< Ezayi 56 >

1 Konsa pale SENYÈ a: “Konsève sa ki jis e fè sa ki dwat, paske sali Mwen an prèt pou rive e ladwati Mwen va vin revele.
So spricht der HERR: Haltet das Recht und tut Gerechtigkeit; denn mein Heil ist nahe, daß es komme, und meine Gerechtigkeit, daß sie offenbart werde.
2 A la beni nonm ki fè sa a beni, e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm; ki pa janm derespekte Saba a, e ki anpeche men l fè mal la.”
Wohl dem Menschen, der solches tut, und dem Menschenkind, der es festhält, daß er den Sabbat halte und nicht entheilige und halte seine Hand, daß er kein Arges tue!
3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di: “Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.” Ni pa kite enik lan di: “Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
Und der Fremde, der zum HERRN sich getan hat, soll nicht sagen: Der HERR wird mich scheiden von seinem Volk; und der Verschnittene soll nicht sagen: Siehe, ich bin ein dürrer Baum.
4 Paske konsa pale SENYÈ a: “A enik yo ki kenbe Saba Mwen yo, ki chwazi sa ki fè M plezi, e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,
Denn so spricht der HERR von den Verschnittenen, welche meine Sabbate halten und erwählen, was mir wohl gefällt, und meinen Bund fest fassen:
5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; anndan miray Mwen yo, yon memoryal e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo. Mwen va bay yo yon non k ap dire nèt jis pou letènite, ki p ap janm disparèt.”
Ich will ihnen in meinem Hause und in meinen Mauern einen Ort und einen Namen geben, besser denn Söhne und Töchter; einen ewigen Namen will ich ihnen geben, der nicht vergehen soll.
6 “Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a, pou sèvi Li, pou renmen non a SENYÈ a, pou vin sèvitè Li, yo tout ki pa derespekte Saba a, e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;
Und die Fremden, die sich zum HERR getan haben, daß sie ihm dienen und seinen Namen lieben, auf daß sie seine Knechte seien, ein jeglicher, der den Sabbat hält, daß er ihn nicht entweihe, und meinen Bund festhält,
7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an, e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an. Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an; paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”
die will ich zu meinem heiligen Berge bringen und will sie erfreuen in meinem Bethause, und ihre Opfer und Brandopfer sollen mir angenehm sein auf meinem Altar; denn mein Haus wird heißen ein Bethaus allen Völkern.
8 Senyè BONDYE a, ki rasanble dispèse a Israël yo, deklare: “Mwen va rasanble lòt yo anvè yo, lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”
Der Herr HERR, der die Verstoßenen aus Israel sammelt, spricht: Ich will noch mehr zu dem Haufen derer, die versammelt sind, sammeln.
9 Nou tout, bèt a chan yo, vin manje, ak tout bèt a forè yo.
Alle Tiere auf dem Felde, kommet, und fresset, ja alle Tiere im Walde!
10 Gadyen Li yo avèg. Tout nan yo san konprann. Se chen bèbè ki pa ka jape; moun k ap kouche fè rèv, ki renmen somèy.
Alle ihre Wächter sind blind, sie wissen nichts; stumme Hunde sind sie, die nicht strafen können, sind faul, liegen und schlafen gerne.
11 Wi, chen yo voras. Yo pa janm jwenn asi. Se bèje yo ye san konprann. Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo, yo chak nan ranmase byen de tout katye.
Es sind aber gierige Hunde, die nimmer satt werden können. Sie, die Hirten wissen keinen Verstand; ein jeglicher sieht auf seinen Weg, ein jeglicher geizt für sich in seinem Stande.
12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven; annou bwè anpil bwason fò. Epi demen na p fè menm jan ak jodi a! Plis menm!”
“Kommt her, laßt uns Wein holen und uns vollsaufen, und soll morgen sein wie heute und noch viel mehr.”

< Ezayi 56 >