< Ezayi 63 >

1 Se kilès sa ki sòti Edom an, avèk vètman Botsra byen kolore a? Kilès sila a, ak abiman majeste Li, k ap mache nan grandè ak fòs li a? “Se Mwen menm ki pale nan ladwati, ki pwisan pou delivre a.”
این کیست که از بصرهٔ ادوم می‌آید؟ این کیست که در لباسی باشکوه و سرخ رنگ، با قدرت و اقتدار گام بر زمین می‌نهد؟ «این منم، خداوند، که نجاتتان را اعلام می‌کنم! این منم که قدرت دارم نجات دهم.»
2 Poukisa abiman Ou wouj e vètman Ou tankou sila k ap mache nan kivèt diven an?
چرا لباس او اینچنین سرخ است؟ مگر او در چرخشت، انگور زیر پای خود فشرده است؟
3 “Mwen te foule nan kivèt diven an sèl, Pami pèp yo, pa t gen moun avè M. Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen, e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an. Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.
خداوند پاسخ می‌دهد: «بله، من به تنهایی انگور را در چرخشت، زیر پا فشردم. کسی نبود به من کمک کند. در غضب خود، دشمنانم را مانند انگور زیر پا له کردم. خون آنان بر لباسم پاشید و تمام لباسم را آلوده کرد.
4 Paske jou vanjans lan te nan kè M; e ane racha a M yo rive.
وقتش رسیده بود که انتقام قوم خود را بگیرم و ایشان را از چنگ دشمنان نجات دهم.
5 Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede; Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen. Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen e kòlè Mwen te fè M kanpe.
نگاه کردم ببینم کسی به کمک من می‌آید، اما با کمال تعجب دیدم کسی نبود. پس، خشم من مرا یاری کرد و من به تنهایی پیروز شدم.
6 Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen; Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen. Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”
با خشم خود قومها را زار و ناتوان کرده، آنها را پایمال نمودم و خونشان را به زمین ریختم.»
7 Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a, ak lwanj SENYÈ a. Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou, ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo, selon labondans konpasyon li, epi selon gran mizerikòd Li.
از لطف و مهربانی خداوند سخن خواهم گفت و به سبب تمام کارهایی که برای ما کرده است او را ستایش خواهم کرد. او با محبت و رحمت بی‌حد خویش قوم اسرائیل را مورد لطف خود قرار داد.
8 Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen, fis ki p ap aji nan manti.” Pou sa, Li te devni Sovè yo.
خداوند فرمود: «بنی‌اسرائیل قوم من هستند و به من خیانت نخواهند کرد.» او نجا‌ت‌دهندۀ ایشان شد
9 Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.
و در تمامی رنجهای ایشان، او نیز رنج کشید، و فرشتۀ حضور وی ایشان را نجات داد. در محبت و رحمت خود ایشان را رهانید. سالهای سال ایشان را بلند کرد و حمل نمود.
10 Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.
اما ایشان نافرمانی کرده، روح قدوس او را محزون ساختند. پس، او نیز دشمن ایشان شد و با آنان جنگید.
11 Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yo ak Moïse e pèp Li. Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè ak bèje a bann mouton Li yo? Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”
آنگاه ایشان گذشته را به یاد آوردند که چگونه موسی قوم خود را از مصر بیرون آورد. پس، فریاد برآورده گفتند: «کجاست آن کسی که بنی‌اسرائیل را به رهبری موسی از میان دریا عبور داد؟ کجاست آن خدایی که روح قدوس خود را به میان قومش فرستاد؟
12 Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la? Ki te divize dlo yo devan yo pou fè pou pwòp tèt Li yon non ki ta dire pou tout tan?
کجاست او که وقتی موسی دست خود را بلند کرد، با قدرت عظیم خود دریا را در برابر قوم اسرائیل شکافت و با این کار خود شهرت جاودانی پیدا کرد؟
13 Ki te mennen yo atravè fon yo tankou cheval nan dezè a, pou yo pa chape tonbe?
چه کسی ایشان را در اعماق دریا رهبری کرد؟ آنان مانند اسبانی اصیل که در بیابان می‌دوند، هرگز نلغزیدند.
14 Tankou bèt ki te desann nan vale yo, Lespri SENYÈ a te bay yo repo. Konsa, Ou te mennen pèp Ou a pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.
آنان مانند گله‌ای بودند که آرام در دره می‌چرند، زیرا روح خداوند به ایشان آرامش داده بود. «بله، تو قوم خود را رهبری کردی، و نام تو برای این کار شهرت یافت.»
15 Gade anba depi nan syèl la e wè soti nan abitasyon sen Ou ki plen ak glwa Ou. Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo? Santiman a kè ou ak konpasyon Ou te vin anpeche de mwen.
ای خداوند از آسمان به ما نگاه کن و از جایگاه باشکوه و مقدّست به ما نظر انداز. کجاست آن محبتی که در حق ما نشان می‌دادی؟ کجاست قدرت و رحمت و دلسوزی تو؟
16 Paske Ou se Papa nou, malgre Abraham pa rekonèt nou, ni Israël pa rekonèt nou. Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou, Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.
تو پدر ما هستی! حتی اگر ابراهیم و یعقوب نیز ما را فراموش کنند، تو ای یهوه، از ازل تا ابد پدر و نجا‌ت‌دهندۀ ما خواهی بود.
17 Poukisa, O SENYÈ, Ou fè nou egare kite chemen Ou yo? E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou? Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.
خداوندا، چرا گذاشتی از راههای تو منحرف شویم؟ چرا دلهایی سخت به ما دادی تا از تو نترسیم؟ به خاطر بندگانت بازگرد! به خاطر قومت بازگرد!
18 Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan; advèsè nou yo te foule li ba nèt.
ما، قوم مقدّس تو، مدت زمانی کوتاه مکان مقدّس تو را در تصرف خود داشتیم، اما اینک دشمنان ما آن را ویران کرده‌اند.
19 Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo, tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.
ای خداوند، چرا با ما طوری رفتار می‌کنی که گویا هرگز قوم تو نبوده‌ایم و تو نیز هرگز رهبر ما نبوده‌ای؟

< Ezayi 63 >