< Ezayi 60 >

1 “Leve, briye; paske limyè ou fin parèt e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.
耶路撒冷啊!起來炫耀罷!因為你的光明已經來到,上主的榮耀已經照耀在你身上。
2 Paske gade byen, tenèb va kouvri latè e pwofon tenèb tout pèp yo. Men SENYÈ a va vin leve sou ou, e glwa li va parèt sou ou.
看啊!黑暗籠罩著大地,陰雲遮蔽著萬民;但上主卻照耀著你,他的榮耀要彰顯在你的身上。
3 Nasyon yo va vin kote limyè ou a, e wa yo nan klète lè ou leve a.
萬民要奔赴你的光明,眾王要投奔你升起的光輝。
4 “Leve zye ou toupatou e gade; yo tout rasanble ansanm; yo vin kote ou. Fis ou yo va vini soti lwen, e fi ou yo va pote nan bra yo.
舉起你的眼向四方觀望罷!他們都聚集來到你這裏:你的眾子要從遠方而來,你的女兒要被抱回來。
5 Epi ou va wè, ou va plen ak limyè; kè ou va kontan e ou va rejwi. Paske abondans lanmè a va vire vè ou; gran richès a nasyon yo va rive kote ou.
那時,你見到這情形,必要喜形於色,你的心靈必要激動而舒暢,因為海洋的珍寶都要歸於你,萬民的財富都要歸你所有。
6 Anpil chamo va kouvri ou, jenn chamo a Madian ak Épha yo. Tout sila soti Séba yo va vini. Yo va pote lò ak lansan, e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.
成群結隊的駱駝,以及米德楊和厄法的獨峰駝要遮蔽你,牠們都是由舍巴滿載黃金和乳香而來,宣揚上主的榮耀。
7 Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou. Belye a Nebajoth yo va sèvi ou; yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an, e Mwen va glorifye kay Mwen an ki plen lonè ak mayifisans.
刻達爾的一切羊群都要聚在你前,乃巴約特的公羊都要供你使用;牠們要登上我的祭壇作為我歡悅的祭品,以光榮我榮耀的處所。
8 “Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo?
那些像雲彩飛來,像鴿子回籠的是誰﹖
9 Anverite, peyi kot yo va tann Mwen; gwo bato Tarsis yo va vini premyèman pou mennen fis ou yo soti lwen; ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a e pou Sila Ki Sen an Israël la, akoz Li te bay ou glwa.
那是為我集合起來的船隻,塔爾史士的船隻為首,從遠處帶來了你的子女,以及他們的金銀;這都是為了上主你的天主的名,為了那光榮你的以色列的聖者的緣故。
10 “Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo, epi wa pa yo va fè sèvis pa yo. Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.
外邦的子民要修建你的城垣,他們的君王要來事奉你,因為我在怒氣中打擊了你,但我在慈悲中又憐憫了你。
11 Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan; yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit, pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo, ak wa yo kon kaptif.
你的門要時常敞開,白天黑夜都不要關閉,好讓萬民的財富,在他們的君王領導下,運到你這裏來。
12 Paske nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri; wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.
因為凡不肯事奉你的民族和國家,必要滅亡,這樣的民族必要完全滅絕。
13 “Glwa a Liban an va rive kote ou, bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan pou anbeli plas sanktyè Mwen an. Mwen va fè plas pye Mwen yo vin plen glwa.
黎巴嫩的光榮要歸於你;柏樹、榆樹和松樹都要聚在一起,裝飾我的聖所,因為我要光榮我立足之地。
14 Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.
曾經欺壓過你者的子孫,要來向你屈服;凡輕視過你的人,都要在你腳前下拜;他們要稱呼你為「上主的城,」「以色列聖者的熙雍。」
15 “Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann, Mwen va fè ou vin plen ak majeste, yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.
我要使你成為萬世的尊榮,萬代的喜悅,以代你從前所受的遺棄、惱恨,與無人經過的痛苦。
16 Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo, e ou va souse tete a wa yo. Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, se Sovè ou e Redanmtè ou, Sila Ki Pwisan a Jacob la.
你要吸萬國的奶,吮眾王的乳房,這樣你將知道我,上主,是你的拯救者,你的救主,雅各伯的強有力者。
17 Olye bwonz, Mwen va pote lò; olye fè, Mwen va pote ajan; olye bwa, Mwen va pote bwonz e olye wòch, Mwen va pote fè. Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou e ladwati kon konseye ou.
我要以金子來代替黃銅,以銀子代替鐵,以黃銅代替木頭,以鐵代替石頭;我要立「和平」為你的官長,立「正義」為你的政要。
18 Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou, ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou; men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.
在你的地域裏再聽不到強暴的事情;你要稱你的城垣為「救恩,」你的城門為「讚揚。」
19 Ou p ap sèvi solèy la pou limyè lajounen ankò, ni klate lalin a nan pou ba ou limyè; men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl e Bondye ou kon glwa ou.
太陽不再是你白天的光明,月亮也不再照耀你,上主要作你永久的光明,你的天主要作你的光輝。
20 Solèy ou p ap bese ankò, ni lalin nan p ap febli; paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.
你的太陽再不降落,你的月亮再不虧缺,因為上主要作你永久的光明,你悲哀的日子已經終結。
21 Epi tout moun ou yo va dwat, Yo va posede peyi a jis pou tout tan; branch ke M te plante a, zèv a men M yo, pou M kapab resevwa glwa.
你的人民都要成為義人,要永遠繼承地業,因為他們是我所栽植的嫩芽,是我手中的工程,使我得到榮耀。
22 Pi piti a va devni yon gran pèp e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan. Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”
渺小的要成為千人村,微弱的要成為強大的民族:我是上主,我要在定期中迅速完成此事。

< Ezayi 60 >