paske kon lavi a yon pyebwa, se konsa jou a pèp Mwen an va ye, e moun chwazi pa M yo va gen tan rejwi nan pwòp zèv men yo.
Nebudou stavěti tak, aby jiný bydlil, nebudou štěpovati, aby jiný jedl; nebo jako dnové dřeva budou dnové lidu mého, a díla rukou svých do zvetšení užívati budou vyvolení moji.
23 Yo p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè; paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a, e anplis, desandan yo, menm jan.
Nebudouť pracovati nadarmo, aniž ploditi budou k strachu; nebo budou símě požehnaných od Hospodina, i potomkové jejich s nimi.
24 Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
Nadto stane se, že prvé než volati budou, já se ohlásím; ještě mluviti budou, a já vyslyším.
25 Lou ak ti mouton va manje ansanm. Lyon an va manje pay kon bèf. Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an. Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,” di SENYÈ a.
Vlk s beránkem budou se pásti spolu, a lev jako vůl bude jísti plevy, hadu pak za pokrm bude prach. Neuškodíť, aniž zahubí na vší mé hoře svaté, praví Hospodin.

< Ezayi 65 >