< Ezayi 59 >
1 Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout pou l pa ka sove; ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.
Behold, the Lord's hand is not too short to save; neither his ear too heavy for hearing;
2 Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, e se peche nou yo ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.
But your iniquities have ever made a separation between you and your God, and your sins have caused him to hide his face from you, so that he would not hear.
3 Paske men nou souye ak san vèse, e dwèt nou ak inikite. Lèv nou fin pale sa ki fo, e lang nou plenyen mechanste.
For your hands are defiled with blood, and your fingers with iniquity: your lips have spoken falsehood, your tongue uttereth deception.
4 Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.
No one admonisheth with righteousness, and no one executeth justice in truth; men trust in naught, and speak lies; they have conceived mischief, and bring forth wickedness.
5 Yo kale ze koulèv yo, e trese fil arenye yo. Sila ki manje ze yo va mouri; e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.
Basilisk's eggs do they hatch, and spider's webs do they weave: he that eateth of their eggs must die, and if one be crushed, a viper will break forth.
6 Fil pa yo p ap fè rad; ni zèv yo p ap ka kouvri yo. Zèv pa yo se zèv inikite, e se zak vyolans ki rete nan men yo.
Their webs cannot serve for garments, and they cannot clothe themselves with their works: their works are works of wickedness, and the deed of violence is in their hands.
7 Pye pa yo kouri vè mal, e yo fè vit pou vèse san inosan an. Panse pa yo se panse inikite, e destriksyon ak dega sou chemen yo.
Their feet run to what is evil, and they make haste to shed innocent blood: their thoughts are thoughts of wickedness; wasting and destruction are on their highways.
8 Yo pa konnen chemen lapè, e nanpwen jistis nan yo. Yo te fè wout kwochi; nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.
The way of peace they know not; and there is no justice on their tracks: their paths they have made unto themselves crooked; whosoever walketh therein knoweth not peace.
9 Akoz sa, lajistis rete lwen nou, e ladwati pa fin rive sou nou. Nou espere jwenn limyè pou klere nou, men nou mache nan fènwa.
Therefore is justice far from us, nor will happiness overtake us: we ever hope for light, but behold there is darkness; for brightness, but in obscurity must we walk.
10 Nou tatonnen akote mi an tankou moun avèg. Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo. Nou kilbite a midi konsi se nan aswè. Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.
We grope like the blind on the wall, and as if we had no eyes do we grope: we stumble at noonday as in the twilight; we are in complete darkness like the dead.
11 Epi nou tout gwonde tankou lous, e plenyen ak tristès kon toutrèl. Nou espere lajistis, men nanpwen; pou delivrans, men li lwen nou.
We growl all of us like bears, and like doves do we moan sorely; we ever hope for justice, but there is none; for aid, but it is far from us.
12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou, e peche nou yo temwaye kont nou. Paske transgresyon nou yo rete avèk nou e nou konnen inikite nou yo:
For our transgressions are numerous in thy presence, and our sins testify against us; for of our transgressions are we aware; and our iniquities—we know them;
13 Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a. Nou vire kite Bondye nou an, ak pawòl opresyon ak rebèl. Nan kè a, nou fòmante e fè vin parèt pawòl manti.
We transgressed and denied the Lord, and departed away from our God; we spoke oppression and revolt, conceived and brought forth in our heart words of falsehood.
14 Lajistis vin detounen e ladwati vin kanpe byen lwen. Paske verite a fin glise tonbe nan lari e ladwati p ap ka antre.
And justice is forced to turn backward, and righteousness standeth afar off; for truth stumbled in the street, and equity is not able to enter.
15 Wi, verite a manke; epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la, fin fè pwòp tèt li yon viktim. Alò, SENYÈ a te wè e sa pa t fè plezi devan zye L, ke pa t gen jistis.
And thus is the truth missing; and he that departeth from evil is regarded as foolish: and the Lord saw it, and it was displeasing in his eyes that there was no justice.
16 Li te wè ke pa t gen pèsòn, e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede. Akoz sa a, pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li, e ladwati Li te bay Li soutyen.
And he saw that there was no man, and wondered that there was no intercessor; therefore his arm brought him aid, and his righteousness, —yea, this sustained him.
17 Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak, e ak kas sali a sou tèt Li. Li te mete vètman vanjans kon abiman, e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.
And he put on righteousness as a coat of mail, and [placed] the helmet of salvation upon his head; and he put on the garments of vengeance as raiment, and wrapped himself with zeal as with a cloak.
18 Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo: jijman ak kòlè a advèsè Li yo, rekonpans a lènmi Li yo; a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.
According to the demerits, so will he repay [all], fury to his adversaries, recompense to his enemies; to the islands will he repay what they have merited.
19 Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès e glwa Li soti kote solèy leve a; paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid. Se van SENYÈ a kap pouse l.
And they shall fear from the west the name of the Lord, and from the rising of the sun his glory; for there shall come distress like the stream which the Spirit of the Lord urgeth forward.
20 “Yon Redanmtè va vini nan Sion, e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.
But unto Zion shall come the redeemer, and unto those who return from transgression in Jacob, saith the Lord.
21 “Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”
And as for me, this is my covenant with them, saith the Lord, My spirit that is upon thee, and my words which I have put in thy mouth, shall not depart out of thy mouth, nor out of the mouth of thy children, nor out of the mouth of thy children's children, saith the Lord, from henceforth and unto all eternity.